Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   Word:    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

11  GEN 1:11  Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.
12  GEN 1:12  Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
93  GEN 4:13  Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
95  GEN 4:15  Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li.
103  GEN 4:23  Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò.
105  GEN 4:25  Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt.
107  GEN 5:1  Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
135  GEN 5:29  Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
138  GEN 5:32  Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
141  GEN 6:3  Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv.
142  GEN 6:4  Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
145  GEN 6:7  Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.
148  GEN 6:10  Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
151  GEN 6:13  Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
161  GEN 7:1  Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.
181  GEN 7:21  Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun.
199  GEN 8:15  Lè sa a, Bondye di Noe:
211  GEN 9:5  Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
214  GEN 9:8  Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:
217  GEN 9:11  Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.
224  GEN 9:18  Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.
237  GEN 10:2  Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
242  GEN 10:7  Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.
243  GEN 10:8  Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè.
245  GEN 10:10  Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.
246  GEN 10:11  Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak.
294  GEN 11:27  Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.
311  GEN 12:12  Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'.
333  GEN 13:14  Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès,
374  GEN 15:13  Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an).
396  GEN 16:14  Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.
408  GEN 17:10  Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
430  GEN 18:5  'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.
478  GEN 19:20  Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'.
479  GEN 19:21  Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan.
492  GEN 19:34  Nan denmen, pi gran an di pi piti a. Yèswa, mwen te kouche ak papa m'. Aswè a se tout pa ou: N'ap fè l' bwè diven ankò jouk li sou. Epi w'a al kouche avè l', pou nou de nou kapab fè pitit pou papa nou.
503  GEN 20:7  Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
509  GEN 20:13  Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye.
521  GEN 21:7  Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.
524  GEN 21:10  Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
555  GEN 22:7  Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?
556  GEN 22:8  Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.
562  GEN 22:14  Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
563  GEN 22:15  Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
568  GEN 22:20  Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la.
572  GEN 22:24  Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.
575  GEN 23:3  Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa:
577  GEN 23:5  Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa:
580  GEN 23:8  Li di yo: -Si nou dakò pou m' antere madanm mwen isit la, pou m' wete kadav li devan je m', koute sa m'ap di nou. Nou konnen Efwon, pitit gason Zoka a? Pale avè l' pou mwen.
582  GEN 23:10  Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li:
583  GEN 23:11  -Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou.
585  GEN 23:13  Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'.
586  GEN 23:14  Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou:
594  GEN 24:2  Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.
598  GEN 24:6  Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a!
604  GEN 24:12  Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen.
609  GEN 24:17  Domestik la kouri al jwenn li, li di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a non.
610  GEN 24:18  Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè.
616  GEN 24:24  Jenn fi a reponn: -Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò.
617  GEN 24:25  Li di l' anko: -Lakay nou, nou gen kont pay zèb pou chamo ou yo. Wa jwenn kote pou ou pase nwit la tou.
619  GEN 24:27  Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an.
625  GEN 24:33  Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di: -Anvan m' manje, se pou m' di sa m' gen pou m' di a. Laban di l': -Bon. Pale non.
626  GEN 24:34  Msye pran lapawòl, li di: -Mwen se domestik Abraram.
631  GEN 24:39  Lè sa a, mwen di mèt mwen: Bon, si fi a pa vle vini avè m', kisa pou m' fè?
632  GEN 24:40  Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan.
634  GEN 24:42  Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.
635  GEN 24:43  Gade, m'ap rete kanpe bò sous dlo a. Lè m'a wè yon jenn fi k'ap vin chache dlo nan pi a, m'a va di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a pou m' bwè. Si li reponn mwen:
639  GEN 24:47  Mwen mande l': Pitit ki moun ou ye? Li reponn mwen: Mwen se pitit fi Betwèl, pitit gason Milka ak Nakò. Lè sa a, mwen mete zanno a nan nen l', mwen mete braslè sa yo nan bra l'.
642  GEN 24:50  Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa.
646  GEN 24:54  Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di: -Kite m' tounen al jwenn mèt mwen.
647  GEN 24:55  Men, frè a avèk manman an di konsa: -Kite fi a pase dis jou ankò avèk nou non. Apre sa, n'a pati.
648  GEN 24:56  Li reponn yo: -Pa ban m' reta. Seyè a pa fè m' vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m' al jwenn mèt mwen.
650  GEN 24:58  Yo rele Rebeka, yo mande l': -Eske ou vle ale ak nonm sa a? Li reponn: -Wi, mwen vle ale.
657  GEN 24:65  Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.
661  GEN 25:2  Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak.
662  GEN 25:3  Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.
663  GEN 25:4  Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.
681  GEN 25:22  De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: -Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? li al lapriyè Seyè a.
682  GEN 25:23  Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
689  GEN 25:30  Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.
691  GEN 25:32  Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'?
692  GEN 25:33  Jakòb di li: -Fè m' sèman anvan. Ezaou fè sèman ba li, li vann li dwa l' kòm premye pitit.
702  GEN 26:9  Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye.
704  GEN 26:11  Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.
709  GEN 26:16  Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.
713  GEN 26:20  Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
715  GEN 26:22  Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.
717  GEN 26:24  Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
720  GEN 26:27  Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!
721  GEN 26:28  Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
729  GEN 27:1  Izarak te fin vye granmoun, je l' pa t' bon, li pa t' kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezaou, li di l' konsa: -Pitit mwen, Ezaou reponn li: -Men mwen wi, papa.
734  GEN 27:6  Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a: -Men mwen fèk tande papa ou di Ezaou, frè ou la:
736  GEN 27:8  Koulye a, pitit mwen, koute sa m'ap di ou: Fè sa m'ap mande ou la.
741  GEN 27:13  Men manman an reponn: -Madichon la ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen.
746  GEN 27:18  Jakòb al jwenn papa l', li di: -Papa. Izarak reponn li: -Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a?
747  GEN 27:19  Jakòb reponn: -Se mwen menm Ezaou, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m' fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, wa ban mwen benediksyon.
748  GEN 27:20  Izarak di Jakòb: -Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: -Seyè a, Bondye ou la, ede m'. Li fè jibye a vin devan mwen.
749  GEN 27:21  Izarak di: -Pwoche non. Vini mwen manyen ou, pitit mwen, pou m' wè si wi ou non ou se Ezaou, pitit mwen an.
750  GEN 27:22  Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l', ki manyen l'. Epi Izarak di: -Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezaou.
752  GEN 27:24  Li di l': -Se vre, se Ezaou, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: -Se mwen wi.