Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   é    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

97  GEN 4:17  Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
98  GEN 4:18  Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
99  GEN 4:19  Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
104  GEN 4:24  Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
115  GEN 5:9  Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
116  GEN 5:10  Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
118  GEN 5:12  Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
119  GEN 5:13  Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te vin papa Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
120  GEN 5:14  Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te vin mouri.
121  GEN 5:15  Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
122  GEN 5:16  Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
123  GEN 5:17  Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
124  GEN 5:18  Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
125  GEN 5:19  Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
127  GEN 5:21  Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.
128  GEN 5:22  Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin apa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
129  GEN 5:23  Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
130  GEN 5:24  Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
131  GEN 5:25  Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
132  GEN 5:26  Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
133  GEN 5:27  Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
134  GEN 5:28  Lémec te viv san-katre-ven-de ane e li te vin papa a yon fis.
135  GEN 5:29  Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
136  GEN 5:30  Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
137  GEN 5:31  Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
138  GEN 5:32  Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
146  GEN 6:8  Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
147  GEN 6:9  Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a; Noé te mache avèk Bondye.
148  GEN 6:10  Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.
151  GEN 6:13  Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
160  GEN 6:22  Konsa Noé te fè l; selon tout sa ke Bondye te kòmande li, konsa li te fè l.
161  GEN 7:1  Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
165  GEN 7:5  Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
166  GEN 7:6  Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
167  GEN 7:7  Epi Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
169  GEN 7:9  tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
171  GEN 7:11  Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
173  GEN 7:13  O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
175  GEN 7:15  Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
183  GEN 7:23  Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
185  GEN 8:1  E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la; epi Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
190  GEN 8:6  Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, ke Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a;
195  GEN 8:11  Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
197  GEN 8:13  Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Epi Noé te retire kouvèti lach la, li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
199  GEN 8:15  Alò, Bondye te pale avèk Noé, e te di:
202  GEN 8:18  Alò, Noé te sòti, e fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo te avèk li.
204  GEN 8:20  Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
207  GEN 9:1  Epi Bondye te beni Noé avèk fis li yo, e Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
214  GEN 9:8  Alò, Bondye te pale avèk Noé avèk fis li yo avè l, e te di:
223  GEN 9:17  Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
224  GEN 9:18  Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan.
225  GEN 9:19  Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.
226  GEN 9:20  Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a e li te plante yon chan rezen.
230  GEN 9:24  Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la.
234  GEN 9:28  Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la.
235  GEN 9:29  Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te vin mouri.
236  GEN 10:1  Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la.
237  GEN 10:2  Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
242  GEN 10:7  Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
245  GEN 10:10  Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.
247  GEN 10:12  Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la.
254  GEN 10:19  Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
256  GEN 10:21  Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit.
258  GEN 10:23  Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
259  GEN 10:24  Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber.
260  GEN 10:25  Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan.
261  GEN 10:26  Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach,
263  GEN 10:28  Obal, Abimaël, Séba,
265  GEN 10:30  Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la.
267  GEN 10:32  Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo; epi de sa yo, konsa nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
279  GEN 11:12  Arpacschad te viv trant-senk ane, e li te vin papa a Schélach;
280  GEN 11:13  epi Arpacschad te viv kat-san-twa ane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
281  GEN 11:14  Schélach te viv trant ane, e li te vin papa a Héber;
282  GEN 11:15  epi Schélach te viv kat-san-twa ane apre li te vin papa a Héber, li te gen lòt fis ak fi.
283  GEN 11:16  Héber te viv pandan trant-kat ane, e li te devni papa a Péleg;
284  GEN 11:17  epi Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
285  GEN 11:18  Péleg te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Reu;
286  GEN 11:19  epi Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
291  GEN 11:24  Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;
292  GEN 11:25  epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
293  GEN 11:26  Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
294  GEN 11:27  Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
295  GEN 11:28  Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo.
298  GEN 11:31  Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li; epi yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an; epi yo te ale jis rive Haran, e yo te vin rete la.