501 | GEN 20:5 | Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.” |
630 | GEN 24:38 | men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’ |
631 | GEN 24:39 | “Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’ |
633 | GEN 24:41 | Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li, ou va lib de sèman mwen an.’ |
722 | GEN 26:29 | ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.” |
735 | GEN 27:7 | ‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’ |
885 | GEN 31:11 | “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob’, epi mwen te di: ‘Men mwen.’ |
938 | GEN 32:10 | Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, o SENYÈ ki te di mwen an: ‘Retounen nan peyi ou e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere.’ |
949 | GEN 32:21 | Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li; petèt li kapab aksepte mwen.’” |
1104 | GEN 37:20 | Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!” |
1285 | GEN 42:32 | Nou se douz frè, fis a papa nou; youn nan nou p ap viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’ |
1294 | GEN 43:3 | Men Juda te pale avèk li, e te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ |
1345 | GEN 44:20 | Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’ |
1346 | GEN 44:21 | “Epi ou te di sèvitè ou yo: ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’ |
1347 | GEN 44:22 | “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’ |
1348 | GEN 44:23 | “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’ |
1350 | GEN 44:25 | Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’ |
1351 | GEN 44:26 | Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann; paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’ |
1354 | GEN 44:29 | Si ou pran sila a osi kite mwen, e si malè rive li, nou va mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’ |
1357 | GEN 44:32 | Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’ |
1419 | GEN 46:32 | Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt; epi yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’ |
1420 | GEN 46:33 | “Lè Farawon rele nou e di: ‘Kisa nou fè kòm metye.’ |
1456 | GEN 48:4 | epi li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi e miltipliye anpil, epi Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’ |
1512 | GEN 50:5 | Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri; nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.” |
1524 | GEN 50:17 | ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Epi koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li. |
1593 | EXO 3:13 | Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?” |
1595 | EXO 3:15 | Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo. |
1598 | EXO 3:18 | “Yo va koute sa ke ou di yo a; epi ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin vè wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’ |
1641 | EXO 5:8 | “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l; nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese, e se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’ |
1650 | EXO 5:17 | Men li te di: “Nou se parese, nou parese anpil; se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’ |
1876 | EXO 13:8 | Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’ |
1883 | EXO 13:15 | Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, e ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo, premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ |
1893 | EXO 14:3 | Paske Farawon va di de fis Israël yo: ‘Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’ |
2033 | EXO 19:6 | Epi nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.” |
2040 | EXO 19:13 | Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.” |
2463 | EXO 32:24 | “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.” |
2475 | EXO 33:1 | Alò SENYÈ a te pale a Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’ |
2486 | EXO 33:12 | Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’ |
2949 | LEV 8:31 | Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a, e li te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’ |
3098 | LEV 13:45 | Pou moun lalèp ki gen enfeksyon an, rad li yo va chire, e cheve nan tèt li va pa penyen, li va kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’ |
3147 | LEV 14:35 | alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’ |
3246 | LEV 17:10 | “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ |
3248 | LEV 17:12 | Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’ |
3850 | NUM 6:26 | SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou, e bannou lapè.’ |
4018 | NUM 10:29 | Epi Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen, paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.” |
4046 | NUM 11:21 | Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’ |
4125 | NUM 14:16 | ‘Akoz SENYÈ a pa t kab mennen pèp sa nan peyi ke Li te pwomèt yo avèk sèman an, pou sa, li te detwi yo nan dezè a.’ |
4127 | NUM 14:18 | ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè, Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo; sepandan, li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’ |
4143 | NUM 14:34 | Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’ |
4287 | NUM 18:29 | Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout, sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’ |
4732 | NUM 32:12 | sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ |
4907 | DEU 1:13 | Chwazi moun ki saj e ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen vachwazi yo kòm chèf nou.’ |
4908 | DEU 1:14 | “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’ |
4911 | DEU 1:17 | Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’ |
4916 | DEU 1:22 | “Epi nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’ |
4922 | DEU 1:28 | Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann, e te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou; vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la.’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la.” |
4930 | DEU 1:36 | Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’ |
4934 | DEU 1:40 | Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’ |
4935 | DEU 1:41 | “Epi nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo, e yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.” |
4949 | DEU 2:9 | “Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede; paske, Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’ |
4953 | DEU 2:13 | “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la. |
4959 | DEU 2:19 | Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’ |
4969 | DEU 2:29 | jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’ |
4971 | DEU 2:31 | “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’ |
4979 | DEU 3:2 | Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’ |
4999 | DEU 3:22 | Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’ |
5002 | DEU 3:25 | Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, bèl peyi mòn sa a avèk Liban.’ |
5005 | DEU 3:28 | Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’ |
5012 | DEU 4:6 | Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’ |
5016 | DEU 4:10 | Sonje jou ke nou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’ |
5086 | DEU 5:31 | Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’ |
5111 | DEU 6:23 | Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’ |
5156 | DEU 8:17 | Otreman, nou ta di nan kè nou: ‘Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.’ |
5171 | DEU 9:12 | Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a; yo te fè yon imaj fonn pou yo.’ |
5173 | DEU 9:14 | Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’ |
5187 | DEU 9:28 | Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ |
5190 | DEU 10:2 | Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’ |
5199 | DEU 10:11 | Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’ |
5332 | DEU 15:11 | “Paske, malere yo p ap janm sispann la nan peyi a; akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’ |
5382 | DEU 17:16 | Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval, akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’ |
5402 | DEU 18:16 | Paske, se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’ |
5406 | DEU 18:20 | Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo; pwofèt sila a va mouri.’ |
5415 | DEU 19:7 | Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’ |
5433 | DEU 20:4 | paske, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’ |
5436 | DEU 20:7 | Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li; otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’ |
5437 | DEU 20:8 | “Epi ofisye yo va pale plis avèk pèp la e di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’ |
5457 | DEU 21:8 | Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone. |
5469 | DEU 21:20 | Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ |
5489 | DEU 22:17 | epi veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li, e te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj a vijinite li.’ Epi yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la. |
5556 | DEU 25:7 | “Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a; alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël; li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ |
5558 | DEU 25:9 | alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ |
5571 | DEU 26:3 | Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye mwen an, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’ |
5578 | DEU 26:10 | “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Epi nou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye nou an; epi adore devan SENYÈ a, Bondye nou an; |
5583 | DEU 26:15 | Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’ |
5602 | DEU 27:15 | ‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn e di: ‘Amen’. |
5603 | DEU 27:16 | ‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. |
5604 | DEU 27:17 | ‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. |
5605 | DEU 27:18 | ‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. |
5606 | DEU 27:19 | ‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. |
5607 | DEU 27:20 | ‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip a papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. |