1649 | EXO 5:16 | Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.” |
4038 | NUM 11:13 | Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m e di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ |
4424 | NUM 23:7 | Li te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, Wa Moab ki soti nan mòn Lès yo; ‘Vin modi Jacob pou mwen. Epi vin denonse Israël!’ |
5680 | DEU 28:67 | “Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke nou va wè. |
5681 | DEU 28:68 | “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl; men p ap gen moun pou achte nou.” |
5961 | JOS 6:10 | Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!” |
6764 | JDG 9:8 | Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo, e yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’ |
6766 | JDG 9:10 | “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ |
6768 | JDG 9:12 | “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ |
6770 | JDG 9:14 | “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ |
7439 | 1SA 10:19 | Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.” |
7855 | 1SA 24:14 | Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. |
8493 | 2SA 18:12 | Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’ |
8745 | 1KI 1:25 | Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la; epi men vwala, y ap manje bwè devan li; epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’ |
8754 | 1KI 1:34 | Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël; epi soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’ |
8767 | 1KI 1:47 | Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David, e yo te di: ‘Ke Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi wa a te bese sou kabann nan. |
12413 | NEH 6:7 | Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Epi koulye a, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.” |
13373 | JOB 21:14 | Yo di Bondye: ‘Kite nou!’ Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo. |
17889 | ISA 8:12 | “Ou pa dwe di: ‘Se yon konplo!’ Selon tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a, e ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. |
18581 | ISA 43:6 | Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo, |
18629 | ISA 44:26 | Ki te konfime pawòl a sèvitè Li a e te acheve bi a mesaje Li yo. Se Mwen menm ki di de Jérusalem: Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: ‘Yo va bati.’ Epi Mwen va fè leve mazi li yo ankò. |
18967 | ISA 65:1 | “Mwen te lese Mwen menm chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te lese Mwen menm vin twouve pa sila ki pa t ap chache Mwen yo. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen. |
19054 | JER 2:20 | Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a e Mwen te chire kòd mare ou yo; men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye. |
19090 | JER 3:19 | “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen” e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’” |
19175 | JER 6:17 | Epi Mwen te mete gadyen yo sou nou, epi te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ |
19541 | JER 22:18 | Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li: ni ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li: ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ ni ‘Anmwey, pou grandè li!’ |
19578 | JER 23:25 | “Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di, y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’ |
19591 | JER 23:38 | Paske si nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Men akoz nou te sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!’ |
19783 | JER 31:23 | Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kote ladwati a, O mòn sen an!’ |
20063 | JER 42:19 | “SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa. |
20131 | JER 46:17 | Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’ |
20151 | JER 48:2 | Pa genyen lwanj pou Moab ankò; nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, moun fou yo, va vin an silans; nepe va swiv nou. |
20166 | JER 48:17 | Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li; di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’ |
20225 | JER 49:29 | Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’ |
20291 | JER 51:10 | ‘SENYÈ a te mennen revandikasyon nou an; vini e annou rakonte nan Sion zèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’ |
20700 | EZK 9:9 | Epi li te di mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran, peyi a vin plen ak san e vil la plen ak pèvèsyon; paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’ |
21155 | EZK 25:3 | Epi di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, |
21275 | EZK 30:2 | “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’ |
21401 | EZK 34:19 | Pou bann mouton Mwen yo, oblije manje sa ke ou foule ak pye e bwè sa ke ou fè vin sal ak pye ou!’ |
22007 | DAN 7:5 | “Epi vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li; epi konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’ |
22197 | HOS 2:25 | Mwen va simen pou li fi a, a Mwen menm nan tè a. Anplis, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la; Epi Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’” |
22508 | AMO 5:16 | Alò, konsa pale SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a: “Gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, y ap rele: ‘Elas! Elas!’ Yo rele kiltivatè a tou pou fè dèy e yo peye moun ki pou fè lamantasyon. |
22564 | AMO 8:14 | Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a e ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ E ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.” |
22929 | HAG 2:5 | Selon pwomès ke M te fè nou an depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M ap demere pami nou; ‘Pa pè anyen!’ |
23102 | ZEC 11:5 | Sila ki achte yo, va kòche yo e rete san koupabilite; epi sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo. |
23171 | MAL 1:13 | Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ dèzame yo: “epi nou te pote sa ke yo te pran nan vòlè, sa ki te bwate ak sa ki te malad; konsa, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a. |
23547 | MAT 11:19 | Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zak li yo.” |
23636 | MAT 13:28 | “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’ |
24749 | MRK 12:7 | “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’ |
24792 | MRK 13:6 | Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Epi y ap mete nou nan anpil erè. |
25155 | LUK 4:23 | Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’” |
25663 | LUK 15:6 | Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’ |
25666 | LUK 15:9 | Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’ |
25719 | LUK 16:30 | “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’ |
25741 | LUK 17:21 | Ni yo p apdi: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.” |
25743 | LUK 17:23 | Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo. |