2 | GEN 1:2 | Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. |
4 | GEN 1:4 | Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. |
6 | GEN 1:6 | Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. |
7 | GEN 1:7 | Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase. |
9 | GEN 1:9 | Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. |
14 | GEN 1:14 | Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. |
16 | GEN 1:16 | Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. |
18 | GEN 1:18 | pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
20 | GEN 1:20 | Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. |
24 | GEN 1:24 | Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. |
26 | GEN 1:26 | Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. |
27 | GEN 1:27 | Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. |
36 | GEN 2:5 | pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè. |
39 | GEN 2:8 | Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. |
40 | GEN 2:9 | Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. |
42 | GEN 2:11 | Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. |
43 | GEN 2:12 | Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. |
45 | GEN 2:14 | Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. |
47 | GEN 2:16 | Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. |
49 | GEN 2:18 | Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'. |
52 | GEN 2:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. |
53 | GEN 2:22 | Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li. |
71 | GEN 3:15 | Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'. |
73 | GEN 3:17 | Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. |
75 | GEN 3:19 | Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. |
79 | GEN 3:23 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. |
80 | GEN 3:24 | Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a. |
82 | GEN 4:2 | Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. |
83 | GEN 4:3 | Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. |
84 | GEN 4:4 | Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. |
87 | GEN 4:7 | Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. |
90 | GEN 4:10 | Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. |
93 | GEN 4:13 | Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'. |
94 | GEN 4:14 | Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'. |
96 | GEN 4:16 | Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a. |
97 | GEN 4:17 | Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan. |
98 | GEN 4:18 | Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk. |
99 | GEN 4:19 | Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila. |
102 | GEN 4:22 | Zila menm bò pa l' te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama. |
103 | GEN 4:23 | Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
106 | GEN 4:26 | Sèt, pou tèt pa l', vin gen yon pitit gason, li rele l' Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a. |
107 | GEN 5:1 | Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. |
110 | GEN 5:4 | Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
112 | GEN 5:6 | Sèt te gen sansenkan (0105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. |
113 | GEN 5:7 | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
115 | GEN 5:9 | Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. |
116 | GEN 5:10 | Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
117 | GEN 5:11 | Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (0905 an). |
119 | GEN 5:13 | Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
122 | GEN 5:16 | Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
124 | GEN 5:18 | Jerèd te gen sanswanndezan (0162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. |
125 | GEN 5:19 | Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
127 | GEN 5:21 | Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. |
128 | GEN 5:22 | Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
130 | GEN 5:24 | Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. |
132 | GEN 5:26 | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
136 | GEN 5:30 | Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (0595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
140 | GEN 6:2 | Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo. |
141 | GEN 6:3 | Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv. |
142 | GEN 6:4 | Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo. |
143 | GEN 6:5 | Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. |
149 | GEN 6:11 | Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. |
151 | GEN 6:13 | Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. |
152 | GEN 6:14 | Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon. |
154 | GEN 6:16 | W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo. |
159 | GEN 6:21 | Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou. |
160 | GEN 6:22 | Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè. |
164 | GEN 7:4 | Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè. |
165 | GEN 7:5 | Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a. |
169 | GEN 7:9 | yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la. |
176 | GEN 7:16 | Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. |
178 | GEN 7:18 | Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. |
179 | GEN 7:19 | Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. |
180 | GEN 7:20 | Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. |
183 | GEN 7:23 | Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. |
188 | GEN 8:4 | Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. |
189 | GEN 8:5 | Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt. |