Wildebeest analysis examples for:   hat-hat   —Word    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

9540  2KI 1:3  Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: —Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.
9542  2KI 1:5  Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: —Poukisa nou tounen?
9543  2KI 1:6  Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9544  2KI 1:7  Wa a mande yo: —Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
9545  2KI 1:8  Msye yo reponn li: —Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: —Se Eli, moun lavil Tichbe a.
9546  2KI 1:9  Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: —Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.
9547  2KI 1:10  Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9548  2KI 1:11  Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: —Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.
9549  2KI 1:12  Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
9552  2KI 1:15  Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: —Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.
9553  2KI 1:16  Li di wa a konsa: —Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
9557  2KI 2:2  Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
9558  2KI 2:3  Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
9559  2KI 2:4  Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
9560  2KI 2:5  Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
9561  2KI 2:6  Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
9564  2KI 2:9  Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
9565  2KI 2:10  Eli di li: —Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.
9567  2KI 2:12  Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: —Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
9569  2KI 2:14  Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
9570  2KI 2:15  Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
9573  2KI 2:18  Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: —Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!
9575  2KI 2:20  Elize di yo: —Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.
9576  2KI 2:21  Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: —Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.
9578  2KI 2:23  Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: —Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
9587  2KI 3:7  Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: —Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: —Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
9591  2KI 3:11  Jozafa mande: —Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: —Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
9592  2KI 3:12  Jozafa di: —Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
9593  2KI 3:13  Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
9594  2KI 3:14  Elize reponn: —Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.
9596  2KI 3:16  Elize di: —Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
9603  2KI 3:23  Yo di: —Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
9608  2KI 4:1  Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
9609  2KI 4:2  Elize mande l': —Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: —Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.
9610  2KI 4:3  Lè sa a Elize di li: —Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
9613  2KI 4:6  Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. —Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.
9620  2KI 4:13  Elize di Gerazi konsa: —Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: —Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la.
9621  2KI 4:14  Elize mande Gerazi: —Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: —Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun!
9622  2KI 4:15  Elize di: —Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
9623  2KI 4:16  Elize di li: —Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: —Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.
9626  2KI 4:19  li rete konsa, li di papa l': —Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: —Pote ti gason an bay manman l'.
9630  2KI 4:23  Mari a mande l': —Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: —Sa pa fè anyen!
9631  2KI 4:24  Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: —Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete.
9632  2KI 4:25  Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: —Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.
9634  2KI 4:27  Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: —Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
9636  2KI 4:29  Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: —Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.
9637  2KI 4:30  Men manman ti gason an di Elize konsa: —Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.
9638  2KI 4:31  Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': —Ti gason an pa leve.
9643  2KI 4:36  Elize rele Gerazi, li di l': —Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': —Men pitit gason ou lan.
9645  2KI 4:38  Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
9647  2KI 4:40  Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: —Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.
9648  2KI 4:41  Men Elize di: —Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: —Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.
9650  2KI 4:43  Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
9654  2KI 5:3  Yon jou, li di metrès li a: —Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.
9658  2KI 5:7  Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: —Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
9659  2KI 5:8  Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': —Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
9661  2KI 5:10  Men Elize voye yon mesaje di l': —Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
9662  2KI 5:11  Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: —Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.
9666  2KI 5:15  Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
9667  2KI 5:16  Men Elize di l': —Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.
9670  2KI 5:19  Elize reponn li: —Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,
9671  2KI 5:20  Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': —Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
9672  2KI 5:21  Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': —Ki malè ki rive?
9673  2KI 5:22  Gerazi reponn li: —Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.
9677  2KI 5:26  Elize di li: —Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
9680  2KI 6:2  Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: —Ale non!
9684  2KI 6:6  Elize mande l': —Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.
9685  2KI 6:7  Elize di l': —Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.
9689  2KI 6:11  Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
9691  2KI 6:13  Wa peyi Siri a di: —Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan.
9694  2KI 6:16  Elize reponn li: —Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
9697  2KI 6:19  Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: —Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari.
9699  2KI 6:21  Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo?
9705  2KI 6:27  Wa a reponn: —Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven?
9706  2KI 6:28  Sa ou genyen? Madanm lan reponn: —Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la.
9709  2KI 6:31  Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
9711  2KI 6:33  Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?
9712  2KI 7:1  Elize reponn li: —Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.
9713  2KI 7:2  Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!
9714  2KI 7:3  Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: —Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?
9720  2KI 7:9  Men lè sa a, yonn di lòt konsa: —Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!
9721  2KI 7:10  Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: —Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.
9723  2KI 7:12  Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: —Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.
9724  2KI 7:13  Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: —Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.
9739  2KI 8:8  Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: —Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.
9740  2KI 8:9  Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: —Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
9741  2KI 8:10  Elize reponn: —Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè.
9743  2KI 8:12  Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
9744  2KI 8:13  Azayèl mande l': —Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: —Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
9745  2KI 8:14  Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': —Sa Elize di ou? Li reponn: —Li di m' li sèten w'ap refè.
9761  2KI 9:1  Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
9765  2KI 9:5  Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: —Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': —Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: —Pou ou wi, chèf.
9766  2KI 9:6  Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: —Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
9771  2KI 9:11  Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': —Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: —Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!
9772  2KI 9:12  Mesye yo reponn: —Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: —Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.
9773  2KI 9:13  Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: —Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
9775  2KI 9:15  Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: —Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
9777  2KI 9:17  Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
9778  2KI 9:18  Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': —Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.
9779  2KI 9:19  Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: —Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.