28 | GEN 1:28 | Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. |
41 | GEN 2:10 | Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. |
42 | GEN 2:11 | Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. |
43 | GEN 2:12 | Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. |
44 | GEN 2:13 | Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. |
54 | GEN 2:23 | Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti. |
62 | GEN 3:6 | Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou. |
64 | GEN 3:8 | Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo. |
66 | GEN 3:10 | Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni. |
70 | GEN 3:14 | Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. |
72 | GEN 3:16 | Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. |
73 | GEN 3:17 | Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. |
75 | GEN 3:19 | Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. |
80 | GEN 3:24 | Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a. |
81 | GEN 4:1 | Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. |
87 | GEN 4:7 | Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. |
91 | GEN 4:11 | Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou. |
92 | GEN 4:12 | Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. W'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. |
94 | GEN 4:14 | Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'. |
97 | GEN 4:17 | Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan. |
98 | GEN 4:18 | Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk. |
105 | GEN 4:25 | Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt. |
127 | GEN 5:21 | Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. |
128 | GEN 5:22 | Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
130 | GEN 5:24 | Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. |
131 | GEN 5:25 | Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. |
132 | GEN 5:26 | Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
133 | GEN 5:27 | Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (0969 an). |
135 | GEN 5:29 | Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. |
143 | GEN 6:5 | Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. |
147 | GEN 6:9 | Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. |
149 | GEN 6:11 | Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. |
151 | GEN 6:13 | Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. |
152 | GEN 6:14 | Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon. |
158 | GEN 6:20 | Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri. |
161 | GEN 7:1 | Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. |
162 | GEN 7:2 | Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite. |
163 | GEN 7:3 | Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. |
167 | GEN 7:7 | Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an. |
175 | GEN 7:15 | Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. |
176 | GEN 7:16 | Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. |
185 | GEN 8:1 | Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese. |
191 | GEN 8:7 | Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. |
197 | GEN 8:13 | Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (0601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch. |
198 | GEN 8:14 | Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt. |
204 | GEN 8:20 | Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. |
205 | GEN 8:21 | Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la. |
206 | GEN 8:22 | Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann. |
209 | GEN 9:3 | Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje. |
221 | GEN 9:15 | Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. |
222 | GEN 9:16 | Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè. |
227 | GEN 9:21 | Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li. |
229 | GEN 9:23 | Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni. |
231 | GEN 9:25 | Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo. |
237 | GEN 10:2 | Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. |
238 | GEN 10:3 | Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama. |
239 | GEN 10:4 | Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim. |
240 | GEN 10:5 | Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. |
241 | GEN 10:6 | Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. |
242 | GEN 10:7 | Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan. |
243 | GEN 10:8 | Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè. |
244 | GEN 10:9 | Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd. |
251 | GEN 10:16 | Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach, |
254 | GEN 10:19 | Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha. |
255 | GEN 10:20 | Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. |
257 | GEN 10:22 | Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram. |
258 | GEN 10:23 | Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach. |
259 | GEN 10:24 | Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè. |
265 | GEN 10:30 | Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a. |
266 | GEN 10:31 | Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon. |
267 | GEN 10:32 | tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo. |
270 | GEN 11:3 | Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. |
277 | GEN 11:10 | Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. |
279 | GEN 11:12 | Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. |
302 | GEN 12:3 | M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. |
305 | GEN 12:6 | Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a. |
315 | GEN 12:16 | Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l'. |
318 | GEN 12:19 | Poukisa ou te di m' se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l' pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l', al fè wout ou. |
321 | GEN 13:2 | Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò. |
327 | GEN 13:8 | Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo. |
328 | GEN 13:9 | Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat. |
330 | GEN 13:11 | Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe. |
332 | GEN 13:13 | Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a. |
336 | GEN 13:17 | Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li. |