26 | GEN 1:26 | Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. |
36 | GEN 2:5 | pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè. |
42 | GEN 2:11 | Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. |
52 | GEN 2:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. |
53 | GEN 2:22 | Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li. |
54 | GEN 2:23 | Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti. |
73 | GEN 3:17 | Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. |
76 | GEN 3:20 | Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a. |
77 | GEN 3:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo. |
78 | GEN 3:22 | Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan. |
79 | GEN 3:23 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. |
80 | GEN 3:24 | Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a. |
81 | GEN 4:1 | Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. |
82 | GEN 4:2 | Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. |
84 | GEN 4:4 | Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. |
88 | GEN 4:8 | Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li. |
89 | GEN 4:9 | Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'? |
90 | GEN 4:10 | Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. |
96 | GEN 4:16 | Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a. |
97 | GEN 4:17 | Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan. |
99 | GEN 4:19 | Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila. |
100 | GEN 4:20 | Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt. |
103 | GEN 4:23 | Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
107 | GEN 5:1 | Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. |
109 | GEN 5:3 | Adan te gen santrantan (0130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. |
110 | GEN 5:4 | Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
111 | GEN 5:5 | Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (0930 an). |
113 | GEN 5:7 | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
116 | GEN 5:10 | Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
119 | GEN 5:13 | Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
122 | GEN 5:16 | Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
125 | GEN 5:19 | Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
128 | GEN 5:22 | Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
132 | GEN 5:26 | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
136 | GEN 5:30 | Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (0595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
161 | GEN 7:1 | Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. |
184 | GEN 7:24 | Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (0150) jou. |
188 | GEN 8:4 | Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. |
192 | GEN 8:8 | Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a. |
194 | GEN 8:10 | Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an. |
234 | GEN 9:28 | Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan (0350 an). |
236 | GEN 10:1 | Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. |
238 | GEN 10:3 | Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama. |
242 | GEN 10:7 | Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. |
245 | GEN 10:10 | Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. |
246 | GEN 10:11 | Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. |
248 | GEN 10:13 | Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou, |
250 | GEN 10:15 | Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. |
251 | GEN 10:16 | Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, |
252 | GEN 10:17 | Evi, Aka, Seni, |
253 | GEN 10:18 | Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye. |
254 | GEN 10:19 | Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. |
257 | GEN 10:22 | Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram. |
258 | GEN 10:23 | Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach. |
259 | GEN 10:24 | Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè. |
261 | GEN 10:26 | Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak, |
262 | GEN 10:27 | Adoram, Ouzal, Dikla, |
263 | GEN 10:28 | Obal, Abimayèl, Seba, |
264 | GEN 10:29 | Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye. |
267 | GEN 10:32 | tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo. |
269 | GEN 11:2 | Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. |
270 | GEN 11:3 | Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. |
271 | GEN 11:4 | Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. |
277 | GEN 11:10 | Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. |
278 | GEN 11:11 | Apre sa, li viv senksanzan (0500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
279 | GEN 11:12 | Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. |
280 | GEN 11:13 | Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
282 | GEN 11:15 | Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
284 | GEN 11:17 | Apre sa, li viv katsantrantan (0430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
286 | GEN 11:19 | Apre sa, li viv desannevan (0209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
288 | GEN 11:21 | Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
290 | GEN 11:23 | Apre sa, li viv desanzan (0200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
292 | GEN 11:25 | Apre sa, li viv sandiznevan (0119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
293 | GEN 11:26 | Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. |
294 | GEN 11:27 | Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. |
295 | GEN 11:28 | Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. |
296 | GEN 11:29 | Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. |
298 | GEN 11:31 | Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. |
300 | GEN 12:1 | Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la. |