Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   s    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

1  GEN 1:1  Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
2  GEN 1:2  Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
4  GEN 1:4  Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
6  GEN 1:6  Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9  GEN 1:9  Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt.
10  GEN 1:10  Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon ess pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon ess pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon ess pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon ess pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14  GEN 1:14  Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
17  GEN 1:17  Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
19  GEN 1:19  Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20  GEN 1:20  Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon ess pa yo, e chak zwazo selon ess pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
23  GEN 1:23  Te gen asak maten, yon senkyèm jou.
24  GEN 1:24  Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre ess pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon ess yo”. Se konsa li te fèt.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon ess yo, ak bèt gade yo dapre ess yo; tout bèt ki trennen atè dapre ess yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26  GEN 1:26  Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo,Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29  GEN 1:29  Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
30  GEN 1:30  Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31  GEN 1:31  Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
32  GEN 2:1  Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo.
33  GEN 2:2  Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
34  GEN 2:3  Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo.
35  GEN 2:4  Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
36  GEN 2:5  Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
37  GEN 2:6  Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.