1 | GEN 1:1 | Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. |
2 | GEN 1:2 | Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a. |
3 | GEN 1:3 | Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. |
4 | GEN 1:4 | Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. |
5 | GEN 1:5 | Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou. |
6 | GEN 1:6 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. |
7 | GEN 1:7 | Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa. |
8 | GEN 1:8 | Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou. |
9 | GEN 1:9 | Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt. |
10 | GEN 1:10 | Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon. |
11 | GEN 1:11 | Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt. |
12 | GEN 1:12 | Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon. |
13 | GEN 1:13 | Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou. |
14 | GEN 1:14 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; |
15 | GEN 1:15 | ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa. |
16 | GEN 1:16 | Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo. |
17 | GEN 1:17 | Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, |
18 | GEN 1:18 | epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon. |
19 | GEN 1:19 | Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou. |
20 | GEN 1:20 | Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” |
21 | GEN 1:21 | Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon. |
22 | GEN 1:22 | Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” |
23 | GEN 1:23 | Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou. |
24 | GEN 1:24 | Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. |
25 | GEN 1:25 | Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon. |
26 | GEN 1:26 | Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. |
27 | GEN 1:27 | Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. |
28 | GEN 1:28 | Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. |
29 | GEN 1:29 | Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; |
30 | GEN 1:30 | Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. |
31 | GEN 1:31 | Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou. |
32 | GEN 2:1 | Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo. |
33 | GEN 2:2 | Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. |
34 | GEN 2:3 | Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo. |