Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   I    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

98  GEN 4:18  Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
381  GEN 15:20  Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
393  GEN 16:11  Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis; epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.
397  GEN 16:15  Alò, Agar te fè yon fis pou Abram; e Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël.
398  GEN 16:16  Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.
416  GEN 17:18  Epi Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
417  GEN 17:19  Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac; epi Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
418  GEN 17:20  “Epi pou Ismaël, Mwen te tande ou; gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
419  GEN 17:21  “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
421  GEN 17:23  Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèviki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
423  GEN 17:25  Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
424  GEN 17:26  Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël.
517  GEN 21:3  Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac.
518  GEN 21:4  Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou jan Bondye te kòmande li a.
519  GEN 21:5  Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
522  GEN 21:8  Pitit la te grandi e li te vin sevre; Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
524  GEN 21:10  Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a, paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
526  GEN 21:12  Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an; nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
550  GEN 22:2  Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
551  GEN 22:3  Epi Abraham te leve granmmaten, li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvili yo avè l, avèk Isaac, fis li a; epi yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
554  GEN 22:6  Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a, li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
555  GEN 22:7  Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
557  GEN 22:9  Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a; epi Abraham te bati yon lotèl la, li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.
596  GEN 24:4  Men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
606  GEN 24:14  Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’:, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’ lese li se sila ke Ou te chwazi pou sèviou a, Isaac; epi konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
654  GEN 24:62  Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
655  GEN 24:63  Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè, li te leve zye li pou gade, e gade, chamo yo t ap vini.
656  GEN 24:64  Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
658  GEN 24:66  Sèvia te di Isaac tout sa ke li te fè.
659  GEN 24:67  Epi Isaac te mennen li nan tant li, li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
664  GEN 25:5  Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;
668  GEN 25:9  Epi fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,
670  GEN 25:11  Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac; epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
671  GEN 25:12  Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;
672  GEN 25:13  epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam,
675  GEN 25:16  Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo.
676  GEN 25:17  Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane; epi li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
678  GEN 25:19  Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
679  GEN 25:20  Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
680  GEN 25:21  Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril; epi SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
685  GEN 25:26  Apre frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü, e pou sa yo te rele li Jacob; epi Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
687  GEN 25:28  Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
694  GEN 26:1  Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Epi Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.
699  GEN 26:6  Konsa, Isaac te viv Guérar.
701  GEN 26:8  Li te rive li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.
702  GEN 26:9  Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
705  GEN 26:12  Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Epi Senyè a te beni li.
709  GEN 26:16  Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou twò fò pou nou.”
710  GEN 26:17  Epi Isaac te pati la, li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la.
711  GEN 26:18  Epi Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan; epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
712  GEN 26:19  Men lè sèviIsaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen,
713  GEN 26:20  Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
718  GEN 26:25  Epi li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, te monte tant li la; epi la sèviIsaac yo te fouye yon pwi.
720  GEN 26:27  Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e pouse mwen lwen nou?”
724  GEN 26:31  Nan maten, yo te leve bonè, e yo te sèmante a youn lòt; epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
725  GEN 26:32  Epi li te vin rive nan menm jou a, ke sèviIsaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye, e yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
728  GEN 26:35  Yo te mennen traka pou Isaac avèk Rebecca.
729  GEN 27:1  Alò, li te vin rive Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo, e li te di li: “Fis mwen.” Epi li te reponn li: “Men mwen.”
730  GEN 27:2  Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye, e mwen pa konnen jou ke m ap mouri an.
733  GEN 27:5  Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay.
748  GEN 27:20  Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
749  GEN 27:21  Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
754  GEN 27:26  Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.”
758  GEN 27:30  Epi li te rive Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, ke Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
760  GEN 27:32  Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?”: Epi li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
761  GEN 27:33  Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”
765  GEN 27:37  Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
767  GEN 27:39  Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li: “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la.
774  GEN 27:46  Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo; si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”
775  GEN 28:1  Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.”
779  GEN 28:5  Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
782  GEN 28:8  Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac;
783  GEN 28:9  epi Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
787  GEN 28:13  Epi SENYÈ a te kanpe anwo li, e te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.
892  GEN 31:18  Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo; bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
927  GEN 31:53  Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.
938  GEN 32:10  Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, o SENYÈ ki te di mwen an: ‘Retounen nan peyi ou e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere.’
957  GEN 32:29  Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
961  GEN 32:33  Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.
981  GEN 33:20  Alò, la li te monte yon lotèl e li te rele li El-Elohé-Israël.
988  GEN 34:7  Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a; epi mesye yo te blese, e yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
1022  GEN 35:10  Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
1024  GEN 35:12  Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, e a desandan apre ou yo.”
1033  GEN 35:21  Epi Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.
1034  GEN 35:22  Epi li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
1035  GEN 35:23  fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
1039  GEN 35:27  Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
1040  GEN 35:28  Alò, jou Isaac yo te san-katre-ven ane.
1041  GEN 35:29  Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
1044  GEN 36:3  Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la.
1072  GEN 36:31  Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
1084  GEN 36:43  chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.
1087  GEN 37:3  Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
1097  GEN 37:13  Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen voye ou bò kote yo.” Epi li te di li: “Mwen va ale”.
1109  GEN 37:25  Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.
1111  GEN 37:27  Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
1112  GEN 37:28  Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
1151  GEN 39:1  Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte; epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.