32 | GEN 2:1 | Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. |
44 | GEN 2:13 | Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. |
45 | GEN 2:14 | Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. |
65 | GEN 3:9 | Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye? |
67 | GEN 3:11 | Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a? |
78 | GEN 3:22 | Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan. |
81 | GEN 4:1 | Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. |
82 | GEN 4:2 | Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. |
83 | GEN 4:3 | Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. |
85 | GEN 4:5 | Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. |
86 | GEN 4:6 | Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? |
88 | GEN 4:8 | Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li. |
89 | GEN 4:9 | Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'? |
90 | GEN 4:10 | Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. |
91 | GEN 4:11 | Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou. |
93 | GEN 4:13 | Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'. |
95 | GEN 4:15 | Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li. |
96 | GEN 4:16 | Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a. |
97 | GEN 4:17 | Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan. |
102 | GEN 4:22 | Zila menm bò pa l' te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama. |
104 | GEN 4:24 | Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
115 | GEN 5:9 | Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. |
116 | GEN 5:10 | Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
118 | GEN 5:12 | Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. |
119 | GEN 5:13 | Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
120 | GEN 5:14 | Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (0910 an). |
138 | GEN 5:32 | Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
144 | GEN 6:6 | Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn. |
148 | GEN 6:10 | Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
158 | GEN 6:20 | Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri. |
163 | GEN 7:3 | Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. |
173 | GEN 7:13 | Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, |
190 | GEN 8:6 | Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an. |
191 | GEN 8:7 | Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. |
195 | GEN 8:11 | Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè. |
209 | GEN 9:3 | Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. |
211 | GEN 9:5 | Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont. |
217 | GEN 9:11 | Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè. |
218 | GEN 9:12 | Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li. |
224 | GEN 9:18 | Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran. |
228 | GEN 9:22 | Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa. |
229 | GEN 9:23 | Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni. |
231 | GEN 9:25 | Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo. |
232 | GEN 9:26 | Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm. |
233 | GEN 9:27 | Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo. |
236 | GEN 10:1 | Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè. |
239 | GEN 10:4 | Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. |
241 | GEN 10:6 | Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. |
242 | GEN 10:7 | Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. |
243 | GEN 10:8 | Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. |
245 | GEN 10:10 | Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea. |
246 | GEN 10:11 | Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak. |
247 | GEN 10:12 | Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil. |
249 | GEN 10:14 | peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti. |
250 | GEN 10:15 | Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et. |
251 | GEN 10:16 | Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, |
253 | GEN 10:18 | Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye. |
254 | GEN 10:19 | Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. |
255 | GEN 10:20 | Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. |
271 | GEN 11:4 | Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. |
273 | GEN 11:6 | Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. |
274 | GEN 11:7 | Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. |
295 | GEN 11:28 | Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. |
298 | GEN 11:31 | Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. |
300 | GEN 12:1 | Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la. |
303 | GEN 12:4 | Abram pati jan Seyè a te di l' la. Lòt pati ansanm avè l' tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan. |
304 | GEN 12:5 | Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l' nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a. |
305 | GEN 12:6 | Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a. |
310 | GEN 12:11 | Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm. |
314 | GEN 12:15 | Kèk grannèg nan gouvènman an wè sa tou, y al di farawon an jan li te bèl. Epi yo mennen Sarayi nan palè a. |
317 | GEN 12:18 | Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li. Kisa ou fè m' konsa? Poukisa ou pa t' di m' se madanm ou Sarayi ye? |
326 | GEN 13:7 | Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a. |
331 | GEN 13:12 | Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm. |
333 | GEN 13:14 | Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, |
336 | GEN 13:17 | Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li. |
338 | GEN 14:1 | Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo. |
341 | GEN 14:4 | Pandan douzan, senk wa sa yo te soumèt devan Kedòlaòmè. Lanne ki fè yo trèzan an, yo revòlte. |
342 | GEN 14:5 | Lanne apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim. |
346 | GEN 14:9 | kont Kedòlaòmè, wa Elam, Tideal, wa lòt nasyon yo, Anmrafèl, wa Chenea ak Ajòch, wa Elaza. Sa te fè kat wa kont senk wa. |
348 | GEN 14:11 | Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo. |
354 | GEN 14:17 | Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l' nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou. |
360 | GEN 14:23 | mwen p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich. |
366 | GEN 15:5 | Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la. |
368 | GEN 15:7 | Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou. |
373 | GEN 15:12 | Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l' nan dòmi an. Kote l' te ye a vin fè tout nwa. |
374 | GEN 15:13 | Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an). |
375 | GEN 15:14 | Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès. |