3 | GEN 1:3 | Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. |
5 | GEN 1:5 | Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a. |
6 | GEN 1:6 | Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. |
7 | GEN 1:7 | Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase. |
8 | GEN 1:8 | Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a. |
9 | GEN 1:9 | Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. |
11 | GEN 1:11 | Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. |
13 | GEN 1:13 | Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a. |
14 | GEN 1:14 | Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. |
15 | GEN 1:15 | Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. |
19 | GEN 1:19 | Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a. |
20 | GEN 1:20 | Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. |
22 | GEN 1:22 | Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a. |
23 | GEN 1:23 | Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a. |
24 | GEN 1:24 | Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. |
30 | GEN 1:30 | Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase. |
31 | GEN 1:31 | Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a. |
33 | GEN 2:2 | Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. |
35 | GEN 2:4 | Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la, |
38 | GEN 2:7 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan. |
39 | GEN 2:8 | Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. |
40 | GEN 2:9 | Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. |
42 | GEN 2:11 | Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. |
43 | GEN 2:12 | Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. |
44 | GEN 2:13 | Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. |
45 | GEN 2:14 | Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. |
46 | GEN 2:15 | Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'. |
47 | GEN 2:16 | Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. |
49 | GEN 2:18 | Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'. |
50 | GEN 2:19 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt. |
51 | GEN 2:20 | Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'. |
52 | GEN 2:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. |
55 | GEN 2:24 | Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl. |
57 | GEN 3:1 | Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? |
59 | GEN 3:3 | Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri. |
60 | GEN 3:4 | Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. |
64 | GEN 3:8 | Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo. |
65 | GEN 3:9 | Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye? |
67 | GEN 3:11 | Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a? |
69 | GEN 3:13 | Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'. |
70 | GEN 3:14 | Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. |
75 | GEN 3:19 | Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. |
77 | GEN 3:21 | Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo. |
78 | GEN 3:22 | Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan. |
79 | GEN 3:23 | Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. |
80 | GEN 3:24 | Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a. |
83 | GEN 4:3 | Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. |
84 | GEN 4:4 | Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. |
86 | GEN 4:6 | Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? |
87 | GEN 4:7 | Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. |
89 | GEN 4:9 | Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'? |
90 | GEN 4:10 | Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. |
93 | GEN 4:13 | Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'. |
95 | GEN 4:15 | Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li. |
96 | GEN 4:16 | Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a. |
98 | GEN 4:18 | Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk. |
100 | GEN 4:20 | Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt. |
101 | GEN 4:21 | Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif. |
104 | GEN 4:24 | Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
106 | GEN 4:26 | Sèt, pou tèt pa l', vin gen yon pitit gason, li rele l' Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a. |
109 | GEN 5:3 | Adan te gen santrantan (0130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. |
110 | GEN 5:4 | Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
112 | GEN 5:6 | Sèt te gen sansenkan (0105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. |
113 | GEN 5:7 | Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
114 | GEN 5:8 | Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (0912 an). |
135 | GEN 5:29 | Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. |
138 | GEN 5:32 | Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
140 | GEN 6:2 | Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo. |
141 | GEN 6:3 | Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv. |
142 | GEN 6:4 | Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo. |
143 | GEN 6:5 | Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. |
145 | GEN 6:7 | Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo. |
148 | GEN 6:10 | Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
160 | GEN 6:22 | Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè. |
161 | GEN 7:1 | Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. |
165 | GEN 7:5 | Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a. |
170 | GEN 7:10 | Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè. |
171 | GEN 7:11 | Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a. |
173 | GEN 7:13 | Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, |
176 | GEN 7:16 | Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. |
183 | GEN 7:23 | Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. |
186 | GEN 8:2 | Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. |
187 | GEN 8:3 | Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (0150) jou dlo yo te konmanse bese. |