94 | GEN 4:14 | Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” |
100 | GEN 4:20 | Ada te bay nesans a Jabal; li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo e ki te okipe bèt yo. |
101 | GEN 4:21 | Frè li a te rele Jubal; li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. |
121 | GEN 5:15 | Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. |
122 | GEN 5:16 | Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. |
124 | GEN 5:18 | Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc. |
125 | GEN 5:19 | Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. |
126 | GEN 5:20 | Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri. |
133 | GEN 5:27 | Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri. |
138 | GEN 5:32 | Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet. |
142 | GEN 6:4 | Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te vin ak pitit fi a lòm yo, yo te fè pitit pou yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo. |
148 | GEN 6:10 | Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet. |
173 | GEN 7:13 | O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, |
224 | GEN 9:18 | Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan. |
229 | GEN 9:23 | Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo; epi figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li. |
233 | GEN 9:27 | Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.” |
236 | GEN 10:1 | Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la. |
237 | GEN 10:2 | Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras. |
239 | GEN 10:4 | Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim. |
251 | GEN 10:16 | Epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo. |
256 | GEN 10:21 | Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. |
260 | GEN 10:25 | Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan. |
261 | GEN 10:26 | Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, |
264 | GEN 10:29 | Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. |
296 | GEN 11:29 | Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï; e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. |
299 | GEN 11:32 | Jou a Térach yo te de-san-senk ane; epi Térach te vin mouri Haran. |
329 | GEN 13:10 | Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. |
330 | GEN 13:11 | Epi Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt. |
382 | GEN 15:21 | Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.” |
450 | GEN 18:25 | “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” |
489 | GEN 19:31 | Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a. |
492 | GEN 19:34 | Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m; annou fè li bwè diven aswè a tou; epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an pa papa nou.” |
493 | GEN 19:35 | Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l; epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a. |
496 | GEN 19:38 | Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi; li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a. |
562 | GEN 22:14 | Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré Bondye va fè pwovizyon, jan yo di jis jounen jodi a, “Nan mòn SENYÈ a, li va fè pwovizyon.” |
570 | GEN 22:22 | epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” |
661 | GEN 25:2 | Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. |
662 | GEN 25:3 | Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. |
674 | GEN 25:15 | Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma. |
685 | GEN 25:26 | Apre frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü, e pou sa yo te rele li Jacob; epi Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo. |
686 | GEN 25:27 | Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan, men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant. |
687 | GEN 25:28 | Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob. |
688 | GEN 25:29 | Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil; |
689 | GEN 25:30 | epi Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom. |
690 | GEN 25:31 | Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.” |
692 | GEN 25:33 | Epi Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen;” epi li te sèmante ba li, e li te vann dwa nesans li an bay Jacob. |
693 | GEN 25:34 | Epi Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa; li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an. |
727 | GEN 26:34 | Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. |
734 | GEN 27:6 | Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü, e li te di: |
739 | GEN 27:11 | Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa. |
743 | GEN 27:15 | Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a. |
745 | GEN 27:17 | Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a. |
747 | GEN 27:19 | Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a; mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.” |
749 | GEN 27:21 | Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.” |
750 | GEN 27:22 | Epi Jacob te pwoche papa li, li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”: |
758 | GEN 27:30 | Epi li te rive lè Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, ke Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas. |
764 | GEN 27:36 | Epi li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?” |
769 | GEN 27:41 | Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li; epi Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.” |
770 | GEN 27:42 | Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou. |
774 | GEN 27:46 | Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo; si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?” |
775 | GEN 28:1 | Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” |
779 | GEN 28:5 | Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü. |
780 | GEN 28:6 | Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,” |
781 | GEN 28:7 | epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram. |
784 | GEN 28:10 | Epi Jacob te pati Beer-Schéba e te ale vè Charan. |
790 | GEN 28:16 | Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” |
792 | GEN 28:18 | Epi Jacob te leve bonè nan maten, li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, li te etabli li tankou yon pilye, e li te vide lwil sou tèt li pilye a. |
794 | GEN 28:20 | Epi Jacob te fè yon sèman, e li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete, |
797 | GEN 29:1 | Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo. |
800 | GEN 29:4 | Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Epi yo te di: “Nou sòti nan Charan.” |
806 | GEN 29:10 | Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche, li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan. |
807 | GEN 29:11 | Epi Jacob te bo Rachel, li te leve vwa li, e li te kriye. |
808 | GEN 29:12 | Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca, li te kouri di papa l sa. |
809 | GEN 29:13 | Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, li Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo. |
811 | GEN 29:15 | Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?” |
814 | GEN 29:18 | Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.” |
816 | GEN 29:20 | Epi Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, e yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li. |
817 | GEN 29:21 | Epi Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.” |
819 | GEN 29:23 | Epi nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote li Jacob; epi Jacob te antre an relasyon avèk li. |
824 | GEN 29:28 | Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li. |
826 | GEN 29:30 | Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane. |
831 | GEN 29:35 | Epi li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi li te vin sispann fè pitit. |
832 | GEN 30:1 | Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou de sè li a; epi li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.” |
833 | GEN 30:2 | Epi chalè Jacob te brile kont Rachel, e li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?” |
836 | GEN 30:5 | Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob. |
838 | GEN 30:7 | Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis. |
840 | GEN 30:9 | Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm. |
841 | GEN 30:10 | Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob. |
843 | GEN 30:12 | Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis. |
847 | GEN 30:16 | Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li, e li te di: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan. |
848 | GEN 30:17 | Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob. |
850 | GEN 30:19 | Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob. |
855 | GEN 30:24 | Li te rele li Joseph, e li te di: “Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.” |