5918 | JOS 4:6 | Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’? |
8744 | 1KI 1:24 | Epi Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’? |
8815 | 1KI 2:42 | Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’ |
13005 | JOB 6:23 | Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’, oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’? |
13067 | JOB 9:12 | Si Li ta rache retire, se kilès ki ta kab anpeche L? Kilès ki ta kab di L: ‘Kisa w ap fè la a’? |
13623 | JOB 31:31 | Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: ‘Kilès ki kab twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a’? |
13719 | JOB 34:32 | Enstwi mwen sa ke m pa wè; si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’? |
13832 | JOB 38:35 | Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’? |
18407 | ISA 36:7 | Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’? |
18640 | ISA 45:9 | Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’? |
19075 | JER 3:4 | Se pa depi koulye a, ou te rele Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’? |
19590 | JER 23:37 | Konsa, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’? |
19868 | JER 33:24 | “Èske ou pa t obsève sa pèp sa a te pale, e te di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. |
19962 | JER 37:19 | Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou yo te ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’? |
20163 | JER 48:14 | “Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’? |
20771 | EZK 12:22 | “Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon vin gate’? |
20920 | EZK 18:2 | “Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di: ‘Papa yo manje rezen si yo, epi dan timoun yo va kanpe apik’? |
23453 | MAT 9:5 | Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? |
23973 | MAT 22:32 | ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm se pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.” |
23985 | MAT 22:44 | “SENYÈ a di a SENYÈ mwen an, ‘Chita sou men dwat Mwen, jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’? |
24726 | MRK 11:17 | Li te kòmanse enstwi e di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.” |
24768 | MRK 12:26 | Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’? |
25199 | LUK 5:23 | Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’? |
25728 | LUK 17:8 | Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? |
26584 | JHN 10:34 | Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’? |
26676 | JHN 12:27 | “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a. |
26800 | JHN 16:5 | “Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? |
26813 | JHN 16:18 | Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.” |