4244 | NUM 17:14 | Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo. |
4553 | NUM 26:62 | Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo. |
4704 | NUM 31:38 | bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72); |
4705 | NUM 31:39 | bourik yo te trant-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61); |
4706 | NUM 31:40 | moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun. |