Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   J    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

64  GEN 3:8  Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
100  GEN 4:20  Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.
101  GEN 4:21  Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif.
108  GEN 5:2  Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
121  GEN 5:15  Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
122  GEN 5:16  Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
124  GEN 5:18  Jerèd te gen sanswanndezan (0162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
125  GEN 5:19  Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
126  GEN 5:20  Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (0962 an).
138  GEN 5:32  Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
148  GEN 6:10  Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
171  GEN 7:11  Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.
173  GEN 7:13  Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,
224  GEN 9:18  Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.
229  GEN 9:23  Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
233  GEN 9:27  Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.
236  GEN 10:1  Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
237  GEN 10:2  Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
239  GEN 10:4  Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
240  GEN 10:5  Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
251  GEN 10:16  Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,
256  GEN 10:21  Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.
260  GEN 10:25  Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.
261  GEN 10:26  Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak,
264  GEN 10:29  Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.
296  GEN 11:29  Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.
329  GEN 13:10  Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)
330  GEN 13:11  Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe.
382  GEN 15:21  moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.
421  GEN 17:23  Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la.
522  GEN 21:8  Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l' la, Abraram fè yon gwo fèt.
570  GEN 22:22  Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl.
616  GEN 24:24  Jenn fi a reponn: -Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò.
620  GEN 24:28  Jenn fi a kouri lakay manman l'. Li rakonte tout sa ki te rive.
634  GEN 24:42  Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.
661  GEN 25:2  Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak.
662  GEN 25:3  Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.
674  GEN 25:15  Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma.
685  GEN 25:26  Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt.
686  GEN 25:27  Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.
687  GEN 25:28  Izarak te pito Ezaou, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb.
688  GEN 25:29  Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezaou antre sot nan jaden, li te bouke anpil.
689  GEN 25:30  Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.
690  GEN 25:31  Men Jakòb di l': -M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.
692  GEN 25:33  Jakòb di li: -Fè m' sèman anvan. Ezaou fè sèman ba li, li vann li dwa l' kòm premye pitit.
693  GEN 25:34  Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezaou manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezaou te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.
720  GEN 26:27  Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!
727  GEN 26:34  Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.
734  GEN 27:6  Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a: -Men mwen fèk tande papa ou di Ezaou, frè ou la:
739  GEN 27:11  Jakòb reponn manman l': -Men manman, Ezaou, frè mwen an, gen pwal sou tout kò li. Mwen menm, po pa m' lis.
742  GEN 27:14  Jakòb ale chache bèt yo, li mennen yo bay manman l'. Manman l' pare yon manje jan li konnen papa a te renmen l' lan.
743  GEN 27:15  Apre sa, Rebeka pran rad Ezaou, premye pitit li a, pi bèl rad Ezaou te gen lakay la, li mete yo anwo Jakòb, dezyèm pitit li a.
744  GEN 27:16  Avèk po ti kabrit yo, li kouvri bra ak kou Jakòb.
745  GEN 27:17  Apre sa, li bay Jakòb manje a avèk pen li te fè.
746  GEN 27:18  Jakòb al jwenn papa l', li di: -Papa. Izarak reponn li: -Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a?
747  GEN 27:19  Jakòb reponn: -Se mwen menm Ezaou, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m' fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, wa ban mwen benediksyon.
748  GEN 27:20  Izarak di Jakòb: -Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: -Seyè a, Bondye ou la, ede m'. Li fè jibye a vin devan mwen.
750  GEN 27:22  Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l', ki manyen l'. Epi Izarak di: -Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezaou.
751  GEN 27:23  Li pa t' rekonèt Jakòb, paske bra li te plen pwal tankou bra Ezaou, frè li a. Izarak beni l'.
752  GEN 27:24  Li di l': -Se vre, se Ezaou, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: -Se mwen wi.
753  GEN 27:25  Izarak di l': -Sèvi m' non. m'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l' manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè.
755  GEN 27:27  Jakòb pwoche, li bo papa l'. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l'. Li di l': -Sant kò pitit mwen an tankou sant yon jaden Seyè a beni.
758  GEN 27:30  Izarak te fin beni Jakòb. Jakòb te fèk kite papa li, Izarak, lè Ezaou, frè li a, antre soti lachas.
764  GEN 27:36  Ezaou di: -Sa fè dezyèm fwa li pran sak pou mwen. Eske se paske li rele Jakòb la kifè l'ap pase devan m' konsa? Premye fwa a, li te pran dwa m' kòm premye pitit. Men koulye a, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: -Men papa, èske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen?
769  GEN 27:41  Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
770  GEN 27:42  Yo vin rapòte bay Rebeka sa ki te soti nan bouch Ezaou, premye pitit gason l' lan. Li fè rele Jakòb, dezyèm pitit li a, li di l': -Koute! Ezaou, frè ou la, vle tire revanj sou ou. Li vle touye ou.
774  GEN 27:46  Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!
775  GEN 28:1  Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
779  GEN 28:5  Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou.
780  GEN 28:6  Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
781  GEN 28:7  Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami.
784  GEN 28:10  Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan.
790  GEN 28:16  Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t' konn sa.
792  GEN 28:18  Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.
794  GEN 28:20  Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,
797  GEN 29:1  Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.
800  GEN 29:4  Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m' yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan.
803  GEN 29:7  Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje?
805  GEN 29:9  Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li.
806  GEN 29:10  Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l' lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè.
808  GEN 29:12  Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l' sa.
809  GEN 29:13  Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l', li pase men nan kou l', li bo l', epi li mennen l' lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l' tout sak te pase.
810  GEN 29:14  Lè sa a, Laban di l': -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban.
811  GEN 29:15  Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou?
814  GEN 29:18  Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
816  GEN 29:20  Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
817  GEN 29:21  Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'.
819  GEN 29:23  Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l' bay Jakòb ki kouche avè l'.
821  GEN 29:25  Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a?
824  GEN 29:28  Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l' la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou.
826  GEN 29:30  Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
827  GEN 29:31  Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit.
831  GEN 29:35  Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
832  GEN 30:1  Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!
833  GEN 30:2  Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.