555 | GEN 22:7 | Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? |
578 | GEN 23:6 | -Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou. |
583 | GEN 23:11 | -Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou. |
586 | GEN 23:14 | Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou: |
594 | GEN 24:2 | Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman. |
598 | GEN 24:6 | Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a! |
604 | GEN 24:12 | Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen. |
609 | GEN 24:17 | Domestik la kouri al jwenn li, li di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a non. |
650 | GEN 24:58 | Yo rele Rebeka, yo mande l': -Eske ou vle ale ak nonm sa a? Li reponn: -Wi, mwen vle ale. |
652 | GEN 24:60 | Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo. |
709 | GEN 26:16 | Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. |
803 | GEN 29:7 | Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje? |
845 | GEN 30:14 | Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a. |
846 | GEN 30:15 | Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan. |
958 | GEN 32:30 | Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb. |
1012 | GEN 34:31 | Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès! |
1090 | GEN 37:6 | Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè. |
1098 | GEN 37:14 | Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, |
1144 | GEN 38:24 | Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri. |
1237 | GEN 41:41 | Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. |
1263 | GEN 42:10 | Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la. |
1290 | GEN 42:37 | Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou. |
1329 | GEN 44:4 | Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen? |
1341 | GEN 44:16 | Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou. |
1343 | GEN 44:18 | Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an. |
1385 | GEN 45:26 | Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo. |
1461 | GEN 48:9 | Jozèf reponn li: -Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: -Tanpri, fè yo pwoche pi pre m' pou m' ka beni yo. |
1532 | GEN 50:25 | Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou. |
1603 | EXO 4:1 | Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen. |
1620 | EXO 4:18 | Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze. |
1648 | EXO 5:15 | Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa? |
1655 | EXO 5:22 | Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'? |
1803 | EXO 10:25 | Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an? |
1848 | EXO 12:31 | Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a. |
1945 | EXO 15:24 | Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a? |
2048 | EXO 19:21 | Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri. |
2450 | EXO 32:11 | Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? |
2461 | EXO 32:22 | Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal. |
2492 | EXO 33:18 | Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! |
2573 | EXO 36:6 | Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann. |
4020 | NUM 10:31 | Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid. |
4071 | NUM 12:11 | Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la! |
4073 | NUM 12:13 | Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non! |
4381 | NUM 22:5 | Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an. |
4461 | NUM 24:14 | Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo. |
4745 | NUM 32:25 | Moun fanmi Woubenn yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: -Mèt, n'ap fè tou sa ou mande nou fè. |
5875 | JOS 2:4 | Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti. |
5933 | JOS 4:21 | Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a, |
5985 | JOS 7:7 | Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an! |
6047 | JOS 9:8 | Moun Evi yo di Jozye: -Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou soti? |
6048 | JOS 9:9 | Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, |
6063 | JOS 9:24 | Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. |
6072 | JOS 10:6 | Moun lavil Gabawon yo voye mesaje nan kan Gilgal la di Jozye konsa: -Mèt, tanpri, pa lage nou! Prese vin jwenn nou pou ede nou, pou delivre nou. Paske tout wa moun Amori ki rete nan mòn yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè nou pou yo fini ak nou. |
6500 | JOS 24:22 | Lè sa a, Jozye di pèp la: -Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Seyè a n'ap sèvi. Yo reponn: -Wi, nou tout temwen. |
6589 | JDG 3:19 | Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l' konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l' yo soti. |
6620 | JDG 4:19 | Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò. |
6668 | JDG 6:12 | Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou! |
6669 | JDG 6:13 | Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou. |
6671 | JDG 6:15 | Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'. |
6695 | JDG 6:39 | Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a. |
6709 | JDG 7:13 | Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. |
6720 | JDG 7:24 | Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara. |
6726 | JDG 8:5 | Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo. |
6758 | JDG 9:2 | -Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye! |
6787 | JDG 9:31 | Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Y'ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre. |
6840 | JDG 11:9 | Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi! |
6867 | JDG 11:36 | Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m' sa ou te di w'ap fè m' lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo. |
6894 | JDG 13:8 | Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la. |
6897 | JDG 13:11 | Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen. |
6901 | JDG 13:15 | Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. |
6914 | JDG 14:3 | Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen. |
6927 | JDG 14:16 | Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'? |
6957 | JDG 16:6 | Se konsa, Dalila al di Samson: -Tanpri, di m' sa ki ba ou tout fòs sa a. Manyè di m' kouman yo ta ka mare ou pou kraze kouraj ou. |
7000 | JDG 18:5 | Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an. |
7032 | JDG 19:6 | Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non! |
7049 | JDG 19:23 | Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. |
7095 | JDG 20:39 | moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an. |
7149 | RUT 1:20 | reponn yo: -Tanpri, pa rele m' Naomi. Pito nou rele m' Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m' soufri anpil. |
7173 | RUT 2:22 | Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou. |
7190 | RUT 3:16 | Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li. |
7193 | RUT 4:1 | Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita. |
7203 | RUT 4:11 | Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. |
7222 | 1SA 1:8 | Elkana, mari li, di l' konsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason. |
7225 | 1SA 1:11 | Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li. |
7294 | 1SA 3:16 | Men Eli rele l': -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi! |
7321 | 1SA 4:22 | Li t'ap di: -Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. |
7409 | 1SA 9:16 | -Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou. |
7411 | 1SA 9:18 | Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinò a. |
7417 | 1SA 9:24 | Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a. |
7481 | 1SA 12:19 | Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou. |
7588 | 1SA 15:26 | Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. |
7607 | 1SA 16:10 | Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo. |
7608 | 1SA 16:11 | Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. |
7615 | 1SA 16:18 | Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li. |
7619 | 1SA 16:22 | Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil. |
7652 | 1SA 17:32 | David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l'. |
7653 | 1SA 17:33 | Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l' jenn gason. |
7654 | 1SA 17:34 | David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, |
7657 | 1SA 17:37 | David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou! |
7675 | 1SA 17:55 | Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'. |