93 | GEN 4:13 | Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! |
94 | GEN 4:14 | Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” |
450 | GEN 18:25 | “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” |
457 | GEN 18:32 | Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.” |
475 | GEN 19:17 | Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a; sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.” |
476 | GEN 19:18 | Men Lot de di yo: “O non, mèt mwen yo! |
598 | GEN 24:6 | Epi Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la! |
623 | GEN 24:31 | Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?” |
702 | GEN 26:9 | Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” |
771 | GEN 27:43 | Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban! |
791 | GEN 28:17 | Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.” |
821 | GEN 29:25 | Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?” |
844 | GEN 30:13 | Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser. |
1103 | GEN 37:19 | Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini! |
1268 | GEN 42:15 | Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! |
1362 | GEN 45:3 | Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te twouble akoz prezans li. |
1446 | GEN 47:25 | Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.” |
1786 | EXO 10:8 | Alò, yo te mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon, e li te di yo: “Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?” |
1788 | EXO 10:10 | Alò li te di yo: “Konsa vrèman ke SENYÈ a avèk nou, si janmen mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou. |
1789 | EXO 10:11 | Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, paske se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te chase yo ale kite prezans Farawon. |
1806 | EXO 10:28 | Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.” |
1903 | EXO 14:13 | Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a; paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. |
2994 | LEV 10:16 | Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar, e li te di: |
4024 | NUM 10:35 | Epi li te vin rive ke lè lach la te pati ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Epi kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.” |
4043 | NUM 11:18 | “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. |
4071 | NUM 12:11 | Alò, Aaron te di a Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. |
4111 | NUM 14:2 | Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron; epi tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a! |
4210 | NUM 16:15 | Alò Moïse te vin byen fache, e te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.” |
4257 | NUM 17:27 | Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! |
4315 | NUM 20:3 | Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! |
4358 | NUM 21:17 | Epi Israël te chante chan sila a: “Vin bwote o pwi! Chante a li! |
4368 | NUM 21:27 | Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: “Vini Hesbon! Kite li bati! Konsa kite vil a Sihon an fin etabli. |
4370 | NUM 21:29 | Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon. |
4405 | NUM 22:29 | Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.” |
4414 | NUM 22:38 | Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.” |
4435 | NUM 23:18 | Alò, li te pran diskou li e te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande; ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor! |
4440 | NUM 23:23 | Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a! |
4452 | NUM 24:5 | Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël! |
4457 | NUM 24:10 | Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam, li frape men l ansanm; epi Balak te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! |
4964 | DEU 2:24 | “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou; kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. |
5003 | DEU 3:26 | “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen; epi SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a. |
5092 | DEU 6:4 | “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou, SENYÈ a se youn! |
5160 | DEU 9:1 | “Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre ladann peyi a e pou deplase nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo, gran vil byen fòtifye jis rive nan syèl yo, |
5596 | DEU 27:9 | Epi Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël, e te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an. |
5763 | DEU 32:3 | Paske, mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an! |
5764 | DEU 32:4 | Wòch la! Zèv Li yo pafè; Paske, tout chemen li yo jis; Yon Bondye fidèl e san enjistis, Dwat e jis ke Li ye. |
5789 | DEU 32:29 | Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, Ke yo te konprann avni yo! |
5798 | DEU 32:38 | Kilès ki te manje grès a sakrifis pa yo a, E ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou, Kite yo fè kote pou nou kache! |
5841 | DEU 33:29 | Beni ou ye, O Israël; kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a e ki se nepe a majeste ou! Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.” |
5862 | JOS 1:9 | “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete; paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.” |
5985 | JOS 7:7 | Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an! |
5988 | JOS 7:10 | Epi SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou? |
5991 | JOS 7:13 | “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen; paske konsa, SENYÈ a, Bondye a Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’” |
6091 | JOS 10:25 | Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj; paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.” |
6450 | JOS 22:22 | Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a! Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a! Li menm ki konnen e Li menm ki kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a! |
6615 | JDG 4:14 | Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. |
6619 | JDG 4:18 | Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan e li te kouvri li avèk yon tapi. |
6627 | JDG 5:2 | “Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon; beni SENYÈ a! |
6628 | JDG 5:3 | “Tande O wa yo! Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la. |
6634 | JDG 5:9 | Kè m anvè chèf yo an Israël; mesye ki parèt volontèman pami pèp la. Beni SENYÈ a! |
6637 | JDG 5:12 | ‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak e fè sòti kaptif ou yo, O fis Abinoam nan’ |
6648 | JDG 5:23 | ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! Modi pèp ki rete la a nèt; akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont gèrye yo.’ |
6678 | JDG 6:22 | Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.” |
6785 | JDG 9:29 | Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Epi li te di: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!” |
7049 | JDG 19:23 | Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa! |
7159 | RUT 2:8 | Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo. |
7184 | RUT 3:10 | Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. |
7187 | RUT 3:13 | Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.” |
7206 | RUT 4:14 | Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! |
7229 | 1SA 1:15 | Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò; men mwen te debarase nanm mwen devan SENYÈ a. |
7240 | 1SA 1:26 | Li te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. |
7243 | 1SA 2:1 | Alò, Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a, Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, Akoz mwen rejwi nan delivrans Ou. |
7306 | 1SA 4:7 | Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Epi yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. |
7307 | 1SA 4:8 | Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. |
7405 | 1SA 9:12 | Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a, paske pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a. |
7410 | 1SA 9:17 | Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.” |
7417 | 1SA 9:24 | Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Epi Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè chwazi a, akoz mwen te di ou mwen te envite moun yo.” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a. |
7449 | 1SA 11:2 | Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.” |
7465 | 1SA 12:3 | Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.” |
7539 | 1SA 14:29 | Alò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a. |
7540 | 1SA 14:30 | Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske, koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.” |
7555 | 1SA 14:45 | Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri. |
7575 | 1SA 15:13 | Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.” |
7630 | 1SA 17:10 | Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!” |
7725 | 1SA 19:17 | Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Epi Mical te di a Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’” |
7741 | 1SA 20:9 | Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?” |
7744 | 1SA 20:12 | Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa? |
7762 | 1SA 20:30 | Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. |
7797 | 1SA 22:7 | Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn? |
7805 | 1SA 22:15 | Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske, sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.” |
7840 | 1SA 23:27 | Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.” |
7853 | 1SA 24:12 | Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske, akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. |
7860 | 1SA 24:19 | Ou te deklare jodi a byen ke ou te fèm! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. |
7883 | 1SA 25:19 | Li te pale a jennonm pa li yo: “Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal. |
7885 | 1SA 25:21 | Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Epi li te remèt mwen mal pou byen! |
7924 | 1SA 26:16 | Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, fòk ou mouri; paske, ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Epi koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.” |
7930 | 1SA 26:22 | David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l. |
7979 | 1SA 29:9 | Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ |
8044 | 2SA 1:19 | “Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo! |
8050 | 2SA 1:25 | Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la! Jonathan vin touye sou wo plas nou yo. |