Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   O    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

47  GEN 2:16  Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
71  GEN 3:15  Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
73  GEN 3:17  Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
159  GEN 6:21  Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou.
258  GEN 10:23  Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.
262  GEN 10:27  Adoram, Ouzal, Dikla,
263  GEN 10:28  Obal, Abimayèl, Seba,
264  GEN 10:29  Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.
295  GEN 11:28  Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la.
298  GEN 11:31  Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
310  GEN 12:11  Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.
352  GEN 14:15  La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas.
358  GEN 14:21  Lèfini, wa Sodòm lan di Abram. Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman.
364  GEN 15:3  Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'.
368  GEN 15:7  Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.
384  GEN 16:2  Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
388  GEN 16:6  Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
393  GEN 16:11  Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
395  GEN 16:13  Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.
406  GEN 17:8  Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
418  GEN 17:20  Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
430  GEN 18:5  'a pote yon ti manje pou ou soutni ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.
450  GEN 18:25  Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
454  GEN 18:29  Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la.
455  GEN 18:30  Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la.
476  GEN 19:18  Men, Lòt reponn li. O! Non, Mèt. Tanpri, pa mande m' tout sa.
477  GEN 19:19  Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen.
478  GEN 19:20  Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'.
499  GEN 20:3  Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
526  GEN 21:12  Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
531  GEN 21:17  Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
564  GEN 22:16  -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
569  GEN 22:21  Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,
578  GEN 23:6  -Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou.
623  GEN 24:31  Laban di l': -Antre non. Ou se yon nonm Seyè a beni. Poukisa ou rete deyò a konsa? Mwen pare yon kote pou ou nan kay la. Gen plas pou chamo ou yo tou.
632  GEN 24:40  Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan.
636  GEN 24:44  Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an.
682  GEN 25:23  Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
709  GEN 26:16  Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.
717  GEN 26:24  Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
730  GEN 27:2  Izarak di l': -Ou wè jan m' fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri.
741  GEN 27:13  Men manman an reponn: -Madichon la ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen.
787  GEN 28:13  Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
788  GEN 28:14  Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
811  GEN 29:15  Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou?
815  GEN 29:19  Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.
846  GEN 30:15  Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan.
857  GEN 30:26  Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m' ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou.
860  GEN 30:29  Jakòb di l': -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m'.
862  GEN 30:31  Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo.
887  GEN 31:13  Mwen se Bondye ki te parèt devan ou ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.
900  GEN 31:26  Laban di Jakòb: -Kisa ou konsa? Ou twonpe m', ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè.
902  GEN 31:28  Ou pa menm kite m' bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m' yo. Ou aji tankou moun fou, monchè!
911  GEN 31:37  Ou fin fouye tout zafè m' yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l' la devan moun pa ou yo ak moun pa m' yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon!
913  GEN 31:39  Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen.
938  GEN 32:10  Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.
970  GEN 33:9  Ezaou di l': -Frè mwen, mwen gen tout sa m' bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou.
1029  GEN 35:17  doulè a te pi rèd, fanmchay la di l': -Ou pa bezwen pè. Ou yon pitit gason ankò.
1043  GEN 36:2  Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi.
1046  GEN 36:5  Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.
1052  GEN 36:11  Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz.
1055  GEN 36:14  Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon.
1056  GEN 36:15  Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz,
1059  GEN 36:18  Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana.
1061  GEN 36:20  Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,
1062  GEN 36:21  Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon.
1063  GEN 36:22  Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan.
1066  GEN 36:25  Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi.
1069  GEN 36:28  Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran.
1070  GEN 36:29  Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,
1071  GEN 36:30  Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi.
1075  GEN 36:34  Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.
1076  GEN 36:35  Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit.
1082  GEN 36:41  Olibama, Ela, Penon,
1092  GEN 37:8  Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.
1124  GEN 38:4  Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan.
1128  GEN 38:8  Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.
1129  GEN 38:9  Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a.
1131  GEN 38:11  Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.
1186  GEN 40:13  Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a.
1188  GEN 40:15  Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon.
1206  GEN 41:10  Yon jou, monwa, ou te ankòlè sou sèvitè ou yo. Ou te fè mete yo nan prizon lakay kòmandan gad palè ou la. Se te mwen menm, chèf kanbiz ou a, ansanm ak chèf boulanje ou la.
1241  GEN 41:45  Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la.
1246  GEN 41:50  Anvan lanne grangou yo mete pye, Jozèf te gen tan gen de pitit ak Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an.
1290  GEN 42:37  Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou.
1303  GEN 43:12  Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wè sa.
1343  GEN 44:18  Lè sa a, Jida pwoche kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.
1346  GEN 44:21  Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.
1369  GEN 45:10  Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.
1378  GEN 45:19  Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.
1390  GEN 46:3  Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.
1397  GEN 46:10  Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran.
1399  GEN 46:12  Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.
1407  GEN 46:20  Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li.
1408  GEN 46:21  Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad.
1410  GEN 46:23  Men non pitit gason Dann lan: Ouchim.
1446  GEN 47:25  Yo reponn li: -Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an.
1456  GEN 48:4  Li di m' konsa: M'ap ba ou anpil pitit ak pitit pitit. M'ap fè yo tounen anpil nasyon. Ou wè tè sa a? M'ap bay pitit pitit ou yo li pou li rele yo pa yo pou tout tan.
1477  GEN 49:3  Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.