Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word.    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

1  GEN 1:1  Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
2  GEN 1:2  Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3  GEN 1:3  Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
4  GEN 1:4  Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9  GEN 1:9  Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt.
10  GEN 1:10  Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
19  GEN 1:19  Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
23  GEN 1:23  Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24  GEN 1:24  Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
27  GEN 1:27  Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
30  GEN 1:30  Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31  GEN 1:31  Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
32  GEN 2:1  Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo.
33  GEN 2:2  Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
34  GEN 2:3  Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo.
35  GEN 2:4  Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
36  GEN 2:5  Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
37  GEN 2:6  Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.
38  GEN 2:7  Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a, Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
39  GEN 2:8  Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden; e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
41  GEN 2:10  Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
42  GEN 2:11  Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
43  GEN 2:12  Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
44  GEN 2:13  Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
45  GEN 2:14  Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
46  GEN 2:15  Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
50  GEN 2:19  Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.
51  GEN 2:20  Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
52  GEN 2:21  Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li.
53  GEN 2:22  Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
54  GEN 2:23  Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz ke li te retire nan lòm.
56  GEN 2:25  Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
61  GEN 3:5  Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
62  GEN 3:6  Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
63  GEN 3:7  Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
64  GEN 3:8  Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
70  GEN 3:14  SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
71  GEN 3:15  Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
73  GEN 3:17  Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
74  GEN 3:18  Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
75  GEN 3:19  Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
76  GEN 3:20  Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.
77  GEN 3:21  SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
78  GEN 3:22  Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
79  GEN 3:23  Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
80  GEN 3:24  Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
82  GEN 4:2  Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
83  GEN 4:3  Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
84  GEN 4:4  Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la;
85  GEN 4:5  men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
88  GEN 4:8  Cain te di frè l la, Abel, an ale nan chan. Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?”
90  GEN 4:10  Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.
91  GEN 4:11  Koulye a ou modi soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
96  GEN 4:16  Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
97  GEN 4:17  Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
98  GEN 4:18  Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
99  GEN 4:19  Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
100  GEN 4:20  Ada te bay nesans a Jabal; li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo e ki te okipe bèt yo.
101  GEN 4:21  Frè li a te rele Jubal; li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.
102  GEN 4:22  Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
107  GEN 5:1  Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
108  GEN 5:2  Li te kreye yo mal avèk femèl, Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
109  GEN 5:3  Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l, li te rele li Seth.
110  GEN 5:4  Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
111  GEN 5:5  Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane, e li te vin mouri.
112  GEN 5:6  Seth te viv san-senkant ane e li te vin papa Énosch.
113  GEN 5:7  Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis k fi.
114  GEN 5:8  Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
115  GEN 5:9  Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
116  GEN 5:10  Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
117  GEN 5:11  Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
118  GEN 5:12  Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
119  GEN 5:13  Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te vin papa Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
120  GEN 5:14  Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te vin mouri.
121  GEN 5:15  Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
122  GEN 5:16  Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
123  GEN 5:17  Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
124  GEN 5:18  Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
125  GEN 5:19  Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
126  GEN 5:20  Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
127  GEN 5:21  Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.