22 | GEN 1:22 | Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” |
28 | GEN 1:28 | Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. |
58 | GEN 3:2 | Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; |
68 | GEN 3:12 | Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” |
101 | GEN 4:21 | Frè li a te rele Jubal; li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. |
152 | GEN 6:14 | Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè; ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. |
237 | GEN 10:2 | Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras. |
238 | GEN 10:3 | Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma. |
239 | GEN 10:4 | Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim. |
241 | GEN 10:6 | Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan. |
242 | GEN 10:7 | Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan. |
249 | GEN 10:14 | Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim. |
257 | GEN 10:22 | Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram. |
258 | GEN 10:23 | Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch. |
314 | GEN 12:15 | Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon; epi yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an. |
316 | GEN 12:17 | Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan. |
317 | GEN 12:18 | Epi Farawon te rele Abram e te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? |
319 | GEN 12:20 | Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li; epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo. |
326 | GEN 13:7 | Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a. |
381 | GEN 15:20 | Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, |
430 | GEN 18:5 | epi mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.” |
431 | GEN 18:6 | Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.” |
480 | GEN 19:22 | Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar. |
546 | GEN 21:32 | Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba; epi Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo. |
548 | GEN 21:34 | Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou. |
577 | GEN 23:5 | Fis a Heth yo te reponn Abraham e te di l: |
608 | GEN 24:16 | Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte. |
621 | GEN 24:29 | Fi a te gen yon frè ki te rele Laban; epi Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la. |
639 | GEN 24:47 | “Mwen te mande li, e te di: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te di: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a’; epi mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li. |
694 | GEN 26:1 | Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Epi Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo. |
701 | GEN 26:8 | Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. |
707 | GEN 26:14 | Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li. |
708 | GEN 26:15 | Alò, tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè. |
711 | GEN 26:18 | Epi Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan; epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo. |
729 | GEN 27:1 | Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo, e li te di li: “Fis mwen.” Epi li te reponn li: “Men mwen.” |
763 | GEN 27:35 | Epi li te di: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.” |
800 | GEN 29:4 | Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Epi yo te di: “Nou sòti nan Charan.” |
831 | GEN 29:35 | Epi li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi li te vin sispann fè pitit. |
898 | GEN 31:24 | Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan, e Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.” |
917 | GEN 31:43 | Epi Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen, e tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? |
985 | GEN 34:4 | Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor, e li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.” |
1008 | GEN 34:27 | Fis Jacob yo te vini sou mò yo, yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a. |
1011 | GEN 34:30 | Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo; epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.” |
1023 | GEN 35:11 | Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an; Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. |
1052 | GEN 36:11 | Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz. |
1056 | GEN 36:15 | Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz, |
1063 | GEN 36:22 | Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna. |
1088 | GEN 37:4 | Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo, yo te vin rayi li e yo pa t kapab pale avèk li an amitye. |
1095 | GEN 37:11 | Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li. |
1120 | GEN 37:36 | Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la. |
1151 | GEN 39:1 | Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte; epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la. |
1175 | GEN 40:2 | Farawon te vin plen ak kòlè sou ofisye sa yo, chèf ki responsab pote manje a avèk bòs boulanje a. |
1180 | GEN 40:7 | Li te mande ofisye Farawon an sila yo ki te avèk li anprizone nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?” |
1184 | GEN 40:11 | Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.” |
1186 | GEN 40:13 | Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote manje a. |
1187 | GEN 40:14 | Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a. |
1190 | GEN 40:17 | epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon e zwazo yo t ap manje yo nan panyen sou tèt mwen an.” |
1192 | GEN 40:19 | pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou, li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.” |
1193 | GEN 40:20 | Alò, konsa li te rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo. |
1194 | GEN 40:21 | Li te reprann chèf responsab pote manje a nan pozisyon li, e li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon. |
1197 | GEN 41:1 | Alò, li te vin rive ke apre de ane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan. |
1200 | GEN 41:4 | Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi. |
1203 | GEN 41:7 | Tèt mèg yo te valè sèt tèt ki te gra e byen plen yo. Alò, Farawon te vin leve, e gade byen, sa se te yon rèv. |
1204 | GEN 41:8 | Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te di yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon. |
1205 | GEN 41:9 | Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon, e li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon tò ke m genyen. |
1206 | GEN 41:10 | Farawon te byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a. |
1210 | GEN 41:14 | Alò, Farawon te voye rele Joseph, e avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an; epi lè l fin taye bab li, e chanje rad li, li te vini devan Farawon. |
1211 | GEN 41:15 | Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li; epi mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.” |
1212 | GEN 41:16 | Joseph, konsa te reponn Farawon, e te di: “Sa pa nan mwen; Bondye va bay Farawon yon repons favorab.” |
1213 | GEN 41:17 | Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan; |
1221 | GEN 41:25 | Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt. |
1224 | GEN 41:28 | “Se tankou mwen te pale a Farawon: “Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive. |
1228 | GEN 41:32 | Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit. |
1229 | GEN 41:33 | “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la. |
1230 | GEN 41:34 | Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan. |
1231 | GEN 41:35 | Epi kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad. |
1233 | GEN 41:37 | Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo. |
1234 | GEN 41:38 | Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?” |
1235 | GEN 41:39 | Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm. |
1237 | GEN 41:41 | Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou sou tout peyi Égypte la.” |
1238 | GEN 41:42 | Alò, Farawon te retire bag so a nan men li, li te mete li nan men Joseph, e li te abiye ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li. |
1240 | GEN 41:44 | Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.” |
1241 | GEN 41:45 | Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach; epi li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la. |
1242 | GEN 41:46 | Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la. |
1251 | GEN 41:55 | Epi lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò bay Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di a tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.” |
1268 | GEN 42:15 | Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! |
1269 | GEN 42:16 | Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.” |
1271 | GEN 42:18 | Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye: |
1291 | GEN 42:38 | Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou; paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.” |
1343 | GEN 44:18 | Alò, Juda te pwoche li, e te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon. |
1360 | GEN 45:1 | Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo, e li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè li yo. |
1361 | GEN 45:2 | Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l, e lakay Farawon te tande l. |
1367 | GEN 45:8 | “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye; epi Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la. |
1368 | GEN 45:9 | “Fè vit, monte vè papa m e di li: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la; vin desann kote mwen, e pa mize.” |
1375 | GEN 45:16 | Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. |
1376 | GEN 45:17 | Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo; Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. |
1378 | GEN 45:19 | “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. |
1380 | GEN 45:21 | Alò, fis Israël yo te fè sa; epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. |
1392 | GEN 46:5 | Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba, fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, e pitit yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote li yo. |