438 | GEN 18:13 | Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’ |
501 | GEN 20:5 | Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.” |
639 | GEN 24:47 | “Mwen te mande li, e te di: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te di: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a’; epi mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li. |
946 | GEN 32:18 | Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’ |
1298 | GEN 43:7 | Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou, e li te di: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’” |
1344 | GEN 44:19 | Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’ |
1593 | EXO 3:13 | Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?” |
1843 | EXO 12:26 | “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ |
1902 | EXO 14:12 | Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.” |
4037 | NUM 11:12 | Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete; a yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ |
4922 | DEU 1:28 | Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann, e te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou; vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la.’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la.” |
5108 | DEU 6:20 | “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’ |
5130 | DEU 7:17 | “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’ |
5161 | DEU 9:2 | Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’ |
5272 | DEU 12:30 | veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo, pou mwen kapab fè menm jan an?’ |
5407 | DEU 18:21 | “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ |
5705 | DEU 29:23 | Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’ |
5722 | DEU 30:12 | Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’ |
5747 | DEU 31:17 | Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo; jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ |
5933 | JOS 4:21 | Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’ |
6621 | JDG 4:20 | Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’” |
6653 | JDG 5:28 | “Deyò fenèt la, fi a te gade e te twouble; Manman Sisera te gade anndan treyi a. ‘Poukisa cha li a fè reta konsa? Poukisa nou poko tande bwi a pye cheval cha li yo? k ap frape atè a pou l rive?’ |
6655 | JDG 5:30 | ‘Èske se pa ke yo jwenn, e ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj a bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv a très doub sou kou a piyajè a?’ |
6669 | JDG 6:13 | Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo ye? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.” |
6758 | JDG 9:2 | “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.” |
6767 | JDG 9:11 | “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’ |
6769 | JDG 9:13 | “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’ |
6794 | JDG 9:38 | Epi Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!” |
7271 | 1SA 2:29 | Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’ |
7459 | 1SA 11:12 | Alò, pèp la te di a Samuel: “Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.” |
8033 | 2SA 1:8 | Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’. |
8190 | 2SA 7:7 | Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’ |
8283 | 2SA 11:21 | Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ ——epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’” |
8526 | 2SA 19:13 | Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’ |
8733 | 1KI 1:13 | Ale, koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’ |
9540 | 2KI 1:3 | Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo e di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’ |
10050 | 2KI 18:22 | Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’ |
11891 | 2CH 32:11 | Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, e l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’ |
13016 | JOB 7:4 | Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten. |
13230 | JOB 15:23 | Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Li konnen ke jou tenèb la gen tan rive. |
13329 | JOB 19:28 | Si nou di: ‘Kijan nou kab pèsekite li?’ E ‘ki pretèks nou kab twouve kon ka kont li?’ |
13337 | JOB 20:7 | Li peri nèt tankou fatra; sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’ |
13374 | JOB 21:15 | ‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’ |
13387 | JOB 21:28 | Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’ |
13410 | JOB 22:17 | Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè yo?’ |
13727 | JOB 35:3 | Paske, ou di: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’ |
13735 | JOB 35:11 | Se kilès ki enstwi nou plis pase bèt latè yo e fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’ |
18138 | ISA 22:16 | ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?” |
18640 | ISA 45:9 | Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’? |
18641 | ISA 45:10 | Malè a sila ki di papa l: ‘Kisa w ap fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’” |
18859 | ISA 58:3 | ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo. |
19040 | JER 2:6 | Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’ |
19042 | JER 2:8 | Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila ki okipe yo de lalwa yo pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis. |
19057 | JER 2:23 | “Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid k ap fè chemen l kote li pito. |
19065 | JER 2:31 | O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou; nou p ap vin kote Ou ankò?’ |
19076 | JER 3:5 | “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.” |
19146 | JER 5:19 | Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’ |
19149 | JER 5:22 | Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a, yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’ |
19228 | JER 8:6 | Mwen te koute e te tande, yo te pale sa ki pa dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay. |
19347 | JER 13:12 | “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’ |
19415 | JER 16:10 | Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’ |
19531 | JER 22:8 | “Anpil nasyon va pase kote vil sa a; epi yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ |
19586 | JER 23:33 | “Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou e di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ SENYÈ a deklare: “Mwen va abandone nou. |
19588 | JER 23:35 | Konsa nou chak va di a vwazen li, ak frè li: ‘Se ki repons SENYÈ a te bay’, oswa ‘se ak kilès SENYÈ a te pale?’ |
19590 | JER 23:37 | Konsa, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’? |
20168 | JER 48:19 | Kanpe akote wout la pou veye, O moun ki rete Aroër. Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’, e fi a ‘ki moun ki chape poul li a’ e mande: ‘Kisa ki te pase?’ |
20200 | JER 49:4 | A la ògeye ou ògeye de vale yo! Vale ou a ap koule, O fi ki fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo e k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’ |
20758 | EZK 12:9 | “Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: ‘Kisa w ap fè la a?’ |
20906 | EZK 17:12 | “Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di: ‘Gade byen, wa a Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone. |
20993 | EZK 20:29 | Epi Mwen te di yo: ‘Kisa wo plas kote nou prale a ye?’ Pou sa, yo rele non plas sa a “Bama “jis rive jou sa a.”’ |
21020 | EZK 21:12 | Epi lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an; epi tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’” |
21222 | EZK 27:32 | Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’ |
21484 | EZK 37:18 | “Lè fis a pèp ou yo pale ak ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’ |
22532 | AMO 6:13 | Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’ |
23134 | ZEC 13:6 | Epi yon moun va vin di l: ‘Ki blese sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blese ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’ |
23164 | MAL 1:6 | “Yon fis onore papa li e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ dèzame yo a nou menm, O prèt ki meprize non Mwen yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ |
23165 | MAL 1:7 | N ap ofri manje ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ |
23186 | MAL 2:14 | Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. |
23189 | MAL 2:17 | “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a e Li pran plezi nan yo’; oswa: ‘Kote Bondye jistis la ye?’” |
23196 | MAL 3:7 | Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’ |
23197 | MAL 3:8 | “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. |
23202 | MAL 3:13 | “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ |
23382 | MAT 6:31 | “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ |
23407 | MAT 7:22 | Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ |
23636 | MAT 13:28 | “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’ |
23867 | MAT 20:6 | Epi vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki te kanpe e li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’ |
23876 | MAT 20:15 | Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’ |
23920 | MAT 21:25 | Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’ |
23953 | MAT 22:12 | Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Epi moun nan pa t kab menm pale. |
24116 | MAT 25:39 | Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’ |
24121 | MAT 25:44 | “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’ |
24338 | MRK 2:9 | Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’ |
24837 | MRK 14:14 | Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la di: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ |
25545 | LUK 12:17 | “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’ |
25548 | LUK 12:20 | “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’ |
25594 | LUK 13:7 | Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ |
25694 | LUK 16:5 | “Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a, e li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’ |
25823 | LUK 19:23 | ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’ |
25944 | LUK 22:11 | Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ |
26260 | JHN 4:35 | “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la. |