Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   “‘Word    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

1597  EXO 3:17  “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
1758  EXO 9:15  “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.
1761  EXO 9:18  “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
1815  EXO 11:8  “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
1822  EXO 12:5  “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo; nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo.
1825  EXO 12:8  “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
1829  EXO 12:12  “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt; epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
2076  EXO 20:24  “‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo; nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
2077  EXO 20:25  “‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò.
2435  EXO 31:14  “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò; paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.
2436  EXO 31:15  “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a; nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.
2542  EXO 35:10  “‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:
2749  LEV 1:3  “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li, yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.
2756  LEV 1:10  “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.
2760  LEV 1:14  “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.
2774  LEV 2:11  “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
2785  LEV 3:6  “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo.
2796  LEV 3:17  “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”
2800  LEV 4:4  “‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a, li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a.
2818  LEV 4:22  “‘Lè yon dirijan fè peche e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,
2828  LEV 4:32  “‘Men si li pote yon jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo.
2838  LEV 5:7  “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.
2842  LEV 5:11  “‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a; li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.
2881  LEV 7:1  “‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a; li pi sen pase tout.
2887  LEV 7:7  “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo; prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.
2896  LEV 7:16  “‘Men si sakrifis lapè a se yon ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la, epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje;
3007  LEV 11:9  “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo.
3011  LEV 11:13  “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè,
3018  LEV 11:20  “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou.
3024  LEV 11:26  “‘Konsènan tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou: nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp.
3037  LEV 11:39  “‘Si youn nan bèt ke nou gen pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.
3044  LEV 11:46  “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
3051  LEV 12:6  “‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote a prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche.
3052  LEV 12:7  Alò, li menm, prèt la, li va ofri li devan SENYÈ a, li va fè ekspiyasyon pou fi a, e li va netwaye de flo san li an. “‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl.
3173  LEV 15:4  “‘Tout kabann kote moun avèk ekoulman an kouche a va vin pa pwòp, e lè l chita sou nenpòt bagay, bagay sa a va vin pa pwòp.
3178  LEV 15:9  “‘Si moun avèk ekoulman an chita sou nenpòt sèl cheval oswa bèt, li va vin pa pwòp.
3180  LEV 15:11  “‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
3181  LEV 15:12  “‘Veso tè a ke moun nan te touche a, va kraze, e tout veso an bwa yo, va lave nan dlo.
3188  LEV 15:19  “‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a, se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou; epi nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.
3193  LEV 15:24  “‘Si yon gason vrèman vin kouche avèk li pou san an vin sou li, gason an va pa pwòp pandan sèt jou, e tout kabann kote li kouche a va vin pa pwòp.
3194  LEV 15:25  “‘Alò si yon fanm gen yon ekoulman san pandan anpil jou, pa sèlman nan tan règ la, oswa si li gen yon ekoulman anplis fwa sa a, li va kontinye aji kòmsi li gen règ; li pa pwòp.
3197  LEV 15:28  “‘Lè li vin pwòp de ekoulman li an, li va kontwole pou kont li sèt jou; e apre, li va vin pwòp.
3246  LEV 17:10  “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’
3258  LEV 18:6  “‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li; Mwen se SENYÈ a.
3259  LEV 18:7  “‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, sa se nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
3260  LEV 18:8  “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou; li se nidite a papa nou.
3261  LEV 18:9  “‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
3262  LEV 18:10  “‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
3263  LEV 18:11  “‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
3264  LEV 18:12  “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou; li se pwòp relasyon san papa nou.
3265  LEV 18:13  “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
3266  LEV 18:14  “‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou; nou pa pou pwoche madanm li; li se matant nou.
3267  LEV 18:15  “‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou; li se madanm a fis nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
3268  LEV 18:16  “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou; li se nidite a frè nou.
3269  LEV 18:17  “‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li, ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li; yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
3270  LEV 18:18  “‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
3271  LEV 18:19  “‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li.
3272  LEV 18:20  “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
3273  LEV 18:21  “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc, ni nou pa pou degrade non Bondye; Mwen se SENYÈ a.
3274  LEV 18:22  “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm; li se yon abominasyon.
3276  LEV 18:24  “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi.
3281  LEV 18:29  “‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a.
3285  LEV 19:3  “‘Nou chak va onore manman nou, papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo; Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
3286  LEV 19:4  “‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo; Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
3293  LEV 19:11  “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
3294  LEV 19:12  “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an; Mwen se SENYÈ a.
3295  LEV 19:13  “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
3296  LEV 19:14  “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an: Mwen se SENYÈ a.
3297  LEV 19:15  “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo; nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
3298  LEV 19:16  “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an, e nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo; Mwen se SENYÈ a.
3299  LEV 19:17  “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou; nou mèt toujou korije vwazen nou, men nou pa pou fè peche akoz li.
3300  LEV 19:18  “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an, men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou; Mwen se SENYÈ a.
3301  LEV 19:19  “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf; nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn, ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
3305  LEV 19:23  “‘Lè nou antre nan peyi a e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm; li p ap pou manje.
3308  LEV 19:26  “‘Nou pa pou manje anyen avèk san, ni pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
3309  LEV 19:27  “‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou pou fè yo won, ni donmaje sou kote bab nou.
3310  LEV 19:28  “‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo ni fè okenn mak sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
3311  LEV 19:29  “‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, jis pou peyi a pa vin ranpli avèk pwostitiye, e ranpli avèk tout sa ki lèd.
3312  LEV 19:30  “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo e nou va onore sanktyè Mwen an; Mwen se SENYÈ a.
3313  LEV 19:31  “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo; pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
3314  LEV 19:32  “‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo, nou va bay lonè a granmoun yo, e nou va gen lakrent pou Bondye nou an; Mwen se SENYÈ a.
3315  LEV 19:33  “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò.
3319  LEV 19:37  “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo; Mwen se SENYÈ a.’”
3325  LEV 20:6  “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri Satan yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
3327  LEV 20:8  “‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo; Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.
3328  LEV 20:9  “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò; li te anmède papa li oswa manman li; koupabilite san li rete sou li.
3329  LEV 20:10  “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.
3330  LEV 20:11  “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li; yo tou de va vin mete a lanmò; koupabilite san yo sou yo.
3331  LEV 20:12  “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò; yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
3332  LEV 20:13  “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab; yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
3333  LEV 20:14  “‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se imoralite; yo tout va brile avèk dife pou imoralite pa rete nan mitan nou.
3334  LEV 20:15  “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò; nou va anplis touye bèt la.
3335  LEV 20:16  “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la; yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.
3336  LEV 20:17  “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo dezòd; yo va koupe retire li devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li; li pote koupabilite sa a.
3337  LEV 20:18  “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt; pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.
3338  LEV 20:19  “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt; yo va pote koupabilite yo.
3339  LEV 20:20  “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li; yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.
3340  LEV 20:21  “‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab; li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.
3344  LEV 20:25  “‘Se konsa ke nou gen pou distinge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la; epi nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp.
3351  LEV 21:5  “‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo.