Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word;    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

4  GEN 1:4  Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
14  GEN 1:14  Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
24  GEN 1:24  Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
27  GEN 1:27  Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29  GEN 1:29  Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
33  GEN 2:2  Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
39  GEN 2:8  Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden; e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
41  GEN 2:10  Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
42  GEN 2:11  Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
43  GEN 2:12  Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
44  GEN 2:13  Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
45  GEN 2:14  Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
49  GEN 2:18  Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
52  GEN 2:21  Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li.
55  GEN 2:24  “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
58  GEN 3:2  Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo;
62  GEN 3:6  Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
66  GEN 3:10  Li te di: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
72  GEN 3:16  A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
74  GEN 3:18  Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
80  GEN 3:24  Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
81  GEN 4:1  Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
84  GEN 4:4  Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la;
87  GEN 4:7  Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
92  GEN 4:12  Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò; ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
94  GEN 4:14  Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
97  GEN 4:17  Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
100  GEN 4:20  Ada te bay nesans a Jabal; li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo e ki te okipe bèt yo.
101  GEN 4:21  Frè li a te rele Jubal; li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
105  GEN 4:25  Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”.
106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
130  GEN 5:24  Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
140  GEN 6:2  Ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl; epi yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
141  GEN 6:3  Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
145  GEN 6:7  SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
147  GEN 6:9  Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a; Noé te mache avèk Bondye.
150  GEN 6:12  Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache.
151  GEN 6:13  Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
152  GEN 6:14  Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè; ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin.
154  GEN 6:16  Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rete yon koude ke tèt li e mete pòt lach la sou kote li; ou va fè pi ba dezyèm avèk twazyèm etaj.
155  GEN 6:17  “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la; tout bagay ki sou latè va peri.
156  GEN 6:18  “Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou; epi ou va antre nan lach la—-ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
157  GEN 6:19  “Epi soti nan tout chè bèt k ap viv ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la pou kenbe yo vivan; epi yo va mal avèk femèl.
159  GEN 6:21  Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.”
160  GEN 6:22  Konsa Noé te fè l; selon tout sa ke Bondye te kòmande li, konsa li te fè l.
162  GEN 7:2  Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li; epi de nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li;
164  GEN 7:4  Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit; epi Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
176  GEN 7:16  Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
177  GEN 7:17  Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou; dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
178  GEN 7:18  Epi dlo a te vin monte; li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
181  GEN 7:21  Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun;
185  GEN 8:1  E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la; epi Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
186  GEN 8:2  Osi sous nan fon yo te vin fèmen, pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann;
189  GEN 8:5  Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a; nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
190  GEN 8:6  Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, ke Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a;
192  GEN 8:8  Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a;
196  GEN 8:12  Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou, li te revoye toutrèl la; men li pa t retounen vè li ankò.
205  GEN 8:21  SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
208  GEN 9:2  Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la; avèk tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout plase nan men nou.
209  GEN 9:3  Chak bagay ki fè mouvman, e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou; Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
211  GEN 9:5  Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm.
213  GEN 9:7  Epi pou nou: se pou nou vin fekon, e miltipliye; peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
215  GEN 9:9  “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo;
216  GEN 9:10  epi avèk chak kreyati vivan ki avè w, zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou; tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
217  GEN 9:11  “Mwen etabli akò Mwen avèk nou; epi tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
221  GEN 9:15  epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè; epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
224  GEN 9:18  Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan.
227  GEN 9:21  Li te bwè diven, e li te vin sou; konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
229  GEN 9:23  Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo; epi figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
231  GEN 9:25  Konsa li te di: “Se pou Canaan modi; se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
232  GEN 9:26  Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li.
233  GEN 9:27  Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.”
236  GEN 10:1  Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la.
243  GEN 10:8  Cush te fè osi Nimrod; li te kòmanse vin pwisan sou latè.
244  GEN 10:9  Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
247  GEN 10:12  Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la.
250  GEN 10:15  Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;
254  GEN 10:19  Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
259  GEN 10:24  Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber.
260  GEN 10:25  Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan.
267  GEN 10:32  Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo; epi de sa yo, konsa nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
275  GEN 11:8  Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la.
276  GEN 11:9  Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
279  GEN 11:12  Arpacschad te viv trant-senk ane, e li te vin papa a Schélach;
281  GEN 11:14  Schélach te viv trant ane, e li te vin papa a Héber;
283  GEN 11:16  Héber te viv pandan trant-kat ane, e li te devni papa a Péleg;
285  GEN 11:18  Péleg te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Reu;
287  GEN 11:20  Rehu te viv pandan trant-de ane, e li te vin papa a Serug;
289  GEN 11:22  Serug te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Nachor;
291  GEN 11:24  Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;