3 | GEN 1:3 | Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. |
6 | GEN 1:6 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. |
9 | GEN 1:9 | Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt. |
14 | GEN 1:14 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; |
20 | GEN 1:20 | Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” |
24 | GEN 1:24 | Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. |
26 | GEN 1:26 | Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. |
29 | GEN 1:29 | Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; |
36 | GEN 2:5 | Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. |
38 | GEN 2:7 | Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a, Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan. |
41 | GEN 2:10 | Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. |
45 | GEN 2:14 | Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate. |
46 | GEN 2:15 | Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li. |
49 | GEN 2:18 | Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”. |
52 | GEN 2:21 | Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li. |
57 | GEN 3:1 | Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’” |
65 | GEN 3:9 | Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?” |
69 | GEN 3:13 | Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.” |
70 | GEN 3:14 | SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. |
72 | GEN 3:16 | A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.” |
73 | GEN 3:17 | Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. |
75 | GEN 3:19 | Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.” |
76 | GEN 3:20 | Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo. |
77 | GEN 3:21 | SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. |
78 | GEN 3:22 | Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” |
80 | GEN 3:24 | Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a. |
81 | GEN 4:1 | Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” |
82 | GEN 4:2 | Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a. |
84 | GEN 4:4 | Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la; |
85 | GEN 4:5 | men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba. |
86 | GEN 4:6 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? |
88 | GEN 4:8 | Cain te di frè l la, Abel, an ale nan chan. Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li. |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
91 | GEN 4:11 | Koulye a ou modi soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. |
95 | GEN 4:15 | Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. |
98 | GEN 4:18 | Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec. |
99 | GEN 4:19 | Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. |
100 | GEN 4:20 | Ada te bay nesans a Jabal; li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo e ki te okipe bèt yo. |
103 | GEN 4:23 | Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m. |
105 | GEN 4:25 | Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”. |
107 | GEN 5:1 | Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye. |
108 | GEN 5:2 | Li te kreye yo mal avèk femèl, Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a. |
109 | GEN 5:3 | Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l, li te rele li Seth. |
110 | GEN 5:4 | Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. |
111 | GEN 5:5 | Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane, e li te vin mouri. |
113 | GEN 5:7 | Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis k fi. |
117 | GEN 5:11 | Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri. |
120 | GEN 5:14 | Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te vin mouri. |
123 | GEN 5:17 | Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri. |
125 | GEN 5:19 | Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. |
128 | GEN 5:22 | Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin apa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. |
132 | GEN 5:26 | Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. |
135 | GEN 5:29 | Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.” |
136 | GEN 5:30 | Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. |
139 | GEN 6:1 | Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, |
141 | GEN 6:3 | Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.” |
143 | GEN 6:5 | Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. |
149 | GEN 6:11 | Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans. |
151 | GEN 6:13 | Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. |
161 | GEN 7:1 | Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. |
166 | GEN 7:6 | Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè. |
188 | GEN 8:4 | Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. |
190 | GEN 8:6 | Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, ke Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a; |
193 | GEN 8:9 | men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te mete men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm. |
196 | GEN 8:12 | Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou, li te revoye toutrèl la; men li pa t retounen vè li ankò. |
197 | GEN 8:13 | Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Epi Noé te retire kouvèti lach la, li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch. |
199 | GEN 8:15 | Alò, Bondye te pale avèk Noé, e te di: |
202 | GEN 8:18 | Alò, Noé te sòti, e fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo te avèk li. |
211 | GEN 9:5 | Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm. |
214 | GEN 9:8 | Alò, Bondye te pale avèk Noé avèk fis li yo avè l, e te di: |
224 | GEN 9:18 | Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan. |
226 | GEN 9:20 | Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a e li te plante yon chan rezen. |
235 | GEN 9:29 | Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te vin mouri. |
236 | GEN 10:1 | Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la. |
238 | GEN 10:3 | Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma. |
245 | GEN 10:10 | Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. |
246 | GEN 10:11 | De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, |
247 | GEN 10:12 | Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la. |
248 | GEN 10:13 | Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. |
249 | GEN 10:14 | Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim. |
251 | GEN 10:16 | Epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo. |
252 | GEN 10:17 | Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo. |
253 | GEN 10:18 | Avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou. |
254 | GEN 10:19 | Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha. |
257 | GEN 10:22 | Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram. |
258 | GEN 10:23 | Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch. |
259 | GEN 10:24 | Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber. |
261 | GEN 10:26 | Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, |
263 | GEN 10:28 | Obal, Abimaël, Séba, |
265 | GEN 10:30 | Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la. |