1 | GEN 1:1 | Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. |
26 | GEN 1:26 | Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. |
33 | GEN 2:2 | Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. |
35 | GEN 2:4 | Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. |
40 | GEN 2:9 | Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la. |
47 | GEN 2:16 | Senyè Bondye a te kòmande lòm nan e te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, |
50 | GEN 2:19 | Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. |
59 | GEN 3:3 | men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.” |
64 | GEN 3:8 | Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. |
70 | GEN 3:14 | SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. |
73 | GEN 3:17 | Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. |
77 | GEN 3:21 | SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. |
78 | GEN 3:22 | Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” |
79 | GEN 3:23 | Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a. |
81 | GEN 4:1 | Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” |
83 | GEN 4:3 | Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a. |
84 | GEN 4:4 | Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la; |
86 | GEN 4:6 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
93 | GEN 4:13 | Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! |
95 | GEN 4:15 | Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. |
96 | GEN 4:16 | Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an. |
102 | GEN 4:22 | Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama. |
106 | GEN 4:26 | Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a. |
107 | GEN 5:1 | Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye. |
135 | GEN 5:29 | Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.” |
136 | GEN 5:30 | Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. |
138 | GEN 5:32 | Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet. |
141 | GEN 6:3 | Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.” |
143 | GEN 6:5 | Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. |
144 | GEN 6:6 | Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L. |
145 | GEN 6:7 | SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.” |
146 | GEN 6:8 | Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a. |
147 | GEN 6:9 | Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a; Noé te mache avèk Bondye. |
148 | GEN 6:10 | Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet. |
151 | GEN 6:13 | Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. |
158 | GEN 6:20 | “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. |
160 | GEN 6:22 | Konsa Noé te fè l; selon tout sa ke Bondye te kòmande li, konsa li te fè l. |
161 | GEN 7:1 | Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. |
165 | GEN 7:5 | Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la. |
166 | GEN 7:6 | Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè. |
167 | GEN 7:7 | Epi Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. |
168 | GEN 7:8 | Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, |
169 | GEN 7:9 | tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a. |
171 | GEN 7:11 | Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. |
173 | GEN 7:13 | O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, |
175 | GEN 7:15 | Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi. |
176 | GEN 7:16 | Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li. |
183 | GEN 7:23 | Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la. |
185 | GEN 8:1 | E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la; epi Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese. |
188 | GEN 8:4 | Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. |
190 | GEN 8:6 | Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, ke Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a; |
195 | GEN 8:11 | Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a. |
197 | GEN 8:13 | Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Epi Noé te retire kouvèti lach la, li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch. |
198 | GEN 8:14 | Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch. |
199 | GEN 8:15 | Alò, Bondye te pale avèk Noé, e te di: |
202 | GEN 8:18 | Alò, Noé te sòti, e fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo te avèk li. |
204 | GEN 8:20 | Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la. |
205 | GEN 8:21 | SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a. |
207 | GEN 9:1 | Epi Bondye te beni Noé avèk fis li yo, e Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. |
212 | GEN 9:6 | “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. |
214 | GEN 9:8 | Alò, Bondye te pale avèk Noé avèk fis li yo avè l, e te di: |
223 | GEN 9:17 | Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.” |
224 | GEN 9:18 | Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan. |
225 | GEN 9:19 | Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple. |
226 | GEN 9:20 | Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a e li te plante yon chan rezen. |
230 | GEN 9:24 | Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la. |
232 | GEN 9:26 | Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li. |
234 | GEN 9:28 | Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la. |
235 | GEN 9:29 | Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te vin mouri. |
236 | GEN 10:1 | Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la. |
243 | GEN 10:8 | Cush te fè osi Nimrod; li te kòmanse vin pwisan sou latè. |
244 | GEN 10:9 | Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”. |
246 | GEN 10:11 | De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, |
247 | GEN 10:12 | Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la. |
248 | GEN 10:13 | Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. |
267 | GEN 10:32 | Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo; epi de sa yo, konsa nasyon yo te separe sou latè apre delij la. |
272 | GEN 11:5 | SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. |
275 | GEN 11:8 | Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la. |
276 | GEN 11:9 | Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a. |
289 | GEN 11:22 | Serug te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Nachor; |
290 | GEN 11:23 | epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi. |
291 | GEN 11:24 | Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; |
292 | GEN 11:25 | epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi. |
293 | GEN 11:26 | Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran. |
294 | GEN 11:27 | Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot. |
296 | GEN 11:29 | Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï; e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. |
300 | GEN 12:1 | Alò, SENYÈ a te di a Abram: “sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou vè yon peyi ke Mwen va montre nou; |
303 | GEN 12:4 | Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la; e Lot te ale avè l. Epi Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran. |
306 | GEN 12:7 | SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a. |