430 | GEN 18:5 | 'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a. |
610 | GEN 24:18 | Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè. |
625 | GEN 24:33 | Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di: -Anvan m' manje, se pou m' di sa m' gen pou m' di a. Laban di l': -Bon. Pale non. |
649 | GEN 24:57 | Yo di l': -Bon. Ann rele fi a. Ann mande l' sa l' di nan sa. |
691 | GEN 25:32 | Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'? |
746 | GEN 27:18 | Jakòb al jwenn papa l', li di: -Papa. Izarak reponn li: -Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a? |
817 | GEN 29:21 | Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'. |
834 | GEN 30:3 | Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou. |
865 | GEN 30:34 | Laban reponn li: -Dakò. n'a fè l' jan ou di l' la. |
956 | GEN 32:28 | Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb. |
971 | GEN 33:10 | Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen. |
973 | GEN 33:12 | Li di: -Bon. Ann pati. Ann ale. M'ap pran devan ou. |
976 | GEN 33:15 | Ezaou di l': -Bon. m'a kite kèk moun nan moun pa m' yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay. |
1133 | GEN 38:13 | Yo fè Tama konn sa, yo di l': -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l' fè taye lenn mouton li yo. |
1302 | GEN 43:11 | Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa. |
1335 | GEN 44:10 | Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale. |
1473 | GEN 48:21 | Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo. |
1542 | EXO 1:9 | Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou. |
1593 | EXO 3:13 | Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo? |
1638 | EXO 5:5 | Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo? |
2562 | EXO 35:30 | Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. |
4019 | NUM 10:30 | Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'. |
4107 | NUM 13:31 | Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou. |
4330 | NUM 20:18 | Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou. |
4384 | NUM 22:8 | Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram. |
5953 | JOS 6:2 | Seyè a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo. |
6499 | JOS 24:21 | Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi! |
6610 | JDG 4:9 | Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak. |
6792 | JDG 9:36 | Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun! |
6898 | JDG 13:12 | -Manoak di l': -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fè ak sa pou l' pa fè? |
7079 | JDG 20:23 | Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale. |
7197 | RUT 4:5 | Lè sa a Bòz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, vèv pitit Elimelèk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pèdi, epi pou tè a ka rete nan fanmi defen an tou. |
8039 | 2SA 1:14 | David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'? |
8053 | 2SA 2:1 | Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon. |
8097 | 2SA 3:13 | David reponn li: -Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m'. |
8274 | 2SA 11:12 | David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò. |
8414 | 2SA 15:22 | Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. |
8484 | 2SA 18:3 | Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (010.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou. |
8501 | 2SA 18:20 | Joab reponn li: -Non. Jòdi a pa gen bon nouvèl pou ou pote. Yon lòt jou va gen bon nouvèl pou ou pote. Men jòdi a, ou p'ap pote ankenn nouvèl bay wa a, paske se pitit gason wa a menm ki mouri. |
8511 | 2SA 18:30 | Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann. |
8552 | 2SA 19:39 | Wa a reponn li: -Bon. M'ap pran l' avè m'. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m', m'a fè l' pou ou. |
8719 | 2SA 24:24 | Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. |
8803 | 1KI 2:30 | Benaja ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa: -Wa a bay lòd pou ou soti la a. Joab reponn: -Non. Se isit la m'ap mouri. Benaja tounen al jwenn wa a, li rapòte l' repons Joab te ba li a. |
10963 | 1CH 21:24 | Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a. |
12269 | EZR 10:12 | Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè! |
12330 | NEH 2:18 | Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. |
20048 | JER 42:4 | Jeremi reponn yo: -Dakò. Mwen pral lapriyè Seyè a, Bondye nou an, jan nou mande m' lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Seyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen. |
20613 | EZK 4:15 | Lè sa a, Bondye di m' konsa: -Dakò. M'ap kite ou pran kaka bèf pito pase okabennen moun. Ou mèt fè dife avè l' pou kwit pen ou lan. |
22154 | DAN 12:4 | Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè. |
22646 | JON 4:9 | Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri. |
24930 | MRK 15:35 | Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l' pale. Yo di: -Koute. Men l'ap rele Eli. |