Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   M    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

2  GEN 1:2  Men latè pa t' genm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
28  GEN 1:28  Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a.
29  GEN 1:29  Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.
30  GEN 1:30  Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.
37  GEN 2:6  Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a.
48  GEN 2:17  Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
49  GEN 2:18  Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
51  GEN 2:20  Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.
52  GEN 2:21  Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fèmi pran nonm lan. Msye mi nèt ale. Pandan l'apmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, limen twou a byenmen.
56  GEN 2:25  Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.
59  GEN 3:3  Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.
63  GEN 3:7  Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo.
65  GEN 3:9  Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye?
66  GEN 3:10  Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.
72  GEN 3:16  Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
81  GEN 4:1  Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.
85  GEN 4:5  Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare.
87  GEN 4:7  Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.
89  GEN 4:9  Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'?
93  GEN 4:13  Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
94  GEN 4:14  Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.
97  GEN 4:17  Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan.
98  GEN 4:18  Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.
103  GEN 4:23  Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò.
104  GEN 4:24  Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa.
105  GEN 4:25  Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt.
107  GEN 5:1  Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
118  GEN 5:12  Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
119  GEN 5:13  Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
121  GEN 5:15  Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
122  GEN 5:16  Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
123  GEN 5:17  Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (0895 an).
127  GEN 5:21  Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
128  GEN 5:22  Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
131  GEN 5:25  Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
132  GEN 5:26  Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
133  GEN 5:27  Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (0969 an).
141  GEN 6:3  Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv.
145  GEN 6:7  Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.
146  GEN 6:8  Men, Noe te fè Bondye plezi.
147  GEN 6:9  Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.
149  GEN 6:11  Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
151  GEN 6:13  Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
153  GEN 6:15  Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant (0450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè.
155  GEN 6:17  Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.
156  GEN 6:18  Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.
164  GEN 7:4  Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.
173  GEN 7:13  Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo,m, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,
185  GEN 8:1  Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
193  GEN 8:9  Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.
195  GEN 8:11  Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.
205  GEN 8:21  Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
208  GEN 9:2  Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.
209  GEN 9:3  Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.
211  GEN 9:5  Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
215  GEN 9:9  -Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.
216  GEN 9:10  M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.
218  GEN 9:12  Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.
219  GEN 9:13  M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.
224  GEN 9:18  Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an:m, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.
229  GEN 9:23  Men, m ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
231  GEN 9:25  Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.
236  GEN 10:1  Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo,m, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
237  GEN 10:2  Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
241  GEN 10:6  Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.
246  GEN 10:11  Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak.
248  GEN 10:13  Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou,
257  GEN 10:22  Men pitit gasonm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.
258  GEN 10:23  Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.
265  GEN 10:30  Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a.
270  GEN 11:3  Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye.
277  GEN 11:10  Men pitit pititm yo. Dezan apre inondasyon an,m te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.
294  GEN 11:27  Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.
296  GEN 11:29  Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.
298  GEN 11:31  Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
301  GEN 12:2  M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
302  GEN 12:3  M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
305  GEN 12:6  Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.
306  GEN 12:7  Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
309  GEN 12:10  Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t' gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan.
316  GEN 12:17  Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Seyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a.
318  GEN 12:19  Poukisa ou te di m' se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l' pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l', al fè wout ou.
327  GEN 13:8  Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo.
328  GEN 13:9  Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat.
332  GEN 13:13  Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
335  GEN 13:16  Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
337  GEN 13:18  Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.
350  GEN 14:13  Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. tout de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram.