Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   P    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

42  GEN 2:11  Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
52  GEN 2:21  Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li.
55  GEN 2:24  Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
57  GEN 3:1  Alò,pan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di:Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
61  GEN 3:5  Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
63  GEN 3:7  Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
75  GEN 3:19  Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
79  GEN 3:23  Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
86  GEN 4:6  Alò, SENYÈ a te di a Cain:Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
93  GEN 4:13  Cain te di a SENYÈ a:Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li:Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
111  GEN 5:5  Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane, e li te vin mouri.
114  GEN 5:8  Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
126  GEN 5:20  Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
129  GEN 5:23  Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
137  GEN 5:31  Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
159  GEN 6:21  Pou ou menm, pran pou pp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.”
164  GEN 7:4  Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit; epi Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
206  GEN 8:22  Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, e lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
241  GEN 10:6  Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
249  GEN 10:14  Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
260  GEN 10:25  Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan.
275  GEN 11:8  Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la.
276  GEN 11:9  Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
283  GEN 11:16  Héber te viv pandan trant-kat ane, e li te devni papa a Péleg;
284  GEN 11:17  epi Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
285  GEN 11:18  Péleg te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Reu;
286  GEN 11:19  epi Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
315  GEN 12:16  Pou sa li te trete Abram byen pou koz li; epi li te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.
317  GEN 12:18  Epi Farawon te rele Abram e te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou?
318  GEN 12:19  Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
334  GEN 13:15  Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, e a desandan ou yo pou tout tan.
341  GEN 14:4  Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte.
343  GEN 14:6  Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki toupdezè a.
355  GEN 14:18  Epi Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pli Wo a.
356  GEN 14:19  Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.
357  GEN 14:20  Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Li te bay li yon dim nan tout bagay.
359  GEN 14:22  Abram te di a wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,
362  GEN 15:1  Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon, e te di:Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou; rekonpans ou va gran.”
370  GEN 15:9  Alò li te di li:Pote ban mwen yon gazèl twa lane, yon femèl kabrit twa lane, yon mal mouton nan twa lane, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
388  GEN 16:6  Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
392  GEN 16:10  Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
396  GEN 16:14  Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi; gade byen, li la antre Kadès ak Bared.
402  GEN 17:4  Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a; ou va papa a yon gran kantite nasyon.
438  GEN 18:13  Epi SENYÈ a te di Abraham:Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
443  GEN 18:18  Paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni?
444  GEN 18:19  Paske Mwen te chwazi li, pou li kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li pou kenbe chemen SENYÈ a pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham sa ke li te pale de li a.”
471  GEN 19:13  Paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
474  GEN 19:16  Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li; yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.
475  GEN 19:17  Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a; sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”
480  GEN 19:22  Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.
489  GEN 19:31  Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan:Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a.
491  GEN 19:33  Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li; epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
495  GEN 19:37  Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab; li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.
507  GEN 20:11  Abraham te di:Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.
514  GEN 20:18  Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
522  GEN 21:8  Pitit la te grandi e li te vin sevre; Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
526  GEN 21:12  Men Bondye te di a Abraham:Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an; nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
530  GEN 21:16  Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di:Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Epi li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
531  GEN 21:17  Bondye te tande jènjan an t ap kriye; epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la, e li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.
535  GEN 21:21  Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
536  GEN 21:22  Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol te pale avèk Abraham e te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
537  GEN 21:23  Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere a.”
545  GEN 21:31  Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.
546  GEN 21:32  Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba; epi Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.
550  GEN 22:2  Li te di:Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
555  GEN 22:7  Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li:Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
560  GEN 22:12  Li te di:Pa lonje men ou kont jènjan an, e pa fè l anyen; paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou de Mwen an.”
564  GEN 22:16  e li te di:Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
570  GEN 22:22  epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”
623  GEN 24:31  Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
625  GEN 24:33  Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.”: Epi li te di:Pale toujou”.
648  GEN 24:56  Li te reponn yo:Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
679  GEN 25:20  Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
690  GEN 25:31  Men Jacob te di:Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
692  GEN 25:33  Epi Jacob te di:Premyeman, sèmante ban mwen;” epi li te sèmante ba li, e li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
695  GEN 26:2  Senyè a te parèt a li menm e te di:Pa desann an Égypte; rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.
719  GEN 26:26  Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a.
720  GEN 26:27  Isaac te di yo:Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e pouse mwen lwen nou?”
735  GEN 27:7  Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
740  GEN 27:12  Petèt papa m va manyen m, mwen va vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen va rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”
746  GEN 27:18  Epi li te vini kote papa l, e te di:Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
748  GEN 27:20  Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di:Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
753  GEN 27:25  Epi li te di:Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.” Epi li te pote ba li, e li te manje; li te osi pote diven e li te bwè.
768  GEN 27:40  Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li; men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”
771  GEN 27:43  Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
773  GEN 27:45  jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
776  GEN 28:2  “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou; epi de la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.
779  GEN 28:5  Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
781  GEN 28:7  epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.
805  GEN 29:9  Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
821  GEN 29:25  Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
830  GEN 29:34  Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Lévi.
831  GEN 29:35  Epi li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi li te vin sispann pitit.
837  GEN 30:6  Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon, Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.