2464 | EXO 32:25 | Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—— |
3166 | LEV 14:54 | Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni—— menm pou yon kal |
3388 | LEV 22:18 | “Pale avèk Aaron, di a fis li yo, tout fis Israël yo e di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile—— |
3440 | LEV 23:37 | “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a——ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—— |
3565 | LEV 26:40 | “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, e osi, jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—— |
4708 | NUM 31:42 | Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo—— |
5216 | DEU 11:6 | epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— |
5412 | DEU 19:4 | “Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— |
5775 | DEU 32:15 | Men Israël te vin gra e te voye pye——ou vin gra, gwo e swa—— Epi li te abandone Bondye ki te fè l la E li te meprize Wòch a delivrans li an. |
6772 | JDG 9:16 | “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a—— |
9230 | 1KI 14:9 | Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè e ou te jete Mwen dèyè do ou—— |
12720 | EST 1:14 | epi, te toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a e te chita nan premye plas nan wayòm nan—— |
12740 | EST 2:12 | Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—-paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil a lami e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm—— |
13715 | JOB 34:28 | Akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li pou L ta kab tande kri a aflije yo—— |
14698 | PSA 49:19 | Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Epi malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—— |
14791 | PSA 55:20 | Bondye va tande e reponn yo—— Menm sila ki chita sou twòn nan Depi nan tan ansyen an— Tan Nan sila pa gen chanjman an e Pou sila ki pa gen krent Bondye a. |
14946 | PSA 67:2 | Ke Bondye, ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou—— |
17430 | ECC 3:1 | Gen yon lè chwazi pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—— |
17568 | ECC 10:5 | Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— |
17806 | ISA 4:3 | Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen—— tout moun ki anrejistre pou lavi Jérusalem yo. |
18074 | ISA 18:7 | Nan lè sa a, yon kado omaj, ki sòti nan yon pèp wo e swa, va pote bay SENYÈ dèzame yo, soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre e sila ki lwen yo, yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a—— Pou rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an. |
18956 | ISA 64:1 | O ke Ou ta chire syèl yo pou Ou desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou— Tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi—— pou non Ou ta kapab vin rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ta ka tranble devan prezans Ou! |
19403 | JER 15:19 | Konsa, pale SENYÈ a: “Si ou retounen; alò, Mwen va restore ou—— devan M ou va kanpe; epi si ou separe sa ki presye soti nan sa ki san valè, ou va vin pòt pawòl Mwen. Pou pati pa yo ka petèt vire vè ou menm; men ou menm, ou pa pou vire kote yo menm. |
19426 | JER 16:21 | “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen—— fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M ak pwisans Mwen; epi yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.” |
19720 | JER 29:16 | Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo—— |
19772 | JER 31:12 | Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a—— Sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a; epi lavi yo va tankou yon jaden wouze e yo p ap janm soufri tristès ankò. |
19888 | JER 34:18 | Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo—— |
19889 | JER 34:19 | Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la—— |
20067 | JER 43:1 | Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— |
20071 | JER 43:5 | Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a—— |
20645 | EZK 6:13 | Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè moun touye pa yo pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt—— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo. |
21228 | EZK 28:2 | “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz a dye nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa Bondye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—— |
21927 | DAN 4:18 | Epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a—— |
22590 | OBA 1:11 | Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li e te fè tiraj osò pou Jérusalem—— nou menm tou te youn nan yo. |
22784 | NAM 3:3 | Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl—— yo manke tonbe sou kadav mò yo! |
22793 | NAM 3:12 | Tout gwo fò nou yo va tankou pye fig ak fwi ki mi—— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a. |
22823 | HAB 2:6 | “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li—— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak prè li yo?” |
22825 | HAB 2:8 | Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay a pèp yo va piyaje ou—— akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo. |
22876 | ZEP 2:2 | avan dekrè a vini—— avan jou pase tankou pay vannen —— avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. |
22883 | ZEP 2:9 | Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe—— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo e sila ki rete nan nasyon Mwen an va eritye yo.” |