| 1 | GEN 1:1 | Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. |
| 2 | GEN 1:2 | Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. |
| 3 | GEN 1:3 | Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. |
| 4 | GEN 1:4 | Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. |
| 5 | GEN 1:5 | Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a. |
| 6 | GEN 1:6 | Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. |
| 7 | GEN 1:7 | Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase. |
| 8 | GEN 1:8 | Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a. |
| 9 | GEN 1:9 | Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. |
| 10 | GEN 1:10 | Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
| 11 | GEN 1:11 | Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. |
| 12 | GEN 1:12 | Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
| 13 | GEN 1:13 | Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a. |
| 14 | GEN 1:14 | Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. |
| 15 | GEN 1:15 | Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. |
| 16 | GEN 1:16 | Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. |
| 17 | GEN 1:17 | Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, |
| 18 | GEN 1:18 | pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
| 19 | GEN 1:19 | Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a. |
| 20 | GEN 1:20 | Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. |
| 21 | GEN 1:21 | Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. |
| 22 | GEN 1:22 | Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a. |