Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   L    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

2  GEN 1:2  Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
27  GEN 1:27  Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
31  GEN 1:31  Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
33  GEN 2:2  Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
34  GEN 2:3  Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo.
38  GEN 2:7  Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a, Li te respire souf lavi l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
39  GEN 2:8  Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden; e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
43  GEN 2:12  Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
46  GEN 2:15  Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
50  GEN 2:19  Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.
51  GEN 2:20  Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
53  GEN 2:22  Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
54  GEN 2:23  Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz ke li te retire nan lòm.
57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
62  GEN 3:6  Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
66  GEN 3:10  Li te di: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
67  GEN 3:11  Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
68  GEN 3:12  Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”
71  GEN 3:15  Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
72  GEN 3:16  A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
73  GEN 3:17  Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
77  GEN 3:21  SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
80  GEN 3:24  Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
85  GEN 4:5  men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
90  GEN 4:10  Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.
97  GEN 4:17  Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
98  GEN 4:18  Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
99  GEN 4:19  Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
104  GEN 4:24  Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
107  GEN 5:1  Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
108  GEN 5:2  Li te kreye yo mal avèk femèl, Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
109  GEN 5:3  Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l, li te rele li Seth.
110  GEN 5:4  Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
131  GEN 5:25  Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
132  GEN 5:26  Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
134  GEN 5:28  Lémec te viv san-katre-ven-de ane e li te vin papa a yon fis.
136  GEN 5:30  Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
137  GEN 5:31  Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
141  GEN 6:3  Alò SENYÈ a te di:Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
144  GEN 6:6  Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L.
151  GEN 6:13  Alò, Bondye te di a Noé:Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
170  GEN 7:10  Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
172  GEN 7:12  Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
183  GEN 7:23  Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e sel Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
205  GEN 8:21  SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
207  GEN 9:1  Epi Bondye te beni Noé avèk fis li yo, e Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
208  GEN 9:2  Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la; avèk tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout plase nan men nou.
212  GEN 9:6  “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.
220  GEN 9:14  Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la,
222  GEN 9:16  Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
227  GEN 9:21  Li te bwè diven, e li te vin sou; konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
230  GEN 9:24  Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la.
232  GEN 9:26  Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li.
244  GEN 10:9  Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
248  GEN 10:13  Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim.
254  GEN 10:19  Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
257  GEN 10:22  Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
294  GEN 11:27  Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
298  GEN 11:31  Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï,lfi li, madanm a Abram, fis li; epi yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an; epi yo te ale jis rive Haran, e yo te vin rete la.
303  GEN 12:4  Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la; e Lot te ale avè l. Epi Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
304  GEN 12:5  Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, epi yo te pati pou peyi Canaan an; konsa yo te vin rive Canaan.
313  GEN 12:14  Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byenl.
318  GEN 12:19  Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
320  GEN 13:1  Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
322  GEN 13:3  Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an antre Béthel avèk Ai,
324  GEN 13:5  Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
326  GEN 13:7  Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
327  GEN 13:8  Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w paske se frè nou ye.
329  GEN 13:10  Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
330  GEN 13:11  Epi Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
331  GEN 13:12  Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
333  GEN 13:14  SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès;
336  GEN 13:17  Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
338  GEN 14:1  Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan,
340  GEN 14:3  Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di Lanmè l la).
349  GEN 14:12  Osi yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.
351  GEN 14:14  Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan.
352  GEN 14:15  Li te divize ekip li a kont yo nan lannwit, li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.
353  GEN 14:16  Li te mennen retounen tout byen yo, e osi li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.
356  GEN 14:19  Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.
357  GEN 14:20  Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Li te bay li yon dim nan tout bagay.
366  GEN 15:5  Epi li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
368  GEN 15:7  Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
369  GEN 15:8  Li te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
378  GEN 15:17  Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon fou k ap fè lafimen avèk yon flanbo ki te pase antre mòso sa yo.
386  GEN 16:4  Li te al jwenn Agar, li te vin ansent; epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.
390  GEN 16:8  Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
394  GEN 16:12  Li va yon nonm tankou bourik mawon; men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li; epi li va viv kote lès a tout frè li yo.”