9590 | 2KI 3:10 | Joram, wa peyi Izrayèl la, di: —Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la. |
9593 | 2KI 3:13 | Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la. |
9616 | 2KI 4:9 | Yon lè, madanm lan di mari l': —Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye. |
9621 | 2KI 4:14 | Elize mande Gerazi: —Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: —Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun! |
9626 | 2KI 4:19 | li rete konsa, li di papa l': —Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: —Pote ti gason an bay manman l'. |
10055 | 2KI 18:27 | Men, chèf gad palè a di yo an ebre: —An! Nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Yo menm tou yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou! |