20899 | EZK 17:5 | “‘“Anplis, li te pran kèk nan semans peyi a pou te plante li nan yon tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo; li te plase li tankou yon pye sikren. |
21058 | EZK 22:13 | “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M nan pwofi malonèt ou ke ou te vin genyen nan vèse san moun ki pami ou. |
21139 | EZK 24:14 | “‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale; sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè; selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’” |
21200 | EZK 27:10 | “‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou, mesye lagè ou yo. Yo te pann boukliye ak kas nan ou; yo te fè grandè ou parèt byen bèl. |
21203 | EZK 27:13 | “‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou; ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te peye machandiz ou yo.” |
21213 | EZK 27:23 | “‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” |
21258 | EZK 29:6 | “‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske, yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. |
21278 | EZK 30:5 | “‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup yo va tonbe ak yo pa nepe.” |
21688 | EZK 44:20 | “‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo; malgre sa, yo p ap kite cheve a vin long; yo va senpleman koupe cheve nan tèt yo. |