44 | GEN 2:13 | Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. |
92 | GEN 4:12 | Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò; ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.” |
158 | GEN 6:20 | “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. |
179 | GEN 7:19 | Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri. |
180 | GEN 7:20 | Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri. |
184 | GEN 7:24 | Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou. |
189 | GEN 8:5 | Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a; nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib. |
239 | GEN 10:4 | Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim. |
240 | GEN 10:5 | Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo. |
242 | GEN 10:7 | Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan. |
246 | GEN 10:11 | De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, |
262 | GEN 10:27 | Hadoram, Uzal, Dikla, |
351 | GEN 14:14 | Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. |
352 | GEN 14:15 | Li te divize ekip li a kont yo nan lannwit, li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la. |
363 | GEN 15:2 | Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” |
369 | GEN 15:8 | Li te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?” |
458 | GEN 18:33 | Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li. |
521 | GEN 21:7 | Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Deja, m ba li yon fis nan vyeyès li.” |
662 | GEN 25:3 | Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. |
673 | GEN 25:14 | Mischma, Duma, Massa, |
713 | GEN 26:20 | Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. |
788 | GEN 28:14 | Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid; epi nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni. |
811 | GEN 29:15 | Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?” |
837 | GEN 30:6 | Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon, Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan. |
852 | GEN 30:21 | Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina. |
940 | GEN 32:12 | Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo. |
943 | GEN 32:15 | De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal, |
982 | GEN 34:1 | Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a. |
984 | GEN 34:3 | Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la, li te renmen fi a e li te pale ak dousè avè l. |
986 | GEN 34:5 | Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a; men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an, alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre. |
992 | GEN 34:11 | Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou; konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m. |
994 | GEN 34:13 | Men fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a. |
1006 | GEN 34:25 | Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo, yo te vini nan vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo. |
1007 | GEN 34:26 | Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem avèk lam file a nepe yo, yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale. |
1020 | GEN 35:8 | Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a). |
1037 | GEN 35:25 | fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; |
1062 | GEN 36:21 | epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an. |
1066 | GEN 36:25 | Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a. |
1067 | GEN 36:26 | Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran. |
1069 | GEN 36:28 | Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran. |
1071 | GEN 36:30 | chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo. |
1073 | GEN 36:32 | Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba. |
1101 | GEN 37:17 | Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la; paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan. |
1181 | GEN 40:8 | Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa pou Bondye? Di m istwa sa a, souple.” |
1328 | GEN 44:3 | Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo. |
1402 | GEN 46:15 | Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa. |
1410 | GEN 46:23 | Fis a Dan yo: Huschim. |
1490 | GEN 49:16 | Dan va jije pèp li kòm youn nan tribi Israël yo. |
1491 | GEN 49:17 | Dan va yon sèpan ki nan wout, yon koulèv avèk kòn nan chemen k ap mòde talon a cheval la, pou fè chevalye li tonbe an aryè. |
1499 | GEN 49:25 | Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a. |
1509 | GEN 50:2 | Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël. |
1537 | EXO 1:4 | Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. |
1656 | EXO 5:23 | Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a, e Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.” |
1705 | EXO 7:19 | Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san; epi va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’” |
1720 | EXO 8:5 | Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.” |
1721 | EXO 8:6 | Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, |
1734 | EXO 8:19 | Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.” |
1748 | EXO 9:5 | SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.” |
1772 | EXO 9:29 | Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a, tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a. |
1892 | EXO 14:2 | “Di fis Israël yo pou yo vire fè bak, e fè kan devan Pi-Hahiroth antre Migdol ak lanmè a; nou va fè kan devan Baal-Tsephon, anfas li, bò kote lanmè a. |
1905 | EXO 14:15 | Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen? Di pèp la avanse. |
1918 | EXO 14:28 | Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo; pa t menm gen youn nan yo ki te rete. |
1929 | EXO 15:8 | Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil; Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a |
1932 | EXO 15:11 | Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ, Kilès ki tankou Ou, majeste nan sentete, Dign pou krent ak lwanj; Ou k ap fè mèvèy yo |
1971 | EXO 16:23 | Alò, li te di yo: “Men sa ke SENYÈ a te vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’” |
1993 | EXO 17:9 | Epi Moïse te di a Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk baton a Bondye a nan men m.” |
1999 | EXO 17:15 | Moïse te bati yon lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” |
2016 | EXO 18:16 | Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.” |
2252 | EXO 26:16 | Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch. |
2427 | EXO 31:6 | “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo: |
2444 | EXO 32:5 | Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li; epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” |
2446 | EXO 32:7 | Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi. |
2479 | EXO 33:5 | Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’” |
2507 | EXO 34:10 | Alò, Bondye te di: “Gade byen, Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo; epi tout pèp pami sila nou ap viv yo va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a. |
2511 | EXO 34:14 | —Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, avèk yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou. |
2520 | EXO 34:23 | Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la. |
2566 | EXO 35:34 | “Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. |
2588 | EXO 36:21 | Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch. |
2657 | EXO 38:23 | Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan. |
2841 | LEV 5:10 | Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone. |
2862 | LEV 6:5 | Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten; epi li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo. |
2863 | LEV 6:6 | Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen. |
2894 | LEV 7:14 | De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a; li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo. |
2959 | LEV 9:5 | Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a, e tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a. |
2962 | LEV 9:8 | Donk, Aaron te vin toupre lotèl la e li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan. |
2983 | LEV 10:5 | Donk, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an. |
2994 | LEV 10:16 | Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar, e li te di: |
3204 | LEV 16:2 | SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la anwo twòn pwopiyatwa a. |
3372 | LEV 22:2 | Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo; pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a. |
3373 | LEV 22:3 | “Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de kado sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a, pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a. |
3450 | LEV 24:3 | Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan; sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo. |
3458 | LEV 24:11 | Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan. |
3475 | LEV 25:5 | Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo; tè a va gen yon ane Saba. |
3617 | NUM 1:12 | pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï; |
3619 | NUM 1:14 | pou Gad: Éliasapah, fis a Déuel; |
3643 | NUM 1:38 | Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. |