Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   GENERAL_PUNCTUATION    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

9540  2KI 1:3  Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.
9542  2KI 1:5  Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: Poukisa nou tounen?
9543  2KI 1:6  Yo reponn li: Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9544  2KI 1:7  Wa a mande yo: Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
9545  2KI 1:8  Msye yo reponn li: Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: Se Eli, moun lavil Tichbe a.
9546  2KI 1:9  Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.
9547  2KI 1:10  Eli reponn: Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9548  2KI 1:11  Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.
9549  2KI 1:12  Eli reponn: Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9550  2KI 1:13  Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!
9552  2KI 1:15  Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.
9553  2KI 1:16  Li di wa a konsa: Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9557  2KI 2:2  Eli di Elize konsa: Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
9558  2KI 2:3  Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
9559  2KI 2:4  Apre sa, Eli di Elize: Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
9560  2KI 2:5  Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
9561  2KI 2:6  Apre sa, Eli di Elize: Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
9564  2KI 2:9  Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
9565  2KI 2:10  Eli di li: Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.
9567  2KI 2:12  Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
9569  2KI 2:14  Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
9570  2KI 2:15  Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
9571  2KI 2:16  Yo di li: Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
9572  2KI 2:17  Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
9573  2KI 2:18  Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!
9574  2KI 2:19  Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.
9575  2KI 2:20  Elize di yo: Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.
9576  2KI 2:21  Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.
9578  2KI 2:23  Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
9587  2KI 3:7  Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
9588  2KI 3:8  Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
9590  2KI 3:10  Joram, wa peyi Izrayèl la, di: Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.
9591  2KI 3:11  Jozafa mande: Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
9592  2KI 3:12  Jozafa di: Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
9593  2KI 3:13  Elize di wa Izrayèl la konsa: Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
9594  2KI 3:14  Elize reponn: Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.
9596  2KI 3:16  Elize di: Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
9603  2KI 3:23  Yo di: Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
9608  2KI 4:1  Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
9609  2KI 4:2  Elize mande l': Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.
9610  2KI 4:3  Lè sa a Elize di li: Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
9613  2KI 4:6  Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.
9614  2KI 4:7  Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.
9616  2KI 4:9  Yon lè, madanm lan di mari l': Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye.
9620  2KI 4:13  Elize di Gerazi konsa: Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la.
9621  2KI 4:14  Elize mande Gerazi: Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun!
9622  2KI 4:15  Elize di: Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
9623  2KI 4:16  Elize di li: Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.
9626  2KI 4:19  li rete konsa, li di papa l': Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: Pote ti gason an bay manman l'.
9629  2KI 4:22  Li fè rele mari li, li di l' konsa: Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize.
9630  2KI 4:23  Mari a mande l': Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: Sa pa fè anyen!
9631  2KI 4:24  Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete.
9632  2KI 4:25  Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.
9634  2KI 4:27  Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
9635  2KI 4:28  Lè sa a madanm lan di: Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa?
9636  2KI 4:29  Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.
9637  2KI 4:30  Men manman ti gason an di Elize konsa: Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.
9638  2KI 4:31  Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': Ti gason an pa leve.
9643  2KI 4:36  Elize rele Gerazi, li di l': Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': Men pitit gason ou lan.
9645  2KI 4:38  Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
9647  2KI 4:40  Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.
9648  2KI 4:41  Men Elize di: Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.
9650  2KI 4:43  Men domestik la di l': Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
9654  2KI 5:3  Yon jou, li di metrès li a: Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.
9656  2KI 5:5  Wa Siri a reponn: Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (030.000) pyès ajan, simil (06.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.
9658  2KI 5:7  Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
9659  2KI 5:8  Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
9661  2KI 5:10  Men Elize voye yon mesaje di l': Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
9662  2KI 5:11  Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.
9664  2KI 5:13  Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?
9666  2KI 5:15  Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
9667  2KI 5:16  Men Elize di l': Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.
9668  2KI 5:17  Lè sa a, Naaman di: Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m' ti gout tè pou m' chaje sou de milèt pote ale avè m'. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou ankenn lòt bondye pase pou Seyè a.
9670  2KI 5:19  Elize reponn li: Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,
9671  2KI 5:20  Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
9672  2KI 5:21  Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': Ki malè ki rive?
9673  2KI 5:22  Gerazi reponn li: Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.
9674  2KI 5:23  Naaman reponn: Tanpri, pran sisan (0600) pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.
9676  2KI 5:25  Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: M' pa t al ankenn kote non, mèt!
9677  2KI 5:26  Elize di li: Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
9679  2KI 6:1  Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
9680  2KI 6:2  Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: Ale non!
9681  2KI 6:3  Yonn nan pwofèt yo mande l': Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: Dakò.
9683  2KI 6:5  Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi!
9684  2KI 6:6  Elize mande l': Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.
9685  2KI 6:7  Elize di l': Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.
9689  2KI 6:11  Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
9690  2KI 6:12  Yonn nan chèf yo reponn: Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.
9691  2KI 6:13  Wa peyi Siri a di: Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan.
9693  2KI 6:15  Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
9694  2KI 6:16  Elize reponn li: Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
9695  2KI 6:17  Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
9696  2KI 6:18  Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la.
9697  2KI 6:19  Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari.
9698  2KI 6:20  Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.
9699  2KI 6:21  Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: Touye yo, papa mwen? Touye yo?
9700  2KI 6:22  Elize reponn li: Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!
9704  2KI 6:26  Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!
9705  2KI 6:27  Wa a reponn: Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven?
9706  2KI 6:28  Sa ou genyen? Madanm lan reponn: Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la.
9709  2KI 6:31  Wa a pale byen fò, li di: Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
9710  2KI 6:32  Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'.
9711  2KI 6:33  Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?
9712  2KI 7:1  Elize reponn li: Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.
9713  2KI 7:2  Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!
9714  2KI 7:3  Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?
9720  2KI 7:9  Men lè sa a, yonn di lòt konsa: Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!
9721  2KI 7:10  Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.
9723  2KI 7:12  Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.
9724  2KI 7:13  Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.
9736  2KI 8:5  Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.
9739  2KI 8:8  Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.
9740  2KI 8:9  Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
9741  2KI 8:10  Elize reponn: Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè.
9743  2KI 8:12  Azayèl mande l': Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
9744  2KI 8:13  Azayèl mande l': Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
9745  2KI 8:14  Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': Sa Elize di ou? Li reponn: Li di m' li sèten w'ap refè.
9761  2KI 9:1  Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
9765  2KI 9:5  Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: Pou ou wi, chèf.
9766  2KI 9:6  Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
9771  2KI 9:11  Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!
9772  2KI 9:12  Mesye yo reponn: Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.
9773  2KI 9:13  Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
9775  2KI 9:15  Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
9777  2KI 9:17  Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
9778  2KI 9:18  Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.
9779  2KI 9:19  Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.
9780  2KI 9:20  Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L'ap kouri cha lagè a tankou moun fou.
9781  2KI 9:21  Lè sa a Joram di: Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
9782  2KI 9:22  Joram mande l': Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
9783  2KI 9:23  Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: Yo trayi nou, Okozyas!
9785  2KI 9:25  Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
9787  2KI 9:27  Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
9791  2KI 9:31  Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!
9792  2KI 9:32  Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt.
9793  2KI 9:33  Jeou di yo: Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
9794  2KI 9:34  Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.
9796  2KI 9:36  Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.
9799  2KI 10:2  Mwen konnen se nou menm ki gen reskonsablite tout pitit mèt nou yo, cha lagè li yo, chwal li yo, ranpa lavil la ak tout zam ki ladan l'. Resevwa n'a resevwa lèt sa a,
9801  2KI 10:4  Men mesye yo te pè anpil, yo di: De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'!
9802  2KI 10:5  Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon.
9803  2KI 10:6  Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo.
9806  2KI 10:9  Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?
9810  2KI 10:13  li jwenn ak kèk fanmi Okozyas, wa peyi Jida a. Li mande yo: Ki moun nou ye? Yo reponn li: Nou se fanmi wa Okozyas. Nou pral di pitit wa a ak pitit larenn lan bonjou.
9811  2KI 10:14  Jeou bay moun ki te avè l' yo lòd sa a: Pran yo tou vivan! Yo pran yo tou vivan, yo koupe kou yo bò kan gadò mouton yo. Te gen karannde moun antou. Yo pa kite yonn ladan yo vivan.
9812  2KI 10:15  Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.
9813  2KI 10:16  Li di l' konsa: Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a.
9815  2KI 10:18  Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'.
9819  2KI 10:22  Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.
9820  2KI 10:23  Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou.
9821  2KI 10:24  Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li.
9822  2KI 10:25  Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal, li di gad yo ak kaptenn yo: Antre, touye yo tout! Pa kite yonn ladan yo chape! Mesye Jeou yo antre ak nepe nan men yo, yo touye tout moun, yo trennen kadav yo met deyò. Lèfini, yo tounen nan pyès kote lotèl la ye nan tanp Baal la.
9827  2KI 10:30  Seyè a di Jeou konsa: Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon.
9838  2KI 11:5  Apre sa, li ba yo lòd sa a: Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,
9847  2KI 11:14  Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: Men yo moute yon konplo sou do m!
9848  2KI 11:15  Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a.
9858  2KI 12:5  Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a.
9861  2KI 12:8  Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan.
9889  2KI 13:14  Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!
9890  2KI 13:15  Elize di li: Pran yon banza ak kèk flèch. Wa a pran yon banza ak kèk flèch.
9891  2KI 13:16  Lè sa a, Elize di l' konsa: Pare ou pou ou tire yon flèch. Wa a pare. Elize mete men pa l' sou men wa a.
9892  2KI 13:17  Li di l': Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a. Wa a louvri fennèt la. Elize di li: Koulye a tire! Wa a tire flèch la, lè sa a Elize pale byen fò li di: Men flèch Seyè a voye pou bay delivrans lan, flèch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afèk jouk ou a fini ak yo.
9893  2KI 13:18  Apre sa, Elize di wa a: Pran lòt flèch yo! Wa a pran flèch yo. Elize di li: Frape yo atè. Wa a frape yo atè an twa fwa epi li rete.
9894  2KI 13:19  Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l' konsa: Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase.
9909  2KI 14:9  Joas voye reponn li: Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an.
9974  2KI 16:7  Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.
9982  2KI 16:15  Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.
10042  2KI 18:14  Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.
10047  2KI 18:19  Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a?
10054  2KI 18:26  Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
10055  2KI 18:27  Men, chèf gad palè a di yo an ebre: An! Nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Yo menm tou yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!
10056  2KI 18:28  Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou.
10068  2KI 19:3  Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
10071  2KI 19:6  men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.
10075  2KI 19:10  Li di yo: Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.
10080  2KI 19:15  Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
10085  2KI 19:20  Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
10094  2KI 19:29  Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
10103  2KI 20:1  Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
10105  2KI 20:3  Li di: Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
10107  2KI 20:5  Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
10110  2KI 20:8  Lè sa a, wa a mande Ezayi: Kisa ki pral fè m' konnen Seyè a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyè a?
10111  2KI 20:9  Ezayi reponn li: Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?
10112  2KI 20:10  Ezekyas di l': Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak.
10116  2KI 20:14  Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
10117  2KI 20:15  Ezayi di l' konsa: Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
10118  2KI 20:16  Ezayi di wa Ezekyas konsa: Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou:
10121  2KI 20:19  Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
10134  2KI 21:11  Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal.
10153  2KI 22:4  Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la.
10157  2KI 22:8  Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.
10158  2KI 22:9  Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a.
10159  2KI 22:10  Lèfini, li di wa a: Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a.
10162  2KI 22:13  Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.
10164  2KI 22:15  Oulda reponn: Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan:
10186  2KI 23:17  Li mande: Ki gwo tonm mwen wè laba a: Moun Betèl yo reponn: Se tonm pwofèt ki te soti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la.
10187  2KI 23:18  Jozyas di: Bon. Kite l' jan li ye a! Piga pesonn manyen zosman li yo. Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te soti lavil Samari a.
10196  2KI 23:27  Se poutèt sa, Seyè a di: Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
10250  2KI 25:24  Gedalya di yo: Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.
28762  1CO 14:16  Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn amèn lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a?