60 | GEN 3:4 | Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” |
93 | GEN 4:13 | Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! |
94 | GEN 4:14 | Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” |
416 | GEN 17:18 | Epi Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!” |
450 | GEN 18:25 | “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” |
457 | GEN 18:32 | Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.” |
475 | GEN 19:17 | Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a; sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.” |
476 | GEN 19:18 | Men Lot de di yo: “O non, mèt mwen yo! |
549 | GEN 22:1 | Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv, Li te di li: “Abraham!” Epi li te di: “Men mwen”. |
555 | GEN 22:7 | Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?” |
559 | GEN 22:11 | Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Epi li te di: “Men mwen isit la.” |
598 | GEN 24:6 | Epi Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la! |
623 | GEN 24:31 | Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?” |
702 | GEN 26:9 | Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” |
713 | GEN 26:20 | Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. |
771 | GEN 27:43 | Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban! |
791 | GEN 28:17 | Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.” |
821 | GEN 29:25 | Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?” |
842 | GEN 30:11 | Epi Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad. |
844 | GEN 30:13 | Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser. |
920 | GEN 31:46 | Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo, yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la. |
1103 | GEN 37:19 | Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini! |
1104 | GEN 37:20 | Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!” |
1117 | GEN 37:33 | Epi li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li; Joseph vrèman gen tan chire an mòso!” |
1149 | GEN 38:29 | Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, (ke) frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Epi li te nonmen li Pérets. |
1162 | GEN 39:12 | Li Madanm nan te kenbe li nan vètman li, e te di: “Kouche avè m!” Epi li te kite vètman li nan men l, e li te sove ale deyò. |
1239 | GEN 41:43 | Li te fè l monte nan dezyèm cha li a; epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!”: Epi li te mete li sou tout peyi Égypte la. |
1268 | GEN 42:15 | Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! |
1362 | GEN 45:3 | Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te twouble akoz prezans li. |
1446 | GEN 47:25 | Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.” |
1472 | GEN 48:20 | Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’” |
1584 | EXO 3:4 | Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.” |
1594 | EXO 3:14 | Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’” |
1638 | EXO 5:5 | Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!” |
1649 | EXO 5:16 | Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.” |
1786 | EXO 10:8 | Alò, yo te mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon, e li te di yo: “Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?” |
1788 | EXO 10:10 | Alò li te di yo: “Konsa vrèman ke SENYÈ a avèk nou, si janmen mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou. |
1789 | EXO 10:11 | Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, paske se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te chase yo ale kite prezans Farawon. |
1806 | EXO 10:28 | Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.” |
1807 | EXO 10:29 | Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!” |
1903 | EXO 14:13 | Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a; paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. |
2035 | EXO 19:8 | Tout pèp la te reponn ansanm, e yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a. |
2123 | EXO 22:8 | Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo; epi sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an. |
2181 | EXO 24:3 | Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa, e te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” |
2447 | EXO 32:8 | Yo vit vire kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’” |
2465 | EXO 32:26 | Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li. |
2471 | EXO 32:32 | Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!” |
2492 | EXO 33:18 | Epi Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!” |
2494 | EXO 33:20 | Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M e viv!” |
2994 | LEV 10:16 | Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar, e li te di: |
4024 | NUM 10:35 | Epi li te vin rive ke lè lach la te pati ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Epi kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.” |
4038 | NUM 11:13 | Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m e di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ |
4043 | NUM 11:18 | “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. |
4054 | NUM 11:29 | Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” |
4071 | NUM 12:11 | Alò, Aaron te di a Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. |
4072 | NUM 12:12 | O Pa kite Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!” |
4073 | NUM 12:13 | Moïse te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!” |
4111 | NUM 14:2 | Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron; epi tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a! |
4202 | NUM 16:7 | epi mete dife ladann, poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Nonm nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!” |
4210 | NUM 16:15 | Alò Moïse te vin byen fache, e te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.” |
4229 | NUM 16:34 | Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!” |
4241 | NUM 17:11 | Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann, mete lansan an sou li; pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo, paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a; gwo epidemi an kòmanse!” |
4257 | NUM 17:27 | Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! |
4315 | NUM 20:3 | Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! |
4358 | NUM 21:17 | Epi Israël te chante chan sila a: “Vin bwote o pwi! Chante a li! |
4368 | NUM 21:27 | Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: “Vini Hesbon! Kite li bati! Konsa kite vil a Sihon an fin etabli. |
4370 | NUM 21:29 | Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon. |
4405 | NUM 22:29 | Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.” |
4414 | NUM 22:38 | Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.” |
4424 | NUM 23:7 | Li te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, Wa Moab ki soti nan mòn Lès yo; ‘Vin modi Jacob pou mwen. Epi vin denonse Israël!’ |
4428 | NUM 23:11 | Epi Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!” |
4435 | NUM 23:18 | Alò, li te pran diskou li e te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande; ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor! |
4440 | NUM 23:23 | Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a! |
4442 | NUM 23:25 | Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!” |
4452 | NUM 24:5 | Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël! |
4457 | NUM 24:10 | Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam, li frape men l ansanm; epi Balak te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! |
4964 | DEU 2:24 | “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou; kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. |
5003 | DEU 3:26 | “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen; epi SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a. |
5092 | DEU 6:4 | “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou, SENYÈ a se youn! |
5160 | DEU 9:1 | “Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre ladann peyi a e pou deplase nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo, gran vil byen fòtifye jis rive nan syèl yo, |
5596 | DEU 27:9 | Epi Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël, e te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an. |
5680 | DEU 28:67 | “Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke nou va wè. |
5681 | DEU 28:68 | “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl; men p ap gen moun pou achte nou.” |
5763 | DEU 32:3 | Paske, mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an! |
5764 | DEU 32:4 | Wòch la! Zèv Li yo pafè; Paske, tout chemen li yo jis; Yon Bondye fidèl e san enjistis, Dwat e jis ke Li ye. |
5789 | DEU 32:29 | Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, Ke yo te konprann avni yo! |
5798 | DEU 32:38 | Kilès ki te manje grès a sakrifis pa yo a, E ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou, Kite yo fè kote pou nou kache! |
5839 | DEU 33:27 | Bondye etènèl la se yon kote pou moun kache; pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan; epi Li te chase lènmi an devan nou; epi Li te di: ‘Detwi!’ |
5841 | DEU 33:29 | Beni ou ye, O Israël; kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a e ki se nepe a majeste ou! Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.” |
5862 | JOS 1:9 | “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete; paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.” |
5961 | JOS 6:10 | Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!” |
5967 | JOS 6:16 | Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la. |
5985 | JOS 7:7 | Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an! |
5988 | JOS 7:10 | Epi SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou? |
5991 | JOS 7:13 | “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen; paske konsa, SENYÈ a, Bondye a Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’” |
6091 | JOS 10:25 | Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj; paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.” |
6450 | JOS 22:22 | Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a! Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a! Li menm ki konnen e Li menm ki kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a! |
6615 | JDG 4:14 | Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. |
6619 | JDG 4:18 | Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan e li te kouvri li avèk yon tapi. |
6627 | JDG 5:2 | “Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon; beni SENYÈ a! |