Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   u    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

2  GEN 1:2  Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14  GEN 1:14  Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
17  GEN 1:17  Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
19  GEN 1:19  Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
23  GEN 1:23  Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26  GEN 1:26  Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29  GEN 1:29  Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
30  GEN 1:30  Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31  GEN 1:31  Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
32  GEN 2:1  Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo.
33  GEN 2:2  Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
34  GEN 2:3  Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo.
35  GEN 2:4  Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
36  GEN 2:5  Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
37  GEN 2:6  Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.
38  GEN 2:7  Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a, Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
41  GEN 2:10  Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
42  GEN 2:11  Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
43  GEN 2:12  Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
44  GEN 2:13  Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
45  GEN 2:14  Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
46  GEN 2:15  Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
47  GEN 2:16  Senyè Bondye a te kòmande lòm nan e te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje,
48  GEN 2:17  men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
49  GEN 2:18  Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
51  GEN 2:20  Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
52  GEN 2:21  Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li.
54  GEN 2:23  Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz ke li te retire nan lòm.
55  GEN 2:24  “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
56  GEN 2:25  Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
58  GEN 3:2  Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo;
59  GEN 3:3  men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
60  GEN 3:4  Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!”
61  GEN 3:5  Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.