Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   C    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

44  GEN 2:13  Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
81  GEN 4:1  Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
82  GEN 4:2  Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
83  GEN 4:3  Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
85  GEN 4:5  men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
86  GEN 4:6  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
88  GEN 4:8  Cain te di frè l la, Abel, an ale nan chan. Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?”
93  GEN 4:13  Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
96  GEN 4:16  Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
97  GEN 4:17  Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
102  GEN 4:22  Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
104  GEN 4:24  Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
105  GEN 4:25  Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”.
138  GEN 5:32  Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
148  GEN 6:10  Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.
173  GEN 7:13  O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
203  GEN 8:19  Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè te sòti nan lach la selon espès pa yo.
209  GEN 9:3  Chak bagay ki fè mouvman, e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou; Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
224  GEN 9:18  Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan.
228  GEN 9:22  Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
231  GEN 9:25  Konsa li te di: “Se pou Canaan modi; se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
232  GEN 9:26  Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li.
233  GEN 9:27  Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.”
236  GEN 10:1  Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la.
241  GEN 10:6  Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
242  GEN 10:7  Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
243  GEN 10:8  Cush te fè osi Nimrod; li te kòmanse vin pwisan sou latè.
245  GEN 10:10  Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.
246  GEN 10:11  De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach,
247  GEN 10:12  Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la.
249  GEN 10:14  Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
250  GEN 10:15  Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;
253  GEN 10:18  Avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
254  GEN 10:19  Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
255  GEN 10:20  Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo.
298  GEN 11:31  Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li; epi yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an; epi yo te ale jis rive Haran, e yo te vin rete la.
304  GEN 12:5  Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, epi yo te pati pou peyi Canaan an; konsa yo te vin rive Canaan.
331  GEN 13:12  Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
352  GEN 14:15  Li te divize ekip li a kont yo nan lannwit, li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.
385  GEN 16:3  Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
406  GEN 17:8  “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan; epi Mwen va Bondye pa yo.”
574  GEN 23:2  Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an; epi Abraham te ale ladann pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
771  GEN 27:43  Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
775  GEN 28:1  Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.”
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
782  GEN 28:8  Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac;
784  GEN 28:10  Epi Jacob te pati Beer-Schéba e te ale vè Charan.
800  GEN 29:4  Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Epi yo te di: “Nou sòti nan Charan.”
864  GEN 30:33  Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.”
892  GEN 31:18  Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo; bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
979  GEN 33:18  Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram, e li te vin kanpe pandan nwit lan devan vil la.
1018  GEN 35:6  Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo.
1043  GEN 36:2  Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
1046  GEN 36:5  Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
1047  GEN 36:6  Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
1085  GEN 37:1  Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
1125  GEN 38:5  Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla; epi li te nan Czib lè li te fè li.
1172  GEN 39:22  Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an; jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab.
1173  GEN 39:23  Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph paske SENYÈ a te avèk li; epi nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.
1258  GEN 42:5  Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
1260  GEN 42:7  Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Epi li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
1266  GEN 42:13  Men yo te di: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”
1282  GEN 42:29  Lè yo te rive a papa yo, Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo, e yo te di:
1285  GEN 42:32  Nou se douz frè, fis a papa nou; youn nan nou p ap viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
1333  GEN 44:8  Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la?
1376  GEN 45:17  Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo; Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan.
1384  GEN 45:25  Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
1393  GEN 46:6  Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo ansanm;
1396  GEN 46:9  Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.
1399  GEN 46:12  Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach; men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
1418  GEN 46:31  Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen.
1422  GEN 47:1  Epi Joseph te antre, li te pale ak Farawon, e te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an; epi gade byen, yo nan peyi Gosen.”
1425  GEN 47:4  Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”
1434  GEN 47:13  Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.
1435  GEN 47:14  Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon.
1436  GEN 47:15  Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.”
1455  GEN 48:3  Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen,
1459  GEN 48:7  Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”
1504  GEN 49:30  nan kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.
1512  GEN 50:5  Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri; nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
1520  GEN 50:13  paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an, yo te antere li nan kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.
1555  EXO 1:22  Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di:Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
1646  EXO 5:13  Chèf Kòve yo te peze yo rèd, e te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.”
1660  EXO 6:4  Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje.
1670  EXO 6:14  Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.
1671  EXO 6:15  Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
1762  EXO 9:19  Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
1922  EXO 15:1  Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a, e te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. Cheval la avèk moun ki monte l la Li te voye yo nan lanmè.
1925  EXO 15:4  Cha Farawon yo avèk lame l lan Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.
1936  EXO 15:15  Epi chèf Édom yo vin sezi; Gèrye nan Moab yo pran tranble; Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt
1942  EXO 15:21  Marie te reponn yo:Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo; Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”