Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   —    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

9540  2KI 1:3  Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.
9542  2KI 1:5  Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: Poukisa nou tounen?
9543  2KI 1:6  Yo reponn li: Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9544  2KI 1:7  Wa a mande yo: Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
9545  2KI 1:8  Msye yo reponn li: Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: Se Eli, moun lavil Tichbe a.
9546  2KI 1:9  Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.
9547  2KI 1:10  Eli reponn: Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9548  2KI 1:11  Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.
9549  2KI 1:12  Eli reponn: Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9550  2KI 1:13  Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!
9552  2KI 1:15  Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.
9553  2KI 1:16  Li di wa a konsa: Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9557  2KI 2:2  Eli di Elize konsa: Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
9558  2KI 2:3  Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
9559  2KI 2:4  Apre sa, Eli di Elize: Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
9560  2KI 2:5  Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
9561  2KI 2:6  Apre sa, Eli di Elize: Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
9564  2KI 2:9  Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
9565  2KI 2:10  Eli di li: Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.
9567  2KI 2:12  Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
9569  2KI 2:14  Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
9570  2KI 2:15  Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
9571  2KI 2:16  Yo di li: Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
9572  2KI 2:17  Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
9573  2KI 2:18  Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!
9574  2KI 2:19  Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.
9575  2KI 2:20  Elize di yo: Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.
9576  2KI 2:21  Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.
9578  2KI 2:23  Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
9587  2KI 3:7  Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
9588  2KI 3:8  Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
9590  2KI 3:10  Joram, wa peyi Izrayèl la, di: Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.
9591  2KI 3:11  Jozafa mande: Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
9592  2KI 3:12  Jozafa di: Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
9593  2KI 3:13  Elize di wa Izrayèl la konsa: Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
9594  2KI 3:14  Elize reponn: Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.
9596  2KI 3:16  Elize di: Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
9603  2KI 3:23  Yo di: Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
9608  2KI 4:1  Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
9609  2KI 4:2  Elize mande l': Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.
9610  2KI 4:3  Lè sa a Elize di li: Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
9613  2KI 4:6  Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.
9614  2KI 4:7  Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.
9616  2KI 4:9  Yon lè, madanm lan di mari l': Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye.
9620  2KI 4:13  Elize di Gerazi konsa: Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la.
9621  2KI 4:14  Elize mande Gerazi: Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun!
9622  2KI 4:15  Elize di: Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
9623  2KI 4:16  Elize di li: Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.
9626  2KI 4:19  li rete konsa, li di papa l': Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: Pote ti gason an bay manman l'.
9629  2KI 4:22  Li fè rele mari li, li di l' konsa: Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize.
9630  2KI 4:23  Mari a mande l': Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: Sa pa fè anyen!
9631  2KI 4:24  Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete.
9632  2KI 4:25  Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.
9634  2KI 4:27  Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
9635  2KI 4:28  Lè sa a madanm lan di: Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa?
9636  2KI 4:29  Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.
9637  2KI 4:30  Men manman ti gason an di Elize konsa: Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.
9638  2KI 4:31  Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': Ti gason an pa leve.
9643  2KI 4:36  Elize rele Gerazi, li di l': Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': Men pitit gason ou lan.
9645  2KI 4:38  Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
9647  2KI 4:40  Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.
9648  2KI 4:41  Men Elize di: Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.
9650  2KI 4:43  Men domestik la di l': Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
9654  2KI 5:3  Yon jou, li di metrès li a: Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.
9656  2KI 5:5  Wa Siri a reponn: Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (030.000) pyès ajan, simil (06.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.
9658  2KI 5:7  Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
9659  2KI 5:8  Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
9661  2KI 5:10  Men Elize voye yon mesaje di l': Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
9662  2KI 5:11  Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.
9664  2KI 5:13  Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?
9666  2KI 5:15  Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
9667  2KI 5:16  Men Elize di l': Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.
9668  2KI 5:17  Lè sa a, Naaman di: Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m' ti gout tè pou m' chaje sou de milèt pote ale avè m'. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou ankenn lòt bondye pase pou Seyè a.
9670  2KI 5:19  Elize reponn li: Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,
9671  2KI 5:20  Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
9672  2KI 5:21  Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': Ki malè ki rive?
9673  2KI 5:22  Gerazi reponn li: Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.
9674  2KI 5:23  Naaman reponn: Tanpri, pran sisan (0600) pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.
9676  2KI 5:25  Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: M' pa t al ankenn kote non, mèt!
9677  2KI 5:26  Elize di li: Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
9679  2KI 6:1  Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
9680  2KI 6:2  Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: Ale non!
9681  2KI 6:3  Yonn nan pwofèt yo mande l': Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: Dakò.
9683  2KI 6:5  Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi!
9684  2KI 6:6  Elize mande l': Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.
9685  2KI 6:7  Elize di l': Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.
9689  2KI 6:11  Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
9690  2KI 6:12  Yonn nan chèf yo reponn: Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.
9691  2KI 6:13  Wa peyi Siri a di: Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan.
9693  2KI 6:15  Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
9694  2KI 6:16  Elize reponn li: Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
9695  2KI 6:17  Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
9696  2KI 6:18  Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la.
9697  2KI 6:19  Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari.
9698  2KI 6:20  Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.
9699  2KI 6:21  Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: Touye yo, papa mwen? Touye yo?
9700  2KI 6:22  Elize reponn li: Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!
9704  2KI 6:26  Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!
9705  2KI 6:27  Wa a reponn: Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven?
9706  2KI 6:28  Sa ou genyen? Madanm lan reponn: Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la.