63 | GEN 3:7 | Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye. |
329 | GEN 13:10 | Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. |
342 | GEN 14:5 | Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm. |
372 | GEN 15:11 | Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale. |
393 | GEN 16:11 | Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis; epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. |
661 | GEN 25:2 | Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. |
820 | GEN 29:24 | Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant. |
840 | GEN 30:9 | Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm. |
841 | GEN 30:10 | Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob. |
843 | GEN 30:12 | Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis. |
851 | GEN 30:20 | Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado; koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon. |
1035 | GEN 35:23 | fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, |
1038 | GEN 35:26 | fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram. |
1054 | GEN 36:13 | Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a. |
1058 | GEN 36:17 | Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a. |
1068 | GEN 36:27 | Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan. |
1074 | GEN 36:33 | Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li. |
1086 | GEN 37:2 | Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a apa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li. |
1150 | GEN 38:30 | Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l; epi li te nonmen li Zerah. |
1399 | GEN 46:12 | Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach; men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul. |
1401 | GEN 46:14 | Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel. |
1405 | GEN 46:18 | Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo. |
1468 | GEN 48:16 | Zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac; epi ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.” |
1486 | GEN 49:12 | Zye li fonse akoz diven an, e dan li blanchi akoz lèt la. |
1487 | GEN 49:13 | Zabulon va demere bò lanmè; epi li va yon pwotèj pou gwo bato yo; e akote li va vè Sidon. |
1536 | EXO 1:3 | Isacar, Zabulon, Benjamin, |
1582 | EXO 3:2 | Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa; epi li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt. |
1677 | EXO 6:21 | Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri. |
1909 | EXO 14:19 | Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo. |
3614 | NUM 1:9 | pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon; |
3635 | NUM 1:30 | Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. |
3636 | NUM 1:31 | Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san (57,400). |
3666 | NUM 2:7 | Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Eliab, fis a Hélon an, |
3875 | NUM 7:24 | Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an. |
4005 | NUM 10:16 | epi Eliab, fis a Hélon an, sou lame tribi a fis Zabulon an, |
4080 | NUM 13:4 | Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; |
4086 | NUM 13:10 | pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; |
4353 | NUM 21:12 | Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la. |
4402 | NUM 22:26 | Zanj SENYÈ a te ale pi lwen, e li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch. |
4408 | NUM 22:32 | Zanj SENYÈ a te di a li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen. |
4486 | NUM 25:14 | Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. |
4487 | NUM 25:15 | Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. |
4504 | NUM 26:13 | a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo. |
4511 | NUM 26:20 | Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo. |
4517 | NUM 26:26 | Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo. |
4518 | NUM 26:27 | Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san (60,500). |
4827 | NUM 34:9 | Epi fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou. |
4843 | NUM 34:25 | “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la. |
4895 | DEU 1:1 | Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab. |
4953 | DEU 2:13 | “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la. |
4954 | DEU 2:14 | “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan. |
4960 | DEU 2:20 | “(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim, |
4998 | DEU 3:21 | “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo; konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo. |
5009 | DEU 4:3 | “Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou. |
5210 | DEU 10:22 | Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou; epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo. |
5600 | DEU 27:13 | Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.” |
5764 | DEU 32:4 | Wòch la! Zèv Li yo pafè; Paske, tout chemen li yo jis; Yon Bondye fidèl e san enjistis, Dwat e jis ke Li ye. |
5830 | DEU 33:18 | De Zabulon, li te di: “Rejwi, Zabulon nan zafè nou yo ak Issacar nan tant nou yo, |
5979 | JOS 7:1 | Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo; pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo. |
5995 | JOS 7:17 | Li te apwoche fanmi Juda a, li te pran fanmi Zérarit yo; li te rapwoche fanmi Zérarit la moun pa moun e Zabdi te pran. |
5996 | JOS 7:18 | Li te rapwoche fanmi lakay li, moun pa moun; epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran. |
6002 | JOS 7:24 | Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a. |
6228 | JOS 15:24 | Ziph, Thélem, Bealòth, |
6238 | JOS 15:34 | Zanoach, En-Gannim, Tappuach, Énam, |
6259 | JOS 15:55 | Maon, Carmel, Ziph, Juta, |
6260 | JOS 15:56 | Jizreel, Jokdeam, Zanoach, |
6333 | JOS 19:10 | Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. |
6339 | JOS 19:16 | Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. |
6350 | JOS 19:27 | Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè Cabul, |
6357 | JOS 19:34 | Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès. |
6390 | JOS 21:7 | Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon. |
6417 | JOS 21:34 | A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li. |
6448 | JOS 22:20 | Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’” |
6541 | JDG 1:30 | Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo; konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse. |
6607 | JDG 4:6 | Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan soti nan Kedesh-Nephtali, e li te di li: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. |
6611 | JDG 4:10 | Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. |
6639 | JDG 5:14 | Ephraim nan soti nan Amalek te desann; yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. Soti nan Makir, kòmandan yo te desann e soti nan Zabulon, sila ki voye baton pouvwa yo, |
6643 | JDG 5:18 | Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo nan chan yo. |
6645 | JDG 5:20 | Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera. |
6668 | JDG 6:12 | Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”. |
6676 | JDG 6:20 | Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an, mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè. |
6691 | JDG 6:35 | Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rele ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte rankontre yo. |
6710 | JDG 7:14 | Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm an Israël; Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.” |
6721 | JDG 7:25 | Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb, yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, yo te touye Zeeb pandan yo t ap kouri dèyè Madian; epi yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an. |
6724 | JDG 8:3 | Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men nou; epi kisa mwen te reyisi ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a. |
6726 | JDG 8:5 | Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an; paske, yo fatige e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.” |
6727 | JDG 8:6 | Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?” |
6728 | JDG 8:7 | Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.” |
6731 | JDG 8:10 | Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo; anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske, sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe. |
6733 | JDG 8:12 | Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo pou te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te vin gaye tout lame a. |
6736 | JDG 8:15 | Li te vini a mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’” |
6739 | JDG 8:18 | Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou; yo tout te sanble a fis a yon wa.” |
6742 | JDG 8:21 | Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske, jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran bijou ki te sou kou chamo yo. |
6784 | JDG 9:28 | Epi Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la e se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm? |