Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word.’”    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

637  GEN 24:45  “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
702  GEN 26:9  Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
887  GEN 31:13  Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan; koulye a leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
934  GEN 32:6  Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant; epi mwen te voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye li.’”
941  GEN 32:13  Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”
947  GEN 32:19  Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob; se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Epi gade byen, men li la dèyè nou.’”
949  GEN 32:21  Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li; petèt li kapab aksepte mwen.’”
1101  GEN 37:17  Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la; paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
1142  GEN 38:22  Epi li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li; e anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
1287  GEN 42:34  Men, mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”
1296  GEN 43:5  Men si ou pa voye li, nou p ap desann; paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
1330  GEN 44:5  Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”
1369  GEN 45:10  Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’”
1379  GEN 45:20  Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
1594  EXO 3:14  Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
1597  EXO 3:17  “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
1602  EXO 3:22  Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad; epi nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”
1625  EXO 4:23  Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M; men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
1634  EXO 5:1  Epi apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
1644  EXO 5:11  Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men menm fòs travay nou oblije fè a, p ap redwi.’”
1664  EXO 6:8  Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon; Mwen menm se SENYÈ a.’”
1702  EXO 7:16  Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou, e te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”
1705  EXO 7:19  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san; epi va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
1715  EXO 7:29  Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”
1716  EXO 8:1  Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
1727  EXO 8:12  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
1731  EXO 8:16  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
1747  EXO 9:4  Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
1762  EXO 9:19  Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
1784  EXO 10:6  Epi kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Epi li te vire kite Farawon.
1815  EXO 11:8  “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
1831  EXO 12:14  “‘Alò, jou sa a va vin yon jou memorab pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a; pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
1844  EXO 12:27  Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Epi pèp la te bese ba, e te adore.
1957  EXO 16:9  Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, ‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’”
1960  EXO 16:12  “Mwen tande plent a fis Israël yo; pale ak yo, e di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen; epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
1964  EXO 16:16  Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje; nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”
1971  EXO 16:23  Alò, li te di yo: “Men sa ke SENYÈ a te vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”
1980  EXO 16:32  Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’”
2050  EXO 19:23  Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’”
2078  EXO 20:26  Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou nidite nou pa vin dekouvri ladann.’”
2438  EXO 31:17  Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan; paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te sispann travay, e Li te vin rafrechi Li.’”
2452  EXO 32:13  Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo ke Ou te sèmante pa Ou menm, e te di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
2462  EXO 32:23  Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou; paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’”
2479  EXO 33:5  Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”
2551  EXO 35:19  vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’”
2796  LEV 3:17  “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”
2844  LEV 5:13  Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li; epi rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”
2868  LEV 6:11  Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li; li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va vin sen.’”
2901  LEV 7:21  Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”
2907  LEV 7:27  Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”
2914  LEV 7:34  Paske, Mwen te pran pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”
2958  LEV 9:4  epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a, e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil; paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
2981  LEV 10:3  Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Epi Aaron te gade silans.
3043  LEV 11:45  Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou; konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
3045  LEV 11:47  pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”
3053  LEV 12:8  Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a; epi prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”
3200  LEV 15:31  “‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’”
3282  LEV 18:30  Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo; Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”
3319  LEV 19:37  “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo; Mwen se SENYÈ a.’”
3346  LEV 20:27  “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch, koupabilite san yo sou yo.’”
3361  LEV 21:15  pou li pa degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a; paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”
3369  LEV 21:23  Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
3386  LEV 22:16  epi konsa fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
3395  LEV 22:25  ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an; paske yo konwonpi, yo gen defo, yo pa pou aksepte pou nou.’”
3411  LEV 23:8  Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
3425  LEV 23:22  “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la; se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
3428  LEV 23:25  Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
3446  LEV 23:43  pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
3469  LEV 24:22  Va gen yon sèl règleman pou nou; li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
3489  LEV 25:19  “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”
3604  LEV 27:33  Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li; alò, ni li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”
3803  NUM 5:10  Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”
3824  NUM 5:31  Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va pote koupabilite pa li a.’”
3845  NUM 6:21  “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè; selon ve ke li te fè a, konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”
3942  NUM 8:2  “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
3980  NUM 9:14  “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak a SENYÈ a, selon règleman a Pak la ak selon òdonans li, konsa li va fè; nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”
4170  NUM 15:16  Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”
4185  NUM 15:31  Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman vin koupe retire; koupabilite li va rete sou li.’”
4219  NUM 16:24  “Pale avèk kongregasyon an e di: ‘Sòti nan tant Koré yo, Dathan avèk Abiram.’”
4282  NUM 18:24  Tankou dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj; konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”
4290  NUM 18:32  Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade don sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”
4312  NUM 19:22  Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp; epi moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
4331  NUM 20:19  “Ankò, fis Israël yo te di a li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”
4387  NUM 22:11  ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a; alò, vin modi yo pou mwen; petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”
4393  NUM 22:17  paske, vrèman, mwen va onore ou anpil, e mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”
4485  NUM 25:13  epi li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
4567  NUM 27:11  Si papa li pa gen frè; alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li, li va posede li; epi sa va yon règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”
4649  NUM 29:39  “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè nou chwazi yo; anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo, pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
4830  NUM 34:12  Epi fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
4881  NUM 35:34  Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, ladann ke Mwen rete a; paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv nan mitan a fis Israël yo.’”
4890  NUM 36:9  Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi; paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’”
4902  DEU 1:8  Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou; ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob; a yo menm ak desandan ki apre yo.’”
4915  DEU 1:21  Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”
4919  DEU 1:25  Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou; epi yo te mennen bannou yon rapò, e te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
4925  DEU 1:31  epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
5076  DEU 5:21  Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”
5864  JOS 1:11  “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la e di yo: ‘Prepare pwovizyon nou; paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”
5868  JOS 1:15  jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou; epi yo menm tou, yo va posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp teren pa nou an e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”
5903  JOS 3:8  Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”
5915  JOS 4:3  Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’”