113 | GEN 5:7 | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
131 | GEN 5:25 | Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. |
132 | GEN 5:26 | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
137 | GEN 5:31 | Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (0777 an). |
288 | GEN 11:21 | Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. |
573 | GEN 23:1 | Sara viv sanvennsetan (0127 an). |
666 | GEN 25:7 | Abraram te viv sanswasannkenzan (0175 an). |
676 | GEN 25:17 | Izmayèl te gen santrannsetan (0137 an) lè l' mouri. Y al antere l' menm kote ak moun li yo ki te mouri deja. |
1449 | GEN 47:28 | Jakòb pase disèt lanne nan peyi Lejip. Li te rive gen sankarannsèt (0147) lanne sou tèt li. |
1672 | EXO 6:16 | Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (0137 an). |
1676 | EXO 6:20 | Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (0137 an). |
2659 | EXO 38:25 | Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (010.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a. |
2661 | EXO 38:27 | Nan dimil swasanndis (010.070) liv ajan yo, dimil (010.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. |
2663 | EXO 38:29 | Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis (07.090) liv kwiv antou. |
3632 | NUM 1:27 | yo jwenn swasannkatòzmil sisan (074.600) gason. |
3636 | NUM 1:31 | yo jwenn senkannsètmil katsan (057.400) gason. |
3644 | NUM 1:39 | yo jwenn swasanndemil sètsan (062.700) gason. |
3663 | NUM 2:4 | Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (074.600) gason nan divizyon sa a. |
3667 | NUM 2:8 | Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (057.400) gason nan divizyon sa a. |
3685 | NUM 2:26 | Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (062.700) gason nan divizyon sa a. |
3690 | NUM 2:31 | Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (0157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo. |
3715 | NUM 3:22 | Lè yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sètmil senksan (07.500) gason. |
3736 | NUM 3:43 | Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz (022.273). |
3739 | NUM 3:46 | Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (0273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo. |
3780 | NUM 4:36 | Yo jwenn demil sètsansenkant (02.750) gason antou nan |
4244 | NUM 17:14 | Te gen katòzmil sètsan moun (014.700) antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo. |
4498 | NUM 26:7 | Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (043.730) gason nan branch fanmi sa a. |
4513 | NUM 26:22 | Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (076.500) gason nan branch fanmi sa a. |
4525 | NUM 26:34 | Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (052.700) gason nan branch fanmi sa a. |
4542 | NUM 26:51 | Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant (0601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la. |
4698 | NUM 31:32 | San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil (0675.000) mouton ak kabrit, |
4699 | NUM 31:33 | swasanndouzmil (072.000) bèf, |
4702 | NUM 31:36 | Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Seyè a ladan l'. Sa te fè twasantrannsètmil senksan (0337.500) mouton ak kabrit, |
4703 | NUM 31:37 | ak sisanswasannkenz (0675) ladan yo pou Seyè a, |
4709 | NUM 31:43 | men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan (0337.500) mouton ak kabrit, |
7071 | JDG 20:15 | Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (026.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (0700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi. |
7072 | JDG 20:16 | Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (0700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa. |
8216 | 2SA 8:4 | David pran mil sètsan (01700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo. |
8261 | 2SA 10:18 | Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an. |
8710 | 2SA 24:15 | Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri. |
8896 | 1KI 5:29 | Salomon te gen katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (070.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm, |
9114 | 1KI 11:3 | Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. |
9408 | 1KI 19:18 | Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo. |
9426 | 1KI 20:15 | Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde (0232) sòlda antou. Apre sa, li fè rele tout lame pèp Izrayèl la, li jwenn sètmil (07.000) gason. |
9441 | 1KI 20:30 | Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon. |
9606 | 2KI 3:26 | Lè wa peyi Moab la wè li t'ap pèdi batay la, li pran sètsan (0700) sòlda avè l'. Avèk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sòlda Izrayèl yo al fè wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pa t' kapab. |
10202 | 2KI 23:33 | Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. |
10222 | 2KI 24:16 | Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (07.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè. |
10450 | 1CH 5:18 | Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (044.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè. |
10544 | 1CH 7:5 | Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (087.000) gason antou, tout vanyan sòlda. |
10550 | 1CH 7:11 | Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (017.200) gason bon pou fè lagè. |
10632 | 1CH 9:13 | Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant (01.760) moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a. |
10750 | 1CH 12:26 | Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (07.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè. |
10752 | 1CH 12:28 | plis twamilsètsan (03.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo. |
10759 | 1CH 12:35 | Nan branch fanmi Neftali a, mil (01000) chèf ansanm ak trannsètmil (037.000) gason ak plak pwotèj ak frenn. |
10899 | 1CH 18:4 | David pran mil (01.000) cha lagè, sèt mil (07.000) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san (0100) cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo. |
10930 | 1CH 19:18 | Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (07.000) cha lagè ak karantmil (040.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an. |
10944 | 1CH 21:5 | Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (01.100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (0470.000) nan peyi Jida a. |
10953 | 1CH 21:14 | Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la. |
11112 | 1CH 26:30 | Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan (01700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen. |
11114 | 1CH 26:32 | Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan (02700) vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen. |
11176 | 1CH 29:7 | Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. |
11218 | 2CH 2:1 | Li mete swasanndimil (070.000) moun ap travay pote materyo, katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan mòn. Te gen twamilsisan (03.600) moun reskonsab kontwole travay la. |
11234 | 2CH 2:17 | Li pran swasanndimil (070.000) ladan yo pou pote materyo, katrevenmil (080.000) pou taye wòch nan mòn yo. Lèfini, li pran twamilsisan (03.600) ki rete yo, li mete yo fòmann reskonsab pou fè pèp la travay. |
11506 | 2CH 15:11 | Jou sa a, yo pran sètsan (0700) bèf ak sètmil (07.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a. |
11539 | 2CH 17:11 | Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado. |
11750 | 2CH 26:13 | Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan (0307.500) sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo. |
11856 | 2CH 30:24 | Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a. |
12001 | 2CH 36:3 | Neko, wa peyi Lejip la, mete l' atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (07500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. |
12035 | EZR 2:3 | Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (02.172) moun. |
12036 | EZR 2:4 | Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (0372) moun. |
12037 | EZR 2:5 | Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz (0775) moun. |
12041 | EZR 2:9 | Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (0760) moun. |
12057 | EZR 2:25 | Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (0743) moun. |
12065 | EZR 2:33 | Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (0725) moun. |
12068 | EZR 2:36 | Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (0973) moun. |
12070 | EZR 2:38 | Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt (01.247) moun. |
12071 | EZR 2:39 | Nan pitit Arim yo, mildisèt (01.017) moun. |
12097 | EZR 2:65 | Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (07.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (0200) gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante. |
12098 | EZR 2:66 | Te gen sètsanswasannsis (0766) chwal, desankarannsenk (0245) milèt, |
12099 | EZR 2:67 | katsantrannsenk chamo (0435) ak simil sètsanven (06.720) bourik. |
12101 | EZR 2:69 | Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (016.520) ons lò, sandisètmil (0117.000) ons ajan ak san (0100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo. |
12233 | EZR 8:27 | ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis (0270) ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo. |
12433 | NEH 7:8 | Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (02.172) moun, |
12434 | NEH 7:9 | nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (0372) moun, |
12439 | NEH 7:14 | nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant (0760) moun, |
12443 | NEH 7:18 | nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (0667) moun, |
12444 | NEH 7:19 | nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (02.067) moun, |
12454 | NEH 7:29 | pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (0743) moun, |
12462 | NEH 7:37 | pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (0721) moun, |
12464 | NEH 7:39 | Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (0973) moun, |
12466 | NEH 7:41 | nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (01.247) moun, |
12467 | NEH 7:42 | nan pitit Arim yo, mil disèt (01.017) moun. |
12492 | NEH 7:67 | Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (07.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (0200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante. |
12493 | NEH 7:68 | Te gen sètsanswasannsis (0766) chwal, desankarannsenk (0245) milèt, katsantrannsenk (0435) chamo ak simil sètsanven (06.720) bourik. |