538 | GEN 21:24 | Abraram reponn. -M' fè sèman. |
5950 | JOS 5:14 | Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? |
6981 | JDG 16:30 | Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li. |
7232 | 1SA 1:18 | Ana reponn li: -M' espere ou p'ap janm bliye m'! Epi li leve, l' al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa t' menm moun lan ankò. |
7953 | 1SA 28:8 | Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'. |
8561 | 2SA 20:4 | Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'. |
9387 | 1KI 18:43 | Li di domestik li a: -Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade. |
9394 | 1KI 19:4 | Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo. |
9429 | 1KI 20:18 | Lè sa a, li di: -M' pa bezwen konnen si y'ap vin pou goumen osinon pou mande lapè, kenbe yo vivan mennen ban mwen. |
9460 | 1KI 21:6 | Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan. |
10777 | 1CH 13:12 | Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a! |
10952 | 1CH 21:13 | David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè! |
11994 | 2CH 35:23 | Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale. |
12409 | NEH 6:3 | Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M' okipe ak yon travay enpòtan, m' pa ka desann. Si m' kite travay la pou m' ale kote nou, li pral sispann. |
12880 | JOB 1:7 | Seyè a mande l' konsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -M' sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! |