Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word?’”    February 25, 2023 at 00:20    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
1298  GEN 43:7  Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou, e li te di: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
2451  EXO 32:12  Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale e di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè kab briye a, e chanje ide Ou sou entansyon pou fè pèp Ou a mal la.
6736  JDG 8:15  Li te vini a mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”
7019  JDG 18:24  Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”
7725  1SA 19:17  Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Epi Mical te di a Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
7786  1SA 21:12  Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”
8439  2SA 16:10  Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”
9473  1KI 21:19  Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
9620  2KI 4:13  Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a; se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Epi li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
9633  2KI 4:26  Souple, kouri koulye a rankontre li, e di a li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’” Epi li te reponn: “L ap bon”.
9739  2KI 8:8  Wa a te di a Hazaël: “Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a e mande a SENYÈ a pa li menm, e di: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
9740  2KI 8:9  Konsa, Hazaël te ale rankontre li e te pran yon kado nan men l, menm tout kalite bon bagay Damas, karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou, e te di: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
9777  2KI 9:17  Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel e li te wè konpanyen li, Jéhu, pandan li t ap vini, li te di: “Mwen wè yon konpanyen.” Epi Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”
9778  2KI 9:18  Konsa, yon chevalye te ale rankontre li e te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Epi Jéhu te di: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.” Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo; men li pa t retounen.”
9779  2KI 9:19  Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo e te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Epi Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
10078  2KI 19:13  Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
10874  1CH 17:6  Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”
11409  2CH 10:9  Pou sa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen e ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
13929  JOB 42:3  Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” Job te reponn: “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò bèl pou mwen ke m pa t konnen yo.
18105  ISA 20:6  Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive; kote nou te kouri ale pou sekou, pou nou te ka delivre anba men wa a Assyrie a; epi nou menm, se kòman nou va chape?’”
18420  ISA 36:20  Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan men m?’”
18435  ISA 37:13  Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’”
18641  ISA 45:10  Malè a sila ki di papa l: ‘Kisa w ap fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
18727  ISA 49:21  Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, paske mwen te pèdi pitit mwen yo e mwen vin esteril, yon egzile e yon vwayajè? Epi se kilès ki te leve sila yo? Gade byen, mwen te kite sèl; Ki kote sila yo te sòti?’”
21013  EZK 21:5  Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”
22556  AMO 8:6  Pou l kapab achte sila ki san sekou a pou lajan, malere a pou de grenn sapat e pou nou ka vann pay ki sòti nan ble a?’”
22936  HAG 2:12  Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’” Prèt yo te reponn: “Non”.
23038  ZEC 7:7  Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
23189  MAL 2:17  “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a e Li pran plezi nan yo’; oswa: ‘Kote Bondye jistis la ye?’”
23838  MAT 19:7  Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
24464  MRK 5:31  Epi disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
25284  LUK 7:20  Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”
25569  LUK 12:41  “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
25892  LUK 20:44  Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
26472  JHN 8:22  Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”
26483  JHN 8:33  Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”