Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word.”    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

20  GEN 1:20  Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
48  GEN 2:17  men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
55  GEN 2:24  “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
59  GEN 3:3  men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
66  GEN 3:10  Li te di: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
68  GEN 3:12  Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”
69  GEN 3:13  Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
71  GEN 3:15  Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
72  GEN 3:16  A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
75  GEN 3:19  Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
87  GEN 4:7  Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
92  GEN 4:12  Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò; ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
94  GEN 4:14  Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
104  GEN 4:24  Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
135  GEN 5:29  Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
145  GEN 6:7  SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
159  GEN 6:21  Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.”
164  GEN 7:4  Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit; epi Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
206  GEN 8:22  “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, e lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
213  GEN 9:7  Epi pou nou: se pou nou vin fekon, e miltipliye; peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
217  GEN 9:11  “Mwen etabli akò Mwen avèk nou; epi tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
222  GEN 9:16  “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
223  GEN 9:17  Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
231  GEN 9:25  Konsa li te di: “Se pou Canaan modi; se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
233  GEN 9:27  Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.”
270  GEN 11:3  Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
271  GEN 11:4  Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la, e annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
274  GEN 11:7  Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
302  GEN 12:3  Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Epi nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
306  GEN 12:7  SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
312  GEN 12:13  Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
318  GEN 12:19  Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
328  GEN 13:9  Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe; si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat; oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
357  GEN 14:20  Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Li te bay li yon dim nan tout bagay.
358  GEN 14:21  Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.”
361  GEN 14:24  Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.”
362  GEN 15:1  Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon, e te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou; rekonpans ou va gran.”
364  GEN 15:3  Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
365  GEN 15:4  Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li e te di: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
366  GEN 15:5  Epi li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
368  GEN 15:7  Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
370  GEN 15:9  Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twa lane, yon femèl kabrit twa lane, yon mal mouton nan twa lane, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
377  GEN 15:16  Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”
382  GEN 15:21  Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”
384  GEN 16:2  Epi Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an; petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
387  GEN 16:5  Epi Saraï te di Abram: “Kite tò ki rive mwen an, vin sou ou. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
388  GEN 16:6  Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
390  GEN 16:8  Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
391  GEN 16:9  Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
392  GEN 16:10  Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
394  GEN 16:12  Li va yon nonm tankou bourik mawon; men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li; epi li va viv kote lès a tout frè li yo.”
400  GEN 17:2  Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
406  GEN 17:8  “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan; epi Mwen va Bondye pa yo.”
412  GEN 17:14  Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a; li vyole akò Mwen an.”
414  GEN 17:16  Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon; wa a pèp yo va sòti nan li.”
419  GEN 17:21  “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
430  GEN 18:5  epi mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”
431  GEN 18:6  Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”
435  GEN 18:10  Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.
439  GEN 18:14  “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
440  GEN 18:15  Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”
444  GEN 18:19  Paske Mwen te chwazi li, pou li kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li pou kenbe chemen SENYÈ a pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham sa ke li te pale de li a.”
446  GEN 18:21  Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
451  GEN 18:26  Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
453  GEN 18:28  Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
454  GEN 18:29  Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
455  GEN 18:30  Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
456  GEN 18:31  Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
457  GEN 18:32  Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
460  GEN 19:2  Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou; pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
463  GEN 19:5  epi yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab gen antre an relasyon avèk yo.”
466  GEN 19:8  Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason; souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito; men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz ke se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”
467  GEN 19:9  Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja li vin ap aji kòm jij; koulye a nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.
471  GEN 19:13  Paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
472  GEN 19:14  Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
473  GEN 19:15  Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot, e te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”
475  GEN 19:17  Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a; sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”
478  GEN 19:20  Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”
480  GEN 19:22  Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.
490  GEN 19:32  Vini, annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.”
492  GEN 19:34  Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m; annou fè li bwè diven aswè a tou; epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an pa papa nou.”
499  GEN 20:3  Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
501  GEN 20:5  Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
503  GEN 20:7  Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a, paske se yon pwofèt ke li ye, epi li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
511  GEN 20:15  Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou; etabli ou kote ou pito.”
512  GEN 20:16  A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan; veye byen, li se revandikasyon ou devan tout moun ki avèk ou, e devan tout mesye ke ou egzonore yo.”
520  GEN 21:6  Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri; tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
521  GEN 21:7  Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Deja, m ba li yon fis nan vyeyès li.”
524  GEN 21:10  Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a, paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
527  GEN 21:13  Epi ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”
530  GEN 21:16  Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Epi li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
532  GEN 21:18  Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”
537  GEN 21:23  Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere a.”
538  GEN 21:24  Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
540  GEN 21:26  Epi Abimélec te di: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a; ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”
544  GEN 21:30  Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”
550  GEN 22:2  Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
553  GEN 22:5  Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la, e mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”