2 | GEN 1:2 | Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. |
10 | GEN 1:10 | Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
16 | GEN 1:16 | Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. |
17 | GEN 1:17 | Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, |
25 | GEN 1:25 | Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
26 | GEN 1:26 | Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. |
27 | GEN 1:27 | Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. |
28 | GEN 1:28 | Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. |
34 | GEN 2:3 | Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a. |
35 | GEN 2:4 | Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la, |
36 | GEN 2:5 | pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè. |
38 | GEN 2:7 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan. |
41 | GEN 2:10 | Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. |
45 | GEN 2:14 | Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. |
50 | GEN 2:19 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt. |
52 | GEN 2:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. |
54 | GEN 2:23 | Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti. |
57 | GEN 3:1 | Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? |
60 | GEN 3:4 | Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. |
62 | GEN 3:6 | Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou. |
72 | GEN 3:16 | Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. |
77 | GEN 3:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo. |
79 | GEN 3:23 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. |
81 | GEN 4:1 | Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. |
85 | GEN 4:5 | Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. |
86 | GEN 4:6 | Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? |
87 | GEN 4:7 | Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. |
90 | GEN 4:10 | Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. |
92 | GEN 4:12 | Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. W'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. |
97 | GEN 4:17 | Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan. |
98 | GEN 4:18 | Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk. |
99 | GEN 4:19 | Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila. |
103 | GEN 4:23 | Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò. |
104 | GEN 4:24 | Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
107 | GEN 5:1 | Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. |
108 | GEN 5:2 | Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. |
110 | GEN 5:4 | Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
111 | GEN 5:5 | Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (0930 an). |
113 | GEN 5:7 | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
114 | GEN 5:8 | Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (0912 an). |
116 | GEN 5:10 | Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
117 | GEN 5:11 | Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (0905 an). |
119 | GEN 5:13 | Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
120 | GEN 5:14 | Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (0910 an). |
122 | GEN 5:16 | Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
123 | GEN 5:17 | Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (0895 an). |
125 | GEN 5:19 | Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
126 | GEN 5:20 | Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (0962 an). |
128 | GEN 5:22 | Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
130 | GEN 5:24 | Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. |
131 | GEN 5:25 | Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. |
132 | GEN 5:26 | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
133 | GEN 5:27 | Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (0969 an). |
134 | GEN 5:28 | Lemèk te gen sankatrevendezan (0182 an) lè li vin gen yon pitit gason. |
135 | GEN 5:29 | Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. |
136 | GEN 5:30 | Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (0595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
137 | GEN 5:31 | Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (0777 an). |
139 | GEN 6:1 | Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi. |
141 | GEN 6:3 | Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv. |
142 | GEN 6:4 | Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo. |
144 | GEN 6:6 | Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn. |
147 | GEN 6:9 | Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. |
148 | GEN 6:10 | Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
151 | GEN 6:13 | Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. |
167 | GEN 7:7 | Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an. |
172 | GEN 7:12 | Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit. |
181 | GEN 7:21 | Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. |
186 | GEN 8:2 | Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. |
191 | GEN 8:7 | Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. |
193 | GEN 8:9 | Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò. |
194 | GEN 8:10 | Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an. |
196 | GEN 8:12 | Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò. |
199 | GEN 8:15 | Lè sa a, Bondye di Noe: |
204 | GEN 8:20 | Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. |
205 | GEN 8:21 | Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la. |
221 | GEN 9:15 | Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. |
222 | GEN 9:16 | Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè. |
226 | GEN 9:20 | Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen. |
227 | GEN 9:21 | Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li. |
228 | GEN 9:22 | Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa. |
230 | GEN 9:24 | Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'. |
231 | GEN 9:25 | Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo. |
232 | GEN 9:26 | Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm. |
235 | GEN 9:29 | Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan (0950 an). |
247 | GEN 10:12 | Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil. |
248 | GEN 10:13 | Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou, |
254 | GEN 10:19 | Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. |