60 | GEN 3:4 | Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” |
210 | GEN 9:4 | “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. |
270 | GEN 11:3 | Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye. |
271 | GEN 11:4 | Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la, e annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.” |
310 | GEN 12:11 | Epi li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl; |
327 | GEN 13:8 | Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w paske se frè nou ye. |
356 | GEN 14:19 | Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, Mèt Syèl la ak tè a. |
384 | GEN 16:2 | Epi Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an; petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï. |
417 | GEN 17:19 | Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac; epi Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo. |
435 | GEN 18:10 | Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. |
440 | GEN 18:15 | Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.” |
460 | GEN 19:2 | Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou; pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.” |
465 | GEN 19:7 | epi li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. |
473 | GEN 19:15 | Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot, e te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” |
500 | GEN 20:4 | Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li; epi li te di: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? |
502 | GEN 20:6 | Epi Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen; se pou sa Mwen pa t kite ou touche li. |
507 | GEN 20:11 | Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen. |
555 | GEN 22:7 | Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?” |
559 | GEN 22:11 | Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Epi li te di: “Men mwen isit la.” |
583 | GEN 23:11 | “Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou; fè antèman mò ou a.” |
585 | GEN 23:13 | Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen; mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.” |
594 | GEN 24:2 | Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen. |
609 | GEN 24:17 | Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.” |
610 | GEN 24:18 | Li te di: “Bwè, mèt mwen”; epi byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè. |
634 | GEN 24:42 | “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi; |
635 | GEN 24:43 | Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e a moun mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”, |
689 | GEN 25:30 | epi Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom. |
692 | GEN 25:33 | Epi Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen;” epi li te sèmante ba li, e li te vann dwa nesans li an bay Jacob. |
749 | GEN 27:21 | Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.” |
754 | GEN 27:26 | Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.” |
791 | GEN 28:17 | Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.” |
802 | GEN 29:6 | Epi li te di yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te di: “Wi, tout bagay ale byen pou li; men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.” |
810 | GEN 29:14 | Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Epi li te rete avèk li pandan yon mwa. |
845 | GEN 30:14 | Alò, nan jou a rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.” |
885 | GEN 31:11 | “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob’, epi mwen te di: ‘Men mwen.’ |
958 | GEN 32:30 | Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la. |
971 | GEN 33:10 | Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m. |
976 | GEN 33:15 | Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” |
1090 | GEN 37:6 | Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a; |
1093 | GEN 37:9 | Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo, e li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.” |
1136 | GEN 38:16 | Epi li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi li te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?” |
1145 | GEN 38:25 | Epi se te pandan yo t ap mete li deyò ke li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Epi li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès bagay sign sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?” |
1185 | GEN 40:12 | Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou. |
1229 | GEN 41:33 | “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la. |
1263 | GEN 42:10 | Alò, yo te di li: “Non, mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.” |
1265 | GEN 42:12 | Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.” |
1274 | GEN 42:21 | Epi yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande; pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.” |
1329 | GEN 44:4 | Yo te fenk kite vil la e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo, e lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? |
1355 | GEN 44:30 | “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an, |
1358 | GEN 44:33 | “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen, e kite jènjan an monte avèk frè li yo. |
1363 | GEN 45:4 | Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. E li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la. |
1367 | GEN 45:8 | “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye; epi Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la. |
1389 | GEN 46:2 | Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan, e te di: “Jacob, Jacob.” Epi li te di: “Men mwen isit la.” |
1450 | GEN 47:29 | Lè pou Israël mouri an t ap pwoche; li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, |
1457 | GEN 48:5 | “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m; Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon. |
1532 | GEN 50:25 | Epi Joseph te fè fis Israël yo sèmante, e te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.” |
1569 | EXO 2:14 | Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè, e li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.” |
1575 | EXO 2:20 | Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.” |
1584 | EXO 3:4 | Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.” |
1592 | EXO 3:12 | Epi Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou, e sa va sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.” |
1608 | EXO 4:6 | SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Epi li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj. |
1612 | EXO 4:10 | Epi Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.” |
1615 | EXO 4:13 | Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.” |
1620 | EXO 4:18 | Epi Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a, e li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, e wè si yo toujou vivan.” Epi Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.” |
1638 | EXO 5:5 | Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!” |
1657 | EXO 6:1 | Epi SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon; paske anba gwo presyon li va lage yo, e anba gwo presyon, li va pouse yo sòti nan peyi li a.” |
1802 | EXO 10:24 | Alò Farawon te rele Moïse e te di: “Ale, sèvi SENYÈ a; men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm pitit nou yo kapab ale avèk nou.” |
2227 | EXO 25:31 | “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat; tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. |
2233 | EXO 25:37 | “Alò, ou va fè sèt lap e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an. |
2338 | EXO 29:1 | “Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo, |
2375 | EXO 29:38 | “Alò, se sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete. |
2384 | EXO 30:1 | “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan; ou va fè li avèk bwa akasya. |
2423 | EXO 31:2 | “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. |
2440 | EXO 32:1 | Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.” |
2470 | EXO 32:31 | Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche, e yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm. |
2475 | EXO 33:1 | Alò SENYÈ a te pale a Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’ |
2510 | EXO 34:13 | “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo. |
2713 | EXO 40:5 | “Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an. |
2848 | LEV 5:17 | “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li. |
2986 | LEV 10:8 | “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron e te di: |
3077 | LEV 13:24 | “Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan, |
3082 | LEV 13:29 | “Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab, |
3093 | LEV 13:40 | “Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin chòv; li pwòp. |
3120 | LEV 14:8 | “Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo, li va koupe tout cheve li avèk zilèt, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Konsa apre, li mèt antre nan kan an men li va rete deyò tant li an pandan sèt jou. |
3122 | LEV 14:10 | “Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj 1 nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon boutèy demi lit lwil, |
3124 | LEV 14:12 | “Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo, li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. |
3155 | LEV 14:43 | “Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la, |
3158 | LEV 14:46 | “Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin pa pwòp pou jis rive nan aswè. |
3160 | LEV 14:48 | “Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò. |
3236 | LEV 16:34 | “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt. |
3505 | LEV 25:35 | “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen, kòm etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab viv avèk nou. |
3517 | LEV 25:47 | “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje, |
3534 | LEV 26:9 | “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi, Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou. |
3610 | NUM 1:5 | “Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur; |
3705 | NUM 3:12 | “Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M. |
3815 | NUM 5:22 | epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Epi fanm nan va di: “Amen, Amen.” |
3952 | NUM 8:12 | “Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo; epi ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè pou Levit yo. |
3968 | NUM 9:2 | “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki chwazi pou li a. |
3974 | NUM 9:8 | Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.” |
3999 | NUM 10:10 | “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt chwazi nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo; epi yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.” |