354 | GEN 14:17 | Apre li te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l Abram nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a). |
355 | GEN 14:18 | Epi Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pli Wo a. |
356 | GEN 14:19 | Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, Mèt Syèl la ak tè a. |
357 | GEN 14:20 | Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Li te bay li yon dim nan tout bagay. |
358 | GEN 14:21 | Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.” |
359 | GEN 14:22 | Abram te di a wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a, |
502 | GEN 20:6 | Epi Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen; se pou sa Mwen pa t kite ou touche li. |
761 | GEN 27:33 | Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.” |
796 | GEN 28:22 | Wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye, e nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.” |
802 | GEN 29:6 | Epi li te di yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te di: “Wi, tout bagay ale byen pou li; men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.” |
1174 | GEN 40:1 | Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou nan manje a wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la. |
1498 | GEN 49:24 | Men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la), |
1797 | EXO 10:19 | Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo e te voye yo nan Lamè Wouj; pa yon sèl krikèt pa t rete nan tout teritwa Égypte la. |
1925 | EXO 15:4 | Cha Farawon yo avèk lame l lan Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj. |
1943 | EXO 15:22 | Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la, e yo te ale nan dezè Schur a; epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a e yo pa t jwenn dlo. |
2176 | EXO 23:31 | “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou. |
2223 | EXO 25:27 | Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la. |
4040 | NUM 11:15 | Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.” |
4134 | NUM 14:25 | Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la. |
4345 | NUM 21:4 | Epi yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an; epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. |
4363 | NUM 21:22 | “Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo; nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.” |
4424 | NUM 23:7 | Li te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, Wa Moab ki soti nan mòn Lès yo; ‘Vin modi Jacob pou mwen. Epi vin denonse Israël!’ |
4454 | NUM 24:7 | Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte. |
4463 | NUM 24:16 | Pòt pawòl a sila ki tande pawòl a Bondye yo e ki gen konesans a Trè Wo a, Ki wè vizyon a Toupwisan an; k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin debouche a. |
4772 | NUM 33:10 | Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj. |
4773 | NUM 33:11 | Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan dezè Tsin nan. |
4934 | DEU 1:40 | Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’ |
4941 | DEU 2:1 | “Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou. |
5214 | DEU 11:4 | epi sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt; |
5764 | DEU 32:4 | Wòch la! Zèv Li yo pafè; Paske, tout chemen li yo jis; Yon Bondye fidèl e san enjistis, Dwat e jis ke Li ye. |
5768 | DEU 32:8 | Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, Lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo. |
5775 | DEU 32:15 | Men Israël te vin gra e te voye pye——ou vin gra, gwo e swa—— Epi li te abandone Bondye ki te fè l la E li te meprize Wòch a delivrans li an. |
5778 | DEU 32:18 | Nou te neglije Wòch ki te fè nou an E nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan. |
5790 | DEU 32:30 | Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, Epi de sèl grenn fè di mil sove ale, Sof ke Wòch pa yo a te vann yo, Epi SENYÈ a te livre yo bay. |
5791 | DEU 32:31 | Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an, Menm lènmi nou yo kapab jije sa. |
5797 | DEU 32:37 | Epi Li va di: ‘Kote dye yo ye, Wòch kote yo te pran refij la? |
5875 | JOS 2:4 | Men fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen; men, mwen pa t konnen kote yo te sòti. |
5881 | JOS 2:10 | Paske, nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt. |
5935 | JOS 4:23 | Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a; |
6084 | JOS 10:18 | Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l, |
6272 | JOS 16:5 | Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. |
6484 | JOS 24:6 | Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, nou te rive bò kote lanmè a; epi Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la. |
6589 | JDG 3:19 | Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati. |
6644 | JDG 5:19 | “Wa yo te vin pou te goumen; Alò, wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac, toupre dlo a Méguiddo yo. Yo pa t pran piyaj an ajan. |
6844 | JDG 11:13 | Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.” |
6847 | JDG 11:16 | Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès. |
7444 | 1SA 10:24 | Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò e te di: “Viv Wa a!” |
7462 | 1SA 11:15 | Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil. |
7624 | 1SA 17:4 | Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous). |
7669 | 1SA 17:49 | David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè. |
7675 | 1SA 17:55 | Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.” |
7676 | 1SA 17:56 | Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.” |
7684 | 1SA 18:6 | Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo e t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. |
7703 | 1SA 18:25 | Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn po grenn ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo |
7757 | 1SA 20:25 | Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid. |
7761 | 1SA 20:29 | paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou; souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.” |
7777 | 1SA 21:3 | David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ |
7841 | 1SA 23:28 | Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a. |
7844 | 1SA 24:3 | Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. |
7850 | 1SA 24:9 | Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. |
7958 | 1SA 28:13 | Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.” |
8115 | 2SA 3:31 | Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. |
8116 | 2SA 3:32 | Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye. |
8117 | 2SA 3:33 | Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? |
8138 | 2SA 5:3 | Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël. |
8176 | 2SA 6:16 | Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l. |
8220 | 2SA 8:8 | Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz. |
8222 | 2SA 8:10 | Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li, paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. |
8223 | 2SA 8:11 | Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: |
8233 | 2SA 9:3 | Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.” |
8235 | 2SA 9:5 | Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. |
8359 | 2SA 13:39 | Wa David te byen vle ale kote Absalom; paske, li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri. |
8364 | 2SA 14:5 | Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” Epi li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye; paske, mari mwen mouri. |
8377 | 2SA 14:18 | Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.” |
8399 | 2SA 15:7 | Alò, li te rive ke nan fen kat ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron. |
8401 | 2SA 15:9 | Wa a te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te leve ale Hébron. |
8409 | 2SA 15:17 | Wa a te sòti e tout pèp la avèk li e yo te rete nan dènye kay la. |
8415 | 2SA 15:23 | Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a. |
8417 | 2SA 15:25 | Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a. |
8419 | 2SA 15:27 | Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a. |
8431 | 2SA 16:2 | Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?” Epi Tsiba te di: “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.” |
8434 | 2SA 16:5 | Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche. |
8435 | 2SA 16:6 | Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li. |
8443 | 2SA 16:14 | Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige e yo te vin rafrechi la. |
8469 | 2SA 17:17 | Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel, yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale di Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la. |
8473 | 2SA 17:21 | Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.” |
8486 | 2SA 18:5 | Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an. |
8499 | 2SA 18:18 | Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a. |
8510 | 2SA 18:29 | Wa a te di: “Èske tout bagay byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Achimaats te reponn: “Lè Joab te voye sèvitè a wa a, sèvitè ou menm nan, mwen te wè yon gwo zen; men, mwen pa t konnen kisa.” |
8514 | 2SA 19:1 | Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!” |
8516 | 2SA 19:3 | Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la; paske, moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.” |
8518 | 2SA 19:5 | Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!” |
8523 | 2SA 19:10 | Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom. |
8525 | 2SA 19:12 | Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li? |
8530 | 2SA 19:17 | Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David. |
8537 | 2SA 19:24 | Wa a te di a Schimeï: “Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm. |
8547 | 2SA 19:34 | Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.” |
8552 | 2SA 19:39 | Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w; epi, nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.” |
8576 | 2SA 20:19 | Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?” |
8578 | 2SA 20:21 | Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.” |